Fason pou w prepare yon diskou piblik
CHAK semèn, nan pifò kongregasyon Temwen Jewova, yo fè aranjman pou yo bay yon diskou piblik sou yon sijè ki baze sou Bib la. Si w se yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl, èske w montre w se yon bon oratè, yon bon anseyan? Si w montre sa, yo ka mande w pou w bay yon diskou piblik. Lekòl ministè teyokratik ede plizyè dizèn milye frè pou yo kalifye pou privilèj sa a. Lè yo ba w fè yon diskou piblik, ki sa w ta dwe fè an premye?
Egzamine chema diskou a
Anvan w kòmanse fè rechèch, li chema diskou a e medite sou li jiskaske w konprann li. Fè tèm nan byen chita nan lespri w. Se li ki tit diskou a. Ki sa w wè ou sipoze anseye moun k ap koute w yo? Ki objektif ou?
Chèche byen konnen pwen prensipal yo. Analize yo. Ki jan yo chak makònen ak tèm nan? Anba chak pwen prensipal, gen plizyè pwen segondè. Anba pwen segondè yo, gen yon seri ide ki kore pwen sa yo. Egzamine fason chak pati nan chema a chita sou pati ki te anvan l lan, fason li entwodui pati ki vin apre l la ak fason li ede w atenn objektif diskou a. Yonfwa w fin konprann tèm diskou a, objektif li ak fason pwen prensipal yo pèmèt ou atenn objektif sa a, ou prè pou w kòmanse travay sou fason w pral devlope diskou a.
Toudabò, ou ka twouve li bon pou w konsidere diskou w la tankou kat oswa senk ti diskou kote yo chak gen yon pwen prensipal. Prepare yo youn apre lòt.
Chema diskou yo ba ou a se yon zouti k ap pèmèt ou prepare diskou a. Li pa la pou w itilize l kòm nòt pandan w ap bay diskou a. Li tankou yon kay ki kòmanse konstwi. W ap bezwen monte mi yo, w ap bezwen kouvri kay la, w ap bezwen met fenèt e w ap bezwen mete tout ekipman ki nesesè pou moun viv alèz ladan l.
Sèvi ak vèsè yo
Jezi Kris ak disip li yo te baze ansèyman yo a sou Ekriti yo (Lik 4:16-21; 24:27; Tra. 17:2, 3). Ou ka fè menm bagay la tou. Se Labib ki dwe baz diskou w la. Olye pou w annik esplike ide ki nan chema diskou yo ba w la epi w aplike yo, chèche konprann pito fason Labib soutni ide sa yo. Apre sa, sèvi ak Bib la pou w anseye moun yo.
Nan preparasyon w ap fè pou diskou w la, egzamine chak vèsè yo site nan chema a. Egzamine kontèks yo. Gen vèsè ki ka senpleman bay ki jan sitiyasyon an te ye nan epòk la, e enfòmasyon konsa ap itil ou. Ou pa bezwen li tout vèsè yo ni w pa bezwen fè kòmantè sou tout pandan diskou a. Chwazi sa k ap pi apwopriye pou moun k ap koute w yo. Si w byen reflechi sou vèsè yo bay nan chema a, petèt ou pap bezwen itilize lòt vèsè ki pa nan chema a.
Se pa kantite vèsè w li a k ap fè w bay yon bon diskou, men se kalite ansèyman w bay la. Lè w pral li yon vèsè, fè moun yo wè rezon ki fè w ap li l. Pran tan pou w aplike l. Apre w fin li yon vèsè, kite bib ou ouvè pou w pale sou vèsè a. Li posib pou moun k ap koute w yo kite bib yo ouvri tou. Ki jan w ka fè moun k ap koute w yo vin plis enterese nan vèsè w ap li yo epi pou yo jwenn plis byenfè nan Pawòl Bondye a (Ney. 8:8, 12)? Ou ka fè sa, lè w esplike yo vèsè yo, lè w pran egzanp pou w ede yo konprann yo e lè w aplike yo.
Esplike vèsè yo. Lè w ap prepare w pou w esplike yon vèsè kle, mande tèt ou: ‘Ki sans vèsè sa a? Poukisa m ap itilize l nan diskou a? Ki kesyon moun k ap koute m yo ka poze tèt yo sou li?’ Petèt ou bezwen analize kontèks la, sitiyasyon ki te egziste nan epòk yo te ekri l la oswa anviwònman kote sa yo di a te fèt. Epitou, ou ka bezwen analize enpòtans mo yo ak objektif moun Bondye te enspire pou ekri vèsè a te gen nan tèt li lè l t ap ekri l. Sa mande pou w fè rechèch. W ap jwenn yon pakèt enfòmasyon ki gen anpil valè nan piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou (Mat. 24:45-47). Pa chèche bay esplikasyon sou tout bagay nan vèsè a, men esplike moun yo vèsè a ann amoni ak pwen w t ap pale sou li a lè w te envite yo suiv lekti vèsè a.
Pran egzanp pou w ede yo konprann yo. Objektif egzanp yo se ede moun k ap koute yo pi byen konprann yon pwen oswa yon prensip w ap egzamine oubyen se ede yo sonje yo. Egzanp yo ap ede moun yo konprann sa w di yo a e y ap ede yo asosye l ak yon bagay yo deja konnen. Se sa Jezi te fè lè l te bay gwo diskou yo rele Sèmon sou montay la. Li te site “zwazo nan syèl la”, “flè ki nan savann yo”, “pòt ki jis la”, ‘yon kay ki sou karyann’ ak anpil lòt egzanp menm jan an pou l te fè ansèyman l lan gen fòs, pou l te fè l klè e pou moun yo pa t bliye ansèyman sa a. — Mat., chap. 5–7.
Aplike vèsè yo. Lè w esplike moun yo yon vèsè e ou pran egzanp pou w ede yo konprann li, sa ba yo konesans. Men, lè w montre yo kòman pou yo aplike konesans sa a, sa ap fè yo jwenn bon rezilta. Se vre, se responsablite moun k ap koute w yo pou yo aji ann amoni ak mesaj ki soti nan Bib la, men ou ka ede yo byen konprann sa yo dwe fè. Yonfwa ou fin sèten moun yo konprann vèsè w ap egzamine a e yo wè rapò l genyen ak pwen w ap pale sou li a, pran tan pou w montre yo efè vèsè sa a genyen sou kwayans yo ak konduit yo. Mete aksan sou byenfè y ap jwenn si yo rejte move ide oswa move konduit yo ta ka genyen ki depaman ak verite ki nan vèsè w ap egzamine a.
Lè w ap reflechi sou fason pou w aplike vèsè yo, l ap bon pou w sonje moun k ap koute w yo soti anpil kote diferan e y ap fè fas ak tout kalite sitiyasyon. Gendwa gen moun ki nouvo, moun ki jèn, moun ki granmoun ak moun k ap fè fas ak divès kalite pwoblèm pèsonèl. Fè diskou a yon fason k ap itil yo e ki gen rapò ak lavi yo. Evite bay konsèy yon fason ki ta montre se sèlman kèk moun byen presi ou gen nan tèt ou.
Desizyon oratè a gen pou l pran
Anrapò ak diskou w la, gen desizyon yo deja pran pou ou. Yo ba w pwen prensipal yo byen klè e yo ba w kantite tan ou dwe pase ap devlope chak pwen prensipal. Men, gen lòt desizyon, se ou ki pou pran yo. Pa egzanp, ou ka chwazi pase plis tan nan yon seri pwen segondè e mwens tan nan yon seri lòt. Pa panse ou oblije bay tout pwen segondè yo menm enpòtans. Sa ka fè w kouri sou enfòmasyon yo e sa ka fè w fatige moun yo ak twòp enfòmasyon. Ki jan w ka chwazi kiyès nan pwen segondè yo w ap plis devlope e kiyès w ap annik fè yon pase sou yo? Mande tèt ou: ‘Ki pwen k ap ede m fè moun yo konprann ide kle diskou a? Kiyès nan pwen yo k ap pi byen ede moun k ap koute m yo? Si m pa sèvi ak yon vèsè yo bay kòm referans e m pa sèvi ak pwen ki makònen avè l la, èske sa ap fè prèv m ap prezante a manke fòs?’
Fè tout sa w kapab pou w evite bay yon seri enfòmasyon kote pa gen prèv pou kore yo e pou w pa bay opinyon pèsonèl ou. Menm Jezi Kris, Pitit Bondye a, te evite pale selon ‘li menm’. (Jan 14:10.) Ou dwe rekonèt rezon ki fè moun yo vin nan reyinyon Temwen Jewova yo se pou yo koute enstriksyon ki nan Bib la. Si yo vin konsidere w kòm yon bon oratè, petèt se paske w pran abitid atire atansyon yo sou Pawòl Bondye a olye w atire atansyon sou ou menm. Se sa k fè yo apresye diskou w yo. — Fil. 1:10, 11.
Apre w fin pran yon senp chema diskou pou w fè l tounen yon diskou ki gen bonjan esplikasyon ki baze sou Bib la, kounye a ou bezwen repete diskou a. Li bon pou w fè sa awotvwa. Sa ki pi enpòtan se asire w tout pwen yo klè nan lespri w. Lè w ap bay diskou a, ou dwe pale ak konviksyon, ou dwe mete vi ladan l e ou dwe prezante verite yo ak tout kè w. Anvan w bay diskou a, mande tèt ou: ‘Ki objektif mwen? Èske pwen prensipal yo ap parèt klè pou moun yo? Èske m vrèman sèvi ak Labib kòm baz diskou m nan? Lè m soti nan yon pwen prensipal pou m pase nan pwen prensipal ki vin annapre l la, èske m fè sa san pwoblèm? Èske diskou a ap ede moun yo gen plis rekonesans pou Jewova e l ap ede yo gen plis apresyasyon pou dispozisyon li pran yo? Èske konklizyon diskou a gen yon rapò dirèk ak tèm nan? Èske l montre moun yo sa pou yo fè e èske l motive yo pou yo fè sa?’ Si w ka reponn wi pou kesyon sa yo, ebyen konnen ou anmezi pou w ‘pale bon bagay ou konnen’ pou byen kongregasyon an e pou w fè louwanj pou Jewova! — Pwo. 15:2.