BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 43 p. 234-p. 235 par. 3
  • Itilize referans yo ba w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Itilize referans yo ba w yo
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou w prepare patisipasyon yo ba w fè nan lekòl la
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fason pou w prepare diskou ki pou frè ak sè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fason pou w fè yon plan pou yon diskou
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fè pwen prensipal yo parèt byen klè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 43 p. 234-p. 235 par. 3

LESON 43

Itilize referans yo ba w yo

Ki sa pou w fè?

Fè diskou w la sou baz sijè yo ba w la, e si yo ba w yon referans presi pou w jwenn enfòmasyon yo, pran vèsè yo ak pwen prensipal yo ladan l.

Poukisa sa enpòtan?

Lè nou sèvi ak enfòmasyon yo ban nou pou nou devlope diskou nou yo, nou montre nou respekte pwogram ansèyman esklav fidèl ki prevwayan an mete anplas la.

LABIB konpare kongregasyon kretyen an ak kò moun. Chak pati ladan l nesesè, men ‘yo tout pa jwe menm wòl’. Ann amoni ak pawòl sa yo, nou ta dwe byen ranpli kèlkeswa responsablite yo konfye nou. Sa mande pou nou byen konprann kèlkeswa patisipasyon yo ban nou fè e pou nou byen fè l, san nou pa bay kèk sijè mwens enpòtans pase lòt paske nou panse lòt sijè yo pi enteresan (Wom. 12:4-8). Esklav fidèl ki prevwayan an gen responsablite pou l bay manje espirityèl “nan bon moman”. (Mat. 24:45.) Lè nou sèvi ak kapasite nou genyen pou nou fè diskou yo ann amoni ak enstriksyon esklav la ban nou, nou montre nou gen rekonesans pou esklav la ki gen gwo responsablite sa a. Sa ap pèmèt kongregasyon an byen fonksyone.

Ki kote pou w pran enfòmasyon yo? Lè yo ba w yon sijè pou w prezante nan lekòl la, veye pou se sijè sa a ou devlope. Pa devlope yon lòt bagay. Byen souvan, y ap ba w referans kote pou w jwenn enfòmasyon yo. Men, si yo pa di w nan ki piblikasyon pou w pran enfòmasyon w ap itilize kòm baz pou diskou a, ou ka pran enfòmasyon yo kote w vle. Sepandan, toutpandan w ap prepare diskou a, asire w tout diskou a chita sou sijè yo ba w la. Lè w ap deside sa pou w mete nan diskou a, ou bezwen panse tou ak moun ki pral koute w yo.

Etidye enfòmasyon ki nan referans yo ba w pou w fè diskou a avèk swen, analize vèsè ki ladan l yo. Ansuit, egzamine pou w wè ki jan w ka byen sèvi ak enfòmasyon w jwenn yo pou w fè moun ki pral koute w yo byen pwofite diskou a. Chwazi de pwen oswa petèt twa pwen pou w itilize kòm pwen prensipal nan diskou a. Menm jan an tou, se nan referans yo ba w pou diskou a pou w chwazi vèsè w prevwa li e w prevwa egzamine yo.

Ki kantite enfòmasyon ou ta dwe pran pou w itilize nan diskou w la? Sèlman yon kantite ou ka byen itilize. Pa chèche bay moun yo anpil enfòmasyon nan pwen pou w diminye kalite ansèyman w ap bay la. Si gen nan enfòmasyon yo ki pa mache ak objektif diskou w la, pa itilize yo, konsantre w sèlman sou enfòmasyon k ap ede w atenn objektif sa a. Nan enfòmasyon w jwenn nan referans yo ba w pou diskou a, itilize sa k ap pi enstwi moun yo e k ap pi itil yo. Ann amoni ak teknik pou moun byen pale n ap egzamine la a, objektif ou se pa pou w wè sou ki kantite enfòmasyon ou ka pale, men se pou w byen itilize enfòmasyon ki nan referans yo ba w kòm baz diskou w la.

Sa pa vle di diskou w la dwe tou senpleman yon rezime sou enfòmasyon yo bay yo. Ou dwe prepare w pou w esplike yon seri pwen, pou w bay plis detay sou yo, pou w pran egzanp pou w ede moun yo konprann yo e petèt pou w montre yo fason pou yo aplike yo. Si w ap ajoute lòt ide, se ta dwe nan objektif pou ede w devlope pwen enpòtan ki nan referans yo ba w pou diskou a, se pa ta dwe pou ranplase pwen sa yo.

Rive yon lè, yo konn mande frè ki gen kalifikasyon nesesè antanke anseyan yo pou yo bay enstriksyon nan reyinyon sèvis la. Frè sa yo konprann li nesesè pou yo byen sèvi ak enfòmasyon ki nan referans yo ba yo pou diskou a olye yo ranplase yo ak lòt bagay. Menm jan an tou, yo bay frè k ap bay diskou piblik yo yon chema diskou pou yo suiv. Chema sa yo ba yo yon sèten libète, men tou ladan yo, yo jwenn pwen prensipal pou yo devlope yo, rezònman ki kore pwen sa yo ansanm ak vèsè ki sèvi kòm baz pou diskou a. Lè w aprann anseye sou baz enfòmasyon ki nan referans yo ba w pou diskou a se yon fòmasyon enpòtan w ap resevwa k ap prepare w pou w jwenn lòt patisipasyon pi devan.

Fòmasyon sa a ka ede w tou pou w kondui etid biblik k ap pwogrese. Ou bezwen aprann konsantre w sou enfòmasyon w ap etidye ak moun yo olye w detounen atansyon yo sou sijè a lè w mete aksan sou lòt bagay ki ka enteresan, men ki pa nesesè pou yo konprann sijè a. Sepandan, si w konprann vrè objektif leson sa a, ou pap vin tèlman kole sou enfòmasyon w ap etidye ak yon moun pou w ta neglije ba li lòt esplikasyon li ka bezwen.

FASON POU W FÈ SA

  • Sèvi sèlman ak enfòmasyon ki gen yon rapò dirèk ak sijè yo ba ou a.

  • Si diskou yo ba w fè a mande pou w sèvi ak yon seri enfòmasyon ki nan referans yo ba w pou diskou a, chwazi pwen prensipal ak vèsè kle w ap itilize yo nan enfòmasyon sa yo, olye w pran yo yon lòt kote.

EGZÈSIS: Pandan twa jou, lè w ap li tèks pou jounen an, ansèkle mo oswa gwoup mo ki montre sou ki sijè y ap pale nan tèks la. Souliye youn oswa de kòmantè tou kout ki gen rapò dirèk ak sijè sa a. Apre sa, pale sou sijè a avèk pwòp mo pa w pandan w ap itilize vèsè ak pwen w te souliye yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje