BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 36 p. 209-p. 211 par. 1
  • Devlope tèm diskou a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Devlope tèm diskou a
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou w fè yon plan pou yon diskou
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fè pwen prensipal yo parèt byen klè
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Fè pwen prensipal yo parèt byen klè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Pwoteje lespri nou
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 36 p. 209-p. 211 par. 1

LESON 36

Devlope tèm diskou a

Ki sa pou w fè?

Pandan w ap fè diskou a, fè referans ak tèm nan, bay plis enfòmasyon sou li, e fè sa divès fason.

Poukisa sa enpòtan?

Sa fè gen amoni ant divès pati ki gen nan diskou w la, sa pèmèt moun yo konprann sa w di yo e sa ede yo sonje yo.

ORATÈ ki gen eksperyans yo konnen enpòtans sa genyen pou yo gen yon tèm y ap devlope. Lè y ap prepare yon diskou, tèm nan ede yo konsantre sou yon seri enfòmasyon presi e li ede yo pi byen reflechi sou enfòmasyon sa yo. Konsa, olye pou yo pase byen rapid sou yon pakèt pwen, yo devlope enfòmasyon yo yon fason k ap pi itil moun k ap koute yo. Lè chak pwen prensipal konekte dirèkteman ak tèm nan e li ede w devlope tèm nan, sa ede moun k ap koute w yo sonje pwen sa yo e sa ede yo konprann enpòtans yo.

Byenke se pa yon mal pou yo pale de tèm ou an kòm sijè w ap pale sou li a, w ap pi byen fè diskou w la si w konsidere tèm ou an kòm yon aspè presi w ap devlope nan sijè a. Wayòm nan, Labib ak rezirèksyon se sijè ki jeneral. Gen yon kantite tèm nou kapab devlope sou sijè sa yo. Men kèk egzanp: “Wayòm nan se yon gouvènman reyèl”, “Wayòm Bondye a pral fè tè a tounen yon paradi”, “Se Bondye ki enspire Bib la”, “Labib se yon gid ki itil nan tan n ap viv la”, “Rezirèksyon bay moun ki nan lapenn yo yon espwa” e “Esperans rezirèksyon an ede nou rete fèm devan pèsekisyon”. Chak tèm sa yo mande pou w devlope l sou yon aspè ki diferan nèt.

Lè Jezi Kris t ap preche sou tè a, li te fè sa ann amoni ak tèm santral ki nan Bib la. Li te mete aksan sou tèm sa a lè l te di: “Wayòm syèl la vin pi pre.” ​(Mat. 4:17). Ki jan l te devlope tèm sa a? Jan nou li sa nan kat Evanjil yo, li te site Wayòm nan plis pase 110 fwa. Men, li pa t annik plede repete mo “wayòm” nan. Ni nan ansèyman li te bay, ni nan mirak li te fè, li te fè moun yo konprann aklè li menm, ki te avèk yo a, li se Pitit Bondye a, Mesi a, moun Jewova ap bay Wayòm nan. Jezi te montre tou se pa mwayen li menm lòt moun t ap gen posiblite pou yo fè pati Wayòm nan. Anplis, li te montre ki bèl kalite yon moun ki vle gen privilèj sa a dwe genyen. Grasa ansèyman l yo ak kokenn mirak li te fè yo, li te fè moun ki t ap koute l yo konprann aklè ki enfliyans Wayòm Bondye a t ap gen sou lavi moun e li te montre yo lefètke li te sèvi ak lespri Bondye pou l chase demon se te yon prèv ki montre ‘wayòm Bondye a te rive sou yo toutbon’. (Lik 11:20.) Se konsènan Wayòm sa a Jezi te mande disip li yo pou yo preche. — Mat. 10:7; 24:14.

Chwazi yon tèm ki apwopriye. Yo pap ba w devlope yon tèm yon fason laj tankou sa fèt nan Bib la, men sa pa vle di li pa enpòtan pou w gen yon tèm ki apwopriye w ap devlope.

Si se ou k ap chwazi tèm w ap devlope a, premye bagay pou w fè se egzamine objektif diskou w la. Ansuit, lè w ap chwazi pwen prensipal w ap mete ladan l yo, asire w yo vrèman ann amoni ak tèm ou chwazi a.

Si yo tou ba w tèm nan, byen analize l pou w wè nan ki direksyon l ap gide w pou w devlope enfòmasyon yo. Ou ka bezwen fè efò pou w byen konprann enpòtans tèm sa a ak pwen li ba w posiblite devlope yo. Si se ou k ap chwazi enfòmasyon ou bezwen pou w devlope tèm nan, byen chwazi yo, yon fason pou yo pa depaman ak tèm nan. Yon lòt bò, menmsi se ba w yo ba w enfòmasyon pou w devlope yo, w ap toujou bezwen analize fason pou w devlope yo ann amoni ak tèm nan. Ou bezwen tou egzamine poukisa enfòmasyon sa yo enpòtan pou moun ki pral koute w yo e ki objektif ou dwe fikse lè w ap bay diskou a. Sa ap ede w konprann sou ki pwen pou w mete aksan nan diskou w la.

Fason pou w mete aksan sou tèm nan. Pou w ka byen mete aksan sou tèm nan, ou dwe poze yon baz pou sa lè w ap chwazi enfòmasyon yo e lè w ap òganize yo. Si se sèlman enfòmasyon ki ann amoni ak tèm nan ou itilize e si w suiv prensip ki la pou pèmèt ou prepare yon bon plan diskou, w ap mete aksan sou tèm nan yon fason ki prèske otomatik.

Si w repete tèm nan, sa ka ede w mete aksan sou li. Annou pran egzanp yon chante sou lanmou. Nan tout chante a, chantè a pale sou tèm nan, sètadi sou lanmou li gen pou moun sa a li admire a. Li gendwa repete tèm nan divès fason, pa egzanp, li ka pale de lanmou plizyè fason diferan. Li ka itilize sinonim, metafò, langaj powetik, oswa kèk egzanp. Men, chante a ap toujou suiv menm tèm nan. Se menm jan an sa dwe ye pou tèm yon diskou. Menm janm kesyon lanmou an parèt tanzantan nou tout chante a, se konsa ou dwe repete mo kle ki nan tèm diskou a pandan tout diskou a. Pou w fè ti chanjman, ou ka itilize kèk sinonim mo kle sa yo oswa w ka di tèm nan yon lòt jan. Lè w fè sa, sa ap fè tèm nan tounen ide prensipal k ap rete nan lespri moun k ap koute w yo.

Prensip sa yo pap sèvi w sèlman pou diskou w ap fè sou estrad la, men tou, y ap sèvi w nan konvèsasyon w ap fè nan predikasyon. Nan konvèsasyon w ap fè ak yon moun, menmsi konvèsasyon an kout, si tèm nan parèt byen klè, l ap plis sonje l. Lè w ap fè etid ak yon moun, l ap pi fasil sonje ansèyman w ba li yo, si w mete aksan sou yon tèm. Efò w ap fè pou w chwazi tèm ki apwopriye e pou w devlope yo ap ede w vin yon pi bon oratè e yon pi bon anseyan Pawòl Bondye a.

YON GWO LIV KI GEN YON TÈM TRÈZENPÒTAN

Nan kesyon konprann fason yo sèvi ak yon tèm nan, li bon pou nou egzamine fason Jewova Dye te itilize ekriven biblik yo pou l devlope yon tèm enpòtan nan 66 liv Bib la gen ladan l yo. Men tèm nan: Jewova ap itilize Wayòm li an pou l montre se li ki gen dwa dirije lèzòm e pou l reyalize objektif li a ki montre l gen lanmou.

Yo te kòmanse devlope tèm sa a depi nan premye chapit liv Jenèz yo, e annapre, gen kèk aspè ladan l yo te devlope nan tout Bib la. Yo atire atansyon sou non Bondye yon pakèt fwa, plis pase 7 000 fwa. Nan istwa sou kreyasyon an, li parèt byen klè Jewova gen dwa pou l dirije. Yo rakonte fason kèk moun te opoze ak fason l dirije a e yo rakonte konsekans terib dezobeyisans sa a pote. Gwo lanmou Jewova genyen an, sajès li, jistis li ak pisans li parèt nan fason li boule ak kreyati l yo. Gen yon bann egzanp ki montre byenfè moun jwenn lè yo obeyi Jewova e ki montre soufrans yo jwenn lè yo pa obeyi l. Bib la esplike nou dispozisyon Jewova pran pa mwayen Jezi Kris pou l efase peche ak lanmò e li montre nou ki valè dispozisyon sa a gen pou nou. Li bay enfòmasyon sou yon gouvènman ki nan syèl la ki pral detwi Satan ak demon l yo ansanm ak moun ki refize rekonèt Jewova gen dwa pou l dirije kreyasyon l lan. Bib la montre aklè Wayòm nan pral reyalize objektif Jewova genyen pou l fè tè a vin yon paradi ki ranpli ak moun ki renmen sèl vrè Dye a e k ap adore l, e anplis, moun sa yo renmen youn lòt.

FASON POU W FÈ SA

  • Lè w ap prepare yon diskou w pral fè, chwazi pwen prensipal ak pwen segondè k ap vrèman ede w devlope tèm nan.

  • Lè w ap repete diskou w la, reflechi sou ki kote ou pral mete aksan sou tèm nan e ki fason w ap fè sa. Si w vle, ou ka met yon mak kote sa yo nan plan diskou a pou w sonje sa w prevwa fè.

  • Pandan diskou a, detanzantan, repete mo kle oswa ide ki nan tèm nan.

EGZÈSIS: Anvan w al nan predikasyon, chwazi yon tèm ki ann amoni ak yon atik ki nan youn nan dènye Toudegad oswa Réveillez-vous! ou resevwa yo. Fè efò pou w fè moun nan enterese ak atik la depi nan entwodiksyon w ap fè a. Pandan konvèsasyon an, itilize yon pwen oswa de pwen pou w devlope tèm nan. Epi, nan fen konvèsasyon an, mete aksan sou enpòtans atik la genyen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje