Fason pou w prepare patisipasyon yo ba w fè nan lekòl la
CHAK fwa yo ba w yon patisipasyon pou w fè nan lekòl la, se yon posiblite w genyen pou w pwogrese. Konsantre w sou li seryezman e ofiramezi, w ap wè pwogrè w ap parèt aklè e lòt moun ap wè sa tou (1 Tim. 4:15). Lekòl la ap ede w devlope yon seri kapasite ou genyen plis toujou.
Lè w konnen w pral pale devan kongregasyon an, èske sa fè w strese? Se yon bagay ki nòmal, menmsi w gen anpil tan depi w elèv nan lekòl la. Men gen bagay ki ka ede w diminye strès ou genyen an. Lè w lakay ou, pran abitid li awotvwa souvan. Nan reyinyon kongregasyon an, fè kòmantè souvan, e si w se yon pwoklamatè, patisipe nan predikasyon regilyèman. Sa ap fè w gen eksperyans nan pale devan moun. Anplis, prepare patisipasyon yo ba w fè nan lekòl la byen lontan alavans, e repete yo awotvwa. Sonje sa, moun ou pral pale devan yo a ap pran plezi koute w. Anvan w fè patisipasyon w yo, priye Jewova. Li kontan bay sèvitè l yo lespri sen lè yo mande l li. — Lik 11:13; Fil. 4:6, 7.
Se pou w rezonab nan sa w ap atann de tèt ou. Sa mande tan pou w vin gen eksperyans antanke oratè e pou w vin yon bon anseyan (Mika 6:8). Si w fèk enskri nan lekòl la, pa atann w ap fè yon patisipasyon ki bon nèt tousuit. Epitou, pa eseye travay sou plizyè teknik pou moun byen pale alafwa, travay yo youn pa youn. Egzamine leson nan liv sa a ki pale sou pwen w ap travay la. Si sa posib, fè egzèsis yo bay nan leson an. Sa ap fè w gen eksperyans anrapò ak teknik sa a anvan w fè patisipasyon w lan devan kongregasyon an. Konsa, w ap pwogrese.
Fason pou w prepare yon lekti yo ba w fè nan lekòl la
Pou w prepare yon lekti w pral fè, sa mande plis pase annik di mo ki nan pòsyon yo ba w pou w li a. Fè efò pou w byen konprann sans sa w pral li yo. Kou w konnen ki pòsyon w pral li, li l pou w byen konprann sans li. Chèche konprann ide ki nan chak fraz e ide yo devlope nan chak paragraf, pou w ka rive prezante ide sa yo yon fason ki egzak e avèk santiman ki apwopriye yo. Kote sa posib, verifye pwononsyasyon kòrèk mo w pa abitye avèk yo nan yon diksyonè oswa mande moun ki byen konn lang lan ki jan pou w byen pwononse mo sa yo. Chèche byen konnen pòsyon w ap li a. Li ka nesesè pou paran yo ede pitit yo nan sans sa a.
Èske se yon pòsyon nan Bib la yo ba w li oswa petèt se kèk paragraf nan yon atik Toudegad? Si sa yo ba w li a disponib nan lang pa w la sou CD oswa ou gen posiblite pran yo sou Entènèt, li ka vrèman itil pou w koute fason yo li a e pou w pran nòt sou fason yo pwononse mo yo, fason yo eksprime ide yo, fason yo mete aksan sou yo e fason yo fè varyasyon nan ton y ap li mo yo. Apre sa, eseye sèvi ak teknik sa yo nan lekti pa w la.
Lè w kòmanse travay sou patisipasyon w lan, byen egzamine leson ki pale sou teknik pou moun byen pale yo ba w travay la. Si sa posib, retounen gade l ankò apre w fin fè lekti yo ba w fè a awotvwa plizyè fwa. Veye pou w suiv konsèy sa a otan w kapab.
Fòmasyon sa a ap itil ou anpil nan travay predikasyon an. Lè w ap patisipe nan travay predikasyon an, ou gen anpil okazyon pou w li pou lòt moun. Piske Pawòl Bondye a gen pouvwa pou l chanje lavi moun, li enpòtan pou w li l byen (Ebre 4:12). Pa atann w ap vin maton nan tout teknik ou bezwen suiv pou w fè yon bon lekti apre youn oswa de patisipasyon. Men sa apot Pòl te ekri yon ansyen ki te gen plizyè ane eksperyans: “Kontinye konsantre w sou lekti an piblik.” — 1 Tim. 4:13.
Sa pou w fè lè yo ba w yon sijè pou w devlope ki mande pou w gen yon kad
Lè yo ba w yon patisipasyon pou w fè nan lekòl la ki mande pou w gen yon kad, ki sa w dwe fè?
Gen twa bagay enpòtan ou dwe reflechi sou yo: 1) sijè yo ba w la, 2) kad la ak moun ou pral pale avè l la, ak 3) leson yo ba w travay la.
Ou bezwen rasanble enfòmasyon ki konsène sijè w la. Men, anvan w al pi lwen, reflechi seryezman sou kad la ak sou moun ou pral pale avè l la, piske bagay sa yo ap gen yon enfliyans sou kalite enfòmasyon ou pral prezante a e l ap gen yon enfliyans sou fason w pral prezante l. Ki kad w ap itilize? Èske w ap chwazi yon kad kote w ap bay yon moun bon nouvèl la? Oswa èske w ap montre ki sa yon moun ka fè lè l rankontre yon moun pou premye fwa? Èske moun nan pi gran pase w oswa li pi piti pase w? Ki jan moun nan ka reyaji devan sijè ou prevwa pale avè l la? Ki kantite enfòmasyon petèt li konnen sou sijè sa a deja? Ki objektif ou vle atenn nan konvèsasyon w ap fè avè l la? Repons kesyon sa yo ap ede w anpil nan preparasyon w ap fè a.
Ki kote w ap jwenn enfòmasyon sou sijè yo ba w la? Soti nan paj 33 rive nan paj 38 nan liv sa a, gen yon chapit ki gen tit: “Fason pou nou fè rechèch.” Li chapit sa a, ansuit sèvi ak zouti ki disponib pou w fè rechèch yo. Souvan, nan yon ti tan, w ap jwenn plis enfòmasyon pase sa ou ka itilize. Li yon kantite enfòmasyon k ap pèmèt ou konnen tout sa ki disponib pou sijè w la. Men pandan w ap fè sa, pa bliye kad ou pral itilize pou w fè patisipasyon w lan e toujou reflechi sou moun ou pral pale avè l la. Note enfòmasyon ou wè w ka itilize nan patisipasyon w lan.
Anvan w òganize ide w yo e anvan w chwazi enfòmasyon w ap itilize toutbonvre yo, pran tan pou w li leson yo ba w travay la. Youn nan rezon enpòtan ki fè yo ba w patisipasyon an se pou w ka aplike konsèy ki nan leson an.
Lè w prezante enfòmasyon yo nan tan yo ba w pou w fè patisipasyon w lan, w ap kapab gentan fè konklizyon ou te prevwa a, piske depi lè w te genyen an fini, y ap ba w yon siyal pou fè w konn sa. Men, nan predikasyon, nou pa toujou gen yon tan pou nou respekte lè n ap pale. Kidonk, lè w ap prepare, panse sou kantite tan w ap genyen pou w pale a, men sa ki pi enpòtan pou w sonje se bay yon bon ansèyman.
Kèk mo sou kad yo. Egzamine kad yo bay nan paj 82 yo epi chwazi youn w ap ka itilize nan travay predikasyon an e k ap pèmèt ou fè patisipasyon w lan ann amoni ak sitiyasyon moun yo ap rankontre toutbon. Si w gen kèk tan depi w se yon elèv nan lekòl la, konsidere okazyon sa a kòm yon posiblite w genyen pou w gen plis ladrès nan travay predikasyon an.
Si siveyan lekòl la ba w yon kad pou w travay, aksepte pou w travay kad sa a. Pifò kad yo gen rapò ak bay temwayaj. Si w potko janm bay temwayaj nan sitiyasyon yo bay yo, chèche konn ki jan w ka fè sa lè w pale ak pwoklamatè ki deja fè sa. Si sa posib, eseye fè patisipasyon w lan nan yon kad ki sanble ak kad ou pral itilize nan lekòl la. Sa ap ede w atenn yon objektif enpòtan nan fòmasyon w ap resevwa a.
Lè se yon diskou w ap bay
Si w se yon frè, yo ka ba w fè yon diskou tou kout devan kongregasyon an. Lè w ap prepare diskou sa a, pwen fondamantal ou dwe konsidere yo se menm ak pwen nou deja pale de yo nan pati ki anvan an, konsènan elèv k ap devlope yon sijè kote li gen yon moun l ap pale avè l. Pi gwo diferans ki genyen ant de diskou sa yo se kantite moun w ap pale avèk yo a ak fason w ap prezante diskou a.
An jeneral, li bon pou w prepare diskou w la yon fason pou moun k ap koute w yo byen pwofite l. Anpil nan moun k ap koute yo deja konnen verite fondamantal ki nan Bib la. Yo kapab byen konnen sijè yo ba w pale sou li a. Panse ak sa yo deja konnen sou sijè a. Fè gwo efò pou w fè yo byen pwofite diskou w la yon fason kanmenm. Mande tèt ou: ‘Ki jan m ka sèvi ak diskou m nan pou m ogmante rekonesans mwen pou Jewova e pou m ede moun k ap koute m yo fè menm jan an tou? Ki pwen nan sijè a ki ka ede nou pi byen konprann volonte Bondye? Ki jan sijè sa a ka ede nou pran desizyon ki saj nan yon monn kote se dezi lachè k ap dirije moun yo?’ (Efe. 2:3). Pou w jwenn bonjan repons pou kesyon sa yo, ou bezwen fè rechèch. Lè w ap sèvi ak Bib la, pa kontante w annik li vèsè yo. Rezone sou yo, e montre moun yo fason vèsè sa yo kore ide w ap devlope yo (Tra. 17:2, 3). Pa chèche pale sou twòp bagay. Prezante sijè w la yon fason k ap fè l fasil pou moun yo sonje enfòmasyon yo.
Nan preparasyon w ap fè, ou ta dwe veye tou sou fason w pral bay diskou a. Bay sa anpil enpòtans. Repete diskou w la awotvwa. Efò w fè pou w etidye divès teknik pou moun byen pale e pou w aplike yo, ap ede w anpil nan pwogrè w ap fè. Kit ou pa gen lontan depi w ap fè diskou, kit ou gen eksperyans nan fè diskou, byen prepare diskou w yo yon fason pou w ka pale ak konviksyon e avèk santiman ki apwopriye pou sijè w ap devlope a. Nan chak diskou w ap fè nan lekòl la, toujou gen nan lespri w objektif ou se itilize kapasite Jewova ba ou pou w pale a, ki se yon kado, pou w onore l. — Sòm 150:6.