BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be p. 39-p. 42
  • Fason pou w fè yon plan pou yon diskou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou w fè yon plan pou yon diskou
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Byen analize tèm nan, chwazi enfòmasyon w ap bezwen yo epi òganize yo
  • Fè pwen prensipal yo parèt byen klè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fè pwen prensipal yo parèt byen klè
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Fason pou w prepare yon diskou piblik
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Itilize yon plan
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be p. 39-p. 42

Fason pou w fè yon plan pou yon diskou

GEN anpil moun, lè yo ba yo fè yon diskou, ki fè anpil efò pou yo ekri tout diskou a nèt, depi nan entwodiksyon diskou a rive nan konklizyon an. Anvan yo fin prepare diskou a, yo ekri l plizyè fwa. Konsa, sa ka pran yo plizyè èdtan.

Èske se fason sa a ou prepare diskou w genyen? Èske w ta renmen aprann fè sa yon fason ki pi fasil? Si w aprann fason pou w prepare yon plan pou yon diskou, ou pap bezwen ekri tout bagay nèt lè w ap prepare yon diskou ankò. Sa ap fè w gen plis tan pou w repete diskou a. Nonsèlman l ap pi fasil pou w fè diskou a, men tou, moun k ap koute w yo ap plis pran plezi pou yo koute w e w ap plis pouse yo alaksyon.

Natirèlman, pou diskou piblik y ap fè nan kongregasyon an, yo bay yon chema diskou. Men, se pa sa ki fèt pou pifò lòt diskou yo. Yo kapab ba w fè yon diskou, epi se sèlman sijè a oswa tèm nan yo ba ou. Oswa yo kapab mande w pou w fè l sou yon pati byen presi nan yon piblikasyon. Pafwa yo ka annik ba w kèk enstriksyon. Nan tout ka sa yo, ou bezwen prepare plan pa w pou w fè diskou a.

Foto nan paj 41

Yo bay yon egzanp nan paj 41 an k ap ba w yon ide sou fason w ka prepare yon plan ki kout pou w fè yon diskou. Ou ka wè chak pwen prensipal kòmanse nan maj agoch la e yo ekri yo ak lèt majiskil. Anba chak pwen prensipal, ou jwenn ide ki soutni pwen sa a. Gen lòt pwen w ap itilize pou w devlope ide sa yo ki anba yo e ki yon ti jan plis sou anndan parapò ak maj agoch la. Byen egzamine plan sa a. Gade byen pou w wè, de pwen prensipal li gen ladan l yo gen yon rapò dirèk avèk tèm nan. Epitou, pwen segondè yo se pa senpleman ide ki enteresan. Okontrè, chak pwen segondè soutni pwen prensipal li parèt anba l la.

Lè w ap prepare yon plan pou yon diskou, li ka pa sanble egzakteman ak plan yo bay kòm egzanp lan. Men, si w byen konprann prensip fondamantal nou sot pale nan paragraf anvan an, sa ap ede w òganize enfòmasyon ou genyen yo pou w prepare yon bon diskou nan yon tan ki rezonab. Ki jan w ap ka rive fè sa?

Byen analize tèm nan, chwazi enfòmasyon w ap bezwen yo epi òganize yo

Ou bezwen yon tèm pou diskou a. Tèm ou an se pa jis yon bagay jeneral kòmkwa yon senp mo te ka sèvi kòm tèm. Li se ide santral enfòmasyon ou vle bay yo e li montre sou ki aspè ou prevwa abòde sijè a. Si yo ba w yon tèm, byen analize chak mo kle ki ladan l. Si w ap devlope tèm sa a sou baz yon pati byen presi nan yon piblikasyon, egzamine pati sa a toutpandan w gen tèm nan nan lespri w. Si se sijè a yo ba w sèlman, lè sa a se ou k ap chwazi tèm nan. Men anvan w fè sa, li ka bon pou w fè kèk rechèch. Si w pa gen yon ide byen fiks nan tèt ou, souvan w ap jwenn lòt ide ki enteresan.

Pandan w ap fè sa nou sot di la yo, kontinye mande tèt ou: ‘Poukisa enfòmasyon sa yo enpòtan pou moun ki pral koute m yo? Ki objektif mwen?’ Objektif ou se pa ta dwe pou w annik pale sou tout enfòmasyon ou gen pou w egzamine yo oswa pou w fè yon diskou ki chaje ti bagay enteresan, men pito, se pou w fè yon diskou k ap pwofitab pou moun k ap koute w yo. Lè w fin gen objektif la klè nan tèt ou, ekri l. Toutpandan w ap prepare, toujou sonje objektif ou genyen an.

Apre w fin detèmine objektif ou e w fin chwazi yon tèm ki mache avè l (oswa ou fin analize fason tèm yo ba ou a mache ak objektif sa a), ou kapab fè rechèch ki pi dirèk. Chèche pwen ki ap vrèman enpòtan pou moun k ap koute w yo. Pa annik chita sou pwen ki jeneral, men chèche pwen presi k ap enstwi moun yo e k ap vrèman itil yo. Se pou w rezonab nan kantite rechèch w ap fè. Souvan, nan yon ti tan, w ap jwenn plis enfòmasyon pase sa w ka itilize, se sa k fè ou bezwen chwazi ki enfòmasyon w ap pran e ki enfòmasyon ou pap pran.

Idantifye pwen prensipal ou bezwen prezante yo yon fason pou w ka devlope tèm ou an e pou w ka atenn objektif ou genyen an. Se yo k ap tounen baz diskou w la, sa vle di plan jeneral la. Konbyen pwen prensipal ki ta dwe gen nan diskou w la? Petèt de pwen gendwa sifi pou yon diskou tou kout, e an jeneral, senk pwen sifi pou yon diskou ki ka menm dire inèdtan. Tank ou gen mwens pwen prensipal, se tank li posib pou moun k ap koute w yo sonje yo.

Yonfwa w fin gen tèm nan ak pwen prensipal yo nan lespri w, òganize enfòmasyon w fin chèche yo. Chwazi sa ki gen rapò dirèk ak pwen prensipal yo. Chwazi enfòmasyon k ap fè prezantasyon w lan parèt nouvo pou moun yo. Lè w chwazi vèsè ki soutni pwen prensipal yo, chèche ide k ap ede w rezone sou yo yon fason k ap itil moun yo. Klase chak ide anba pwen prensipal ki pou li a. Si gen enfòmasyon ki pa mache ak okenn nan pwen prensipal ou yo, elimine yo, menmsi yo enteresan anpil, oubyen mete yo nan yon dosye pou w ka itilize yo yon lòt lè. Se sèlman enfòmasyon ki pi enpòtan yo pou w kenbe. Si w eseye bay twòp enfòmasyon, w ap oblije pale twò vit e ou pap gen tan pou w byen prezante enfòmasyon yo. Li pi bon pou w pale sou kèk pwen k ap vrèman itil moun k ap koute w yo e pou w fè sa byen. Evite depase tan w genyen pou w fè diskou a.

Kounye a, si w potko fè sa, ranje enfòmasyon yo yon fason ki lojik. Lik te fè sa nan Evanjil li te ekri a. Apre l te fin rasanble yon pakèt enfòmasyon anrapò ak sijè l t ap devlope a, li te ranje yo “youn apre lòt”, yon fason ki lojik (Lik 1:3). Ou ka ranje enfòmasyon w yo youn apre lòt nan lòd evènman yo te pase, oswa ou ka ranje yo selon tèm sijè a, petèt ou ka mete rezon ki fè yon bagay rive epi ou mete rezilta oswa konsekans sa pote, oswa ou ka pale de yon pwoblèm epi ou bay solisyon an. W ap chwazi metòd ki pi bon pou w atenn objektif ou genyen an. Ou pa ta dwe sot nan yon ide al nan yon lòt bridsoukou. Li ta dwe fasil pou moun k ap koute w yo suiv ou san pwoblèm sot nan yon ide al nan yon lòt. Prèv ou prezante devan moun k ap koute w yo ta dwe ede yo byen konprann ide w devlope yo. Pandan w ap ranje pwen yo nan lòd, reflechi sou fason moun k ap koute w yo pral konprann diskou w la. Èske y ap ka suiv fason w ap devlope sijè a san pwoblèm? Èske sa yo tande yo ap pouse yo aji, selon objektif ou te gen nan lespri w la?

Apre sa, prepare yon entwodiksyon k ap fè moun k ap koute w yo anvi suiv diskou w la e k ap montre yo sa w pral di yo a enpòtan pou yo anpil. Li ka bon pou w ekri premye fraz ou pral di yo. Finalman, prepare yon konklizyon k ap pouse moun yo aji e ki mache ak objektif ou genyen an.

Si w prepare yon plan pou diskou w pral fè a lontan alavans, w ap gen tan pou w fè l vin pi swa. Pou w kore kèk ide, ou ka santi li nesesè pou w itilize kèk chif sou yon ankèt oswa yon etid yo te fè, oubyen ou ka itilize yon egzanp oswa yon eksperyans. Si w sèvi ak yon evènman k ap pase kounye a oswa ak kèk bagay ki enterese moun nan zòn nan, sa kapab ede moun k ap koute w yo konprann pi byen enpòtans enfòmasyon w ap bay yo genyen. Lè w ap revize diskou w la, ou ka vin wè ou gen lòt posiblite pou w adapte enfòmasyon yo pou moun k ap koute w yo. Li esansyèl pou w analize diskou w la e pou w fè l vin pi swa. Lè w fè sa, sa ap pèmèt ou byen sèvi ak bon enfòmasyon w jwenn yo pou w fè yon bon diskou.

Gen kèk oratè ki ka bezwen plis nòt pase kèk lòt oratè. Men, si se sèlman anba kèk pwen prensipal ou ranje enfòmasyon w yo, si w elimine ide ki pa tèlman mache ak yo e ou mete ide yo yon fason ki lojik, w ap wè avèk yon ti eksperyans sèlman, ou pap bezwen ekri tout diskou a nèt ankò. Sa ka fè w sove tan, e diskou w yo ka vin pi bon. Tout moun ap wè aklè ou vrèman pwofite fòmasyon w jwenn nan Lekòl ministè teyokratik la.

FASON POU W PREPARE YON PLAN POU YON DISKOU

  • Chèche wè rezon ki fè sijè w pral devlope a enpòtan pou moun yo e detèmine objektif ou

  • Chwazi yon tèm. Si yo deja ba w youn, analize l

  • Rasanble enfòmasyon k ap enstwi moun yo e k ap itil yo

  • Idantifye pwen prensipal ou pral devlope yo

  • Ranje enfòmasyon w jwenn yo; kenbe sa ki pi bon yo sèlman

  • Prepare yon entwodiksyon k ap fè moun yo anvi koute w

  • Prepare yon konklizyon k ap pouse moun yo aji

  • Revize diskou w la e fè l vin pi swa

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje