BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 14 p. 17
  • Fè pwen prensipal yo parèt byen klè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè pwen prensipal yo parèt byen klè
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Fè pwen prensipal yo parèt byen klè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fason pou w fè yon plan pou yon diskou
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Devlope tèm diskou a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Reflechi sou pwen enpòtan yo ankò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 14 p. 17

LESON 14

Fè pwen prensipal yo parèt byen klè

Vèsè biblik.

Ebre 8:1.

SA POU W FÈ: Ede moun yo suiv diskou w ap fè a, epi montre aklè ki jan chak pwen prensipal gen rapò ak objektif ou fikse a ansanm ak tèm nan.

FASON POU W FÈ SA:

  • Fikse yon objektif. Chèche konnen si objektif diskou a se pou enfòme, konvenk oswa motive moun yo, epi devlope l selon objektif la. Asire w tout pwen prensipal yo ede w atenn objektif ou fikse a.

    Konsèy pratik.

    Mande tèt ou: ‘Ki kesyon moun k ap koute m yo genyen sou sijè a oswa ki pwoblèm yo gen avè l? Nan ki lòd yo ka poze kesyon sa yo oswa yo ka di pwoblèm sa yo?’ Apre sa, ranje pwen w yo nan menm lòd la yon fason pou moun k ap koute w yo ka suiv, konprann epi aksepte enfòmasyon an.

  • Met aksan sou tèm diskou w la. Fè referans ak tèm nan pandan tout diskou a lè w repete mo kle ki nan tèm nan oswa lè w sèvi ak kèk sinonim.

  • Prezante pwen prensipal yo yon fason ki klè e ki senp. Chwazi sèlman pwen prensipal ki gen rapò ak tèm nan e w ap ka byen anseye nan kantite tan w genyen an. Pa pran twòp pwen prensipal, fè chak pwen prensipal parèt aklè, fè yon ti poz ant pwen yo epi lè w ap sot nan youn pou w al nan yon lòt fè sa byen swa.

    Konsèy pratik.

    Ou ka site pwen prensipal yo depi nan entwodiksyon an pou w ede moun yo suiv avè w oswa w ka site yo nan konklizyon an pou w ede moun yo sonje yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje