BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 37 p. 212-p. 214 par. 5
  • Fè pwen prensipal yo parèt byen klè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè pwen prensipal yo parèt byen klè
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Fè pwen prensipal yo parèt byen klè
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Fason pou w fè yon plan pou yon diskou
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Reflechi sou pwen enpòtan yo ankò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Itilize referans yo ba w yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 37 p. 212-p. 214 par. 5

LESON 37

Fè pwen prensipal yo parèt byen klè

Ki sa pou w fè?

Òganize enfòmasyon yo e prezante yo yon fason pou w atire atansyon moun yo espesyalman sou pwen prensipal yo.

Poukisa sa enpòtan?

Sa ap ede moun yo sonje sa yo aprann yo, konsa y ap ka medite sou yo e y ap ka aplike yo.

KI PWEN ki pwen prensipal nan yon diskou? Se pa tou senpleman kèk aspè enteresan ou ka annik fè yon ti pase sou yo. Yo se ide enpòtan ou bezwen pran tan pou w devlope e yo se ide esansyèl k ap ede w atenn objektif ou gen nan diskou a.

Li enpòtan pou w byen chwazi enfòmasyon w yo e pou w byen òganize yo yon fason pou w fè pwen prensipal yo parèt byen klè. Souvan, nan rechèch nou fè pou yon diskou, nou jwenn plis enfòmasyon pase sa nou ka devlope ladan l. Ki jan nou ka wè ki enfòmasyon pou nou itilize?

Premyèman, reflechi sou moun ki pral koute w yo. Èske se moun ki pa konn sijè w la ditou oswa èske se moun ki byen konnen l? Èske pifò ladan yo dakò ak sa Labib di sou sijè a oswa èske gen kèk nan yo ki gen tandans doute sou sa Labib di? Ki pwoblèm yo rankontre chak jou nan lavi yo lè y ap fè efò pou yo aplike sa Labib di sou sijè a? Dezyèmman, asire w objektif ou fikse a byen klè nan tèt ou lè w ap pale avèk moun yo sou sijè ou prevwa pale a. Toutpandan w gen de prensip sa yo nan tèt ou, egzamine enfòmasyon yo, men kenbe sa k vrèman gen rapò ak sijè a.

Si yo ba w yon chema diskou ki tou gen tèm w ap devlope a ansanm ak pwen prensipal yo, byen suiv li. Men, sa w ap prezante yo ap gen plis valè toujou si w sonje prensip nou sot bay yo lè w ap devlope chak pwen prensipal. Lè se pa yon chema diskou yo tou ba w, se ou menm ki pou chwazi pwen prensipal yo.

Lè w gen pwen prensipal yo byen klè nan lespri w e w byen òganize ide k ap pèmèt ou devlope pwen sa yo, l ap pi fasil pou w fè diskou a. Sandout, moun k ap koute w yo ap pi byen pwofite diskou a tou.

Divès fason w ka òganize enfòmasyon w yo. Gen yon kantite metòd ou ka suiv lè w ap òganize enfòmasyon pou w devlope diskou w la. Tank ou abitye avèk yo, w ap wè gen plizyè metòd ou ka itilize k ap bay bon rezilta ann amoni ak objektif ou fikse a.

Yon metòd ki trè fasil pou moun itilize se aranjman selon tèm sijè a. (Chak pwen prensipal nesesè paske li ajoute yon bagay sou konpreyansyon moun k ap koute w yo bezwen genyen sou sijè a oswa li ede w atenn objektif diskou w la.) Yon lòt metòd se fè yon plan kote w prezante evènman yo youn apre lòt nan lòd yo te pase a. (Pa egzanp, ou ka fin mete evènman ki te pase anvan delij la, apre sa, ou mete evènman ki te pase anvan yo te detwi Jerizalèm nan ane 70 epòk nou an, epi w mete evènman k ap pase jounen jodi a.) Yon twazyèm metòd se fè yon plan kote w bay koz ak konsekans yon bagay. (Ou ka devlope yon plan konsa nan lòt sans lan tou. Pa egzanp, ou ka kòmanse ak yon sitiyasyon k ap pase, ki se konsekans lan, epi ou montre koz la.) Yon katriyèm metòd se fè yon plan kote w opoze de bagay. (Pa egzanp, byen ak mal oswa bagay pozitif ak bagay negatif.) Pafwa, ou ka itilize plizyè nan metòd sa yo ansanm nan yon diskou.

Lè yo te akize Etyèn san rezon devan Sanedren juif la, li te fè yon diskou kote l te prezante evènman yo youn apre lòt nan lòd yo te pase a. Si w ap li Travay 7:2-53, gade byen pou w wè pwen Etyèn chwazi yo montre li te gen yon objektif li te vle atenn. Toudabò, Etyèn montre klè istwa li t ap rakonte yo se pa istwa moun ki t ap koute l yo te ka di yo pa konnen. Li te montre byenke frè Jozèf yo te rejte Jozèf, Bondye te itilize l pou l ba yo delivrans. Ansuit, li te montre Juif yo pa t obeyi Moyiz, yon moun Bondye te sèvi avè l. E pou l fini, li te montre etadespri sa a moun ki te konplote pou touye Jezi Kris yo te genyen an se yon etadespri Juif nan jenerasyon anvan yo te deja demontre.

Pa devlope twòp pwen prensipal. Kèlkeswa tèm w ap devlope a, se kèk pwen sèlman ki enpòtan pou w devlope l. Nan pifò ka, pwen sa yo pap depase kantite dwèt ou gen nan yon men. Sa valab kit ou gen pou w pale pandan 5 minit, 10 minit, 30 minit oswa pandan plis tan toujou. Pa chèche devlope twòp pwen prensipal. An reyalite, se sèlman kèk ide diferan moun k ap koute w yo ka sonje nan yon diskou. E tank diskou a long, se tank ou dwe mete aksan sou pwen enpòtan yo e se tank ou dwe fè yo parèt byen klè.

Kèlkeswa kantite pwen prensipal w ap itilize nan yon diskou, asire w ou byen devlope yo chak. Bay moun k ap koute w yo ase tan pou yo egzamine chak pwen prensipal yon fason pou pwen sa yo ka byen grave nan lespri yo.

Diskou w ap fè a ta dwe parèt senp. Se pa toujou kantite enfòmasyon w ap prezante yo k ap fè l senp. Si w byen ranje ide w yo anba kèk pwen prensipal sèlman e ou devlope yo youn pa youn, l ap fasil pou moun suiv diskou w la e l ap difisil pou yo bliye l.

Fè pwen prensipal w ap devlope yo parèt byen klè. Si w byen òganize enfòmasyon w yo, lè w ap fè diskou a, li pap difisil pou w fè moun yo wè enpòtans pwen prensipal ki nan diskou w la genyen.

Pi bon fason w ka fè pwen prensipal w ap devlope yo parèt byen klè se prezante prèv, vèsè ak lòt enfòmasyon w ap bay yo yon fason pou yo atire atansyon moun yo sou pwen prensipal yo e pou yo fè moun yo konprann yo pi byen. Pwen segondè yo ta dwe fè yon pwen prensipal parèt pi klè, yo ta dwe sèvi kòm prèv pou kore l oswa pou fè moun yo konprann li pi byen. Pa mete ide ki pa apwopriye anba pwen prensipal la jis paske ide sa yo bèl. Lè w ap devlope pwen segondè yo, montre aklè ki jan yo konekte ak pwen prensipal yo kore a. Pa kite se moun k ap koute w yo ki pou chèche wè sa poukont yo. Ou ka montre koneksyon ki genyen ant yo lè w repete mo kle ki nan pwen prensipal la oswa lè w repete ide ki nan pwen prensipal la detanzantan.

Gen kèk oratè ki mete aksan sou pwen prensipal yo lè yo fè konnen nan ki lòd yo pral devlope yo e yo bay chak pwen yon nimewo. Byenke sa se youn nan fason nou ka mete aksan sou pwen prensipal yo, nou ta dwe toujou byen chwazi enfòmasyon yo e nou ta dwe devlope yo yon fason ki lojik.

Ou ka chwazi tou senpleman pou w site yon pwen prensipal jis anvan w prezante prèv ki kore l yo. Sa ap ede moun k ap koute w yo apresye enpòtans sa w pral di yo e sa ap mete aksan tou sou pwen prensipal sa a. Ou ka mete aksan sou pwen an lè w fè yon rezime sou li apre w fin byen devlope l nèt.

Nan predikasyon. Prensip sa yo nou sot bay la a pa itil sèlman pou diskou n ap fè sou estrad la, yo itil tou pou konvèsasyon n ap fè nan predikasyon. Lè w ap prepare pou w al preche, reflechi sou nenpòt gwo pwoblèm ki okipe lespri moun nan zòn nan. Chwazi yon tèm k ap pèmèt ou montre yo jan esperans Bib la bay la pral pote yon solisyon pou pwoblèm nan. Chwazi petèt de pwen prensipal pou w devlope tèm sa a. Deside ki vèsè w ap itilize pou w soutni pwen sa yo. Apre sa, reflechi sou fason w pral kòmanse konvèsasyon an. Yon preparasyon konsa ap pèmèt ou gen kapasite pou w chanje konvèsasyon an san pwoblèm selon moun w ap pale avè l la. Anplis, l ap ede w di yon bagay moun ou rankontre a ap sonje.

FASON POU W FÈ SA

  • Anvan w chwazi pwen prensipal yo, egzamine ki sa moun ki pral koute w yo deja konnen sou sijè a e deside ki objektif ou pral chèche atenn. Òganize enfòmasyon w yo pandan w gen bagay sa yo nan lespri w.

  • Montre aklè ki jan prèv yo, vèsè yo ak lòt enfòmasyon w ap bay yo konekte ak pwen prensipal yo kore yo.

  • Atire atansyon moun yo sou chak pwen prensipal. Ou ka fè sa lè w fè konnen nan ki lòd ou pral devlope yo e lè w bay yo chak yon nimewo, lè w site yo jis anvan w prezante prèv ki kore yo, oswa lè w repete yo apre w fin devlope yo.

EGZÈSIS: Egzamine atik y ap etidye pou semèn sa a nan Toudegad la. Sèvi ak soutit yo ansanm ak kesyon revizyon yo pou w rive idantifye pwen prensipal yo. L ap bon pou ou si w fè sa chak semèn.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje