BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 29 p. 181-p. 185 par. 3
  • Chèche gen yon bon kalite vwa

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chèche gen yon bon kalite vwa
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Pale yon fason ki klè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fè atansyon ak “ vwa etranje yo ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 29 p. 181-p. 185 par. 3

LESON 29

Chèche gen yon bon kalite vwa

Ki sa pou w fè?

Amelyore vwa w lè w chèche byen respire e lè w chèche lache mis ki konsantre yo, men pa chèche imite vwa yon lòt moun.

Poukisa sa enpòtan?

Si w chèche gen yon bon kalite vwa, sa ap mete lòt moun yo alèz e y ap koute w avèk plezi. Yon move kalite vwa gen efè sou mesaj yon oratè ap kominike moun k ap koute l yo, e sa ka deranje ni li menm ni yo menm.

SE PA sèlman sa w ap di ki gen yon efè sou moun yo, fason w di l la tou gen yon efè sou yo. Lè yon moun k ap pale avè w gen yon vwa ki agreyab, ki amikal e ki demontre li gen afeksyon ak bonte, èske w pa plis anvi koute l pase si vwa l ta montre li frèt ak moun oswa li di?

Pou yon moun vin gen yon bon kalite vwa, sa pa depann sèlman de kapasite natirèl vwa l genyen. Sa ka gen rapò tou ak pèsonalite l. Lè yon moun ap vin gen plis konesans sou Bib la e l ap pi byen aplike verite l aprann yo, chanjman l fè yo vin parèt klè nan fason l pale. Kalite ki fè pati fwi lespri a, tankou lanmou, lajwa ak bonte parèt nan vwa l (Gal. 5:22, 23). Lè moun nan gen bonjan sousi pou lòt moun, vwa l montre sa. Lè l abandone etadespri li te genyen kote li te renmen plenyen e li vin gen plis rekonesans nan kè l, ni pawòl li ni ton vwa l montre sa (Lam. 3:39-42; 1 Tim. 1:12; Jid 16). Menm lè w pa konprann lang de moun ap pale, si gen youn ki awogan, ki gen prejije, ki di e ki renmen kritike moun, alòske lòt la gen imilite, pasyans, bonte ak lanmou, li pa difisil pou w wè diferans ki genyen ant yo de a.

Nan kèk ka, yon moun ka gen yon vwa ki pa agreyab paske li gen yon maladi ki andomaje gòj li oswa paske li eritye yon pwoblèm fanmi l te genyen nan pati sa a. Pwoblèm sa a ka tèlman grav, moun nan pap jwenn yon solisyon total nan sistèm sa a. Men, an jeneral, si l aprann byen sèvi ak ògàn li genyen pou l pale yo, sa ka amelyore.

Toudabò, li enpòtan pou w rekonèt chak moun gen vwa pa l. Objektif ou se pa pou w chèche gen menm vwa ak yon lòt moun. Men, se travay sou vwa pa w pou w devlope kapasite l genyen ak kalite l. Ki sa k ap ede w fè sa? Gen de bagay ki trèzenpòtan.

Byen kontwole respirasyon w. Pou w pi byen sèvi ak vwa w, ou bezwen respire yon kantite lè ki apwopriye e w bezwen byen kontwole fason w ap respire. San bagay sa yo, vwa w ka parèt fèb, e sa w ap di yo ka pa byen soti.

Pati ki pi laj nan poumon nou yo, nou pa jwenn yo pa anwo nan pwatrin nou. Se vre, ou ka wè pwatrin ou parèt pi laj pa anwo akoz zepòl ou, men, pati ki pi laj nan poumon w yo se nan zòn anba kòf lestomak ou li ye, egzakteman anlè yon mis yo rele dyafram. Dyafram nan kole ak kòt ki anba yo e li separe pwatrin nan ak vant lan.

Si lè w ap respire, se pati ki anlè nan poumon w yo sèlman ou ranpli ak lè, w ap manke souf nan yon ti moman. Vwa w ap manke fòs e w ap fatige byen fasil. Pou w respire byen, ou dwe chita oswa ou dwe kanpe dwat e w dwe kenbe zepòl ou annaryè. Lè w ap respire pou w pale, fè bonjan efò pou w evite gonfle pati ki pa anlè nan pwatrin ou yo sèlman. Ranpli pati ki pa anba nan poumon w yo anvan. Lè pati sa a fin ranpli, pati ki pa anba nan kòf lestomak ou ap gonfle ak lè sou tou de bò. Anmenmtan, dyafram nan ap desann, l ap fè lestomak ou ak trip ou fè yon ti deplase, se sa k fè w ap santi sentiwon w oswa rad ki nan nivo tay ou fè yon ti peze vant ou. Men, an reyalite, poumon yo pa desann rive nan vant ou, yo ret anndan kòf lestomak la. Pou w ka verifye sa, mete yon men w nan chak bò kòf lestomak ou, nan pati ki pa anba a. Kounye a, fè yon bon respire. Si w respire jan w dwe respire, ou pa ta dwe rale vant ou ni ou pa ta dwe monte zepòl ou. Olye de sa, w ap santi kòf lestomak ou k ap monte e k ap laji toupiti.

Apre sa, travay sou fason w pouse lè a deyò. Pa gaspiye lè w te respire a lè w pouse l deyò yon sèl kou. Mete l deyò tikras pa tikras. Pa eseye sere gòj ou pou w ka chèche kontwole l. Sa ap fè vwa w soti nan gòj oswa l ap twò pike. Presyon ki soti nan mis ki nan vant ou yo ak nan mis ki ant kòt ou yo pouse lè a deyò, pandan dyafram nan li menm ap kontwole vitès lè a ap soti.

Chema nan paj 183

Menm jan yon moun ki konn kouri fè antrènman pou l al nan yon kous, se konsa tou, yon oratè ka fè egzèsis pou l aprann byen kontwole fason l respire. Kanpe dwat avèk zepòl ou annaryè, respire yon fason pou w ka ranpli pati ki anba nan poumon w yo ak lè, e mete lè a deyò tikras pa tikras pandan w ap konte dousman toutotan w kapab san w pa reprann souf ou. Ansuit, pran abitid li awotvwa pandan w ap respire menm jan an.

Lache mis ki konsantre yo. Yon lòt bagay ki enpòtan tou pou yon moun gen yon bon kalite vwa se pou moun nan detann li, pou l pa ret konsantre. W ap sezi wè rezilta ou ka jwenn si w aprann detann ou lè w ap pale. Ou dwe detann ni lespri w ni kò w, paske lè lespri w sou tansyon, sa fè mis ki nan kò w yo sou tansyon tou.

Chèche gen yon bon pwennvi sou moun k ap koute w yo yon fason pou lespri w pa sou tansyon. Si moun sa yo se moun ou rankontre nan predikasyon, sonje, menmsi w ap etidye Labib sa gen sèlman kèk mwa, ou konn yon seri bagay enpòtan sou objektif Jewova, yon seri bagay ou ka pataje avèk yo. Epitou, ou vizite yo paske yo bezwen yon moun pou ede yo, kit yo konprann sa, kit yo pa konprann sa. Yon lòt bò, si w ap pale nan yon Sal Wayòm, pifò moun ki pami moun k ap koute w yo se sèvitè Jewova. Yo se zanmi w e yo vle w reyisi. Pa gen lòt oratè sou tè a ki gen posiblite nou genyen an, posiblite pou nou pale regilyèman devan moun ki zanmi nou e ki renmen nou.

Fè efò pou w lache mis ki nan gòj ou yo, e konsantre sou sa. Pa bliye sa, kòd vokal ou yo vibre lè lè a ap pase. Ton vwa w chanje lè mis ki nan gòj ou yo kontrakte oswa lè yo lache, menm jan son ki soti nan kòd yon gita oswa nan kòd yon vyolon chanje lè yo sere kòd yo oswa lè yo lache yo. Lè w lache kòd vokal ou yo, ton vwa w bese. Si w lache mis ki nan gòj ou yo tou, lè a ap sikile pi fasil nan nen w, sa ki ap gen yon bon efè sou kalite vwa w.

Lache tout kò w. Pa egzanp, lache jenou w, men w, zepòl ou, kou w. Sa ap kontribye pou vwa w byen sonnen. Vwa w ap byen sonnen lè tout kò w aji tankou yon baf k ap bay bon son, men lè kò w pa detann li, vwa w pap byen sonnen. Lè vwa w soti nan ti gòjèt ou, l al frape nonsèlman pa anndan twou nen w, men tou, sou zo ki nan kòf lestomak ou, nan dan ou, anndan bouch ou. Tout pati sa yo ka kontribye pou bay yon bon kalite son. Si w mete yon bagay lou sou vant yon gita, sa vle di sou pati kote pou son an soti a, son an pap soti klè. Vant gita a pa dwe gen anyen sou li, pou l ka vibre pou son an soti kòrèkteman. Se menm bagay la pou zo ki nan kò w yo mis yo kenbe fèm nan plas yo. Ou ka sèvi ak son ki al frape nan zo ki nan kò w yo pou w byen varye son vwa w e pou w eksprime diferan kalite santiman ou genyen. L ap posib pou yon pakèt moun tande w san w pa fòse vwa w.

TRAVAY KI FÈT LÈ W AP PALE

Sa ki alabaz tout son vwa w ap bay yo se lè k ap sot nan poumon w yo. Poumon w yo pouse lè a, yo fè l pase nan yon kanal ki mennen nan ti gòjèt ou, ki nan mitan gòj ou. Anndan ti gòjèt la, sou chak bò, gen de ti mis fen yo rele kòd vokal. Se sitou yo menm k ap pwodui son an. Yo ouvri e yo fèmen kote pou lè a pase nan ti gòjèt la, swa yo kite lè a antre swa yo kite l soti. Anplis de sa, yo anpeche yon seri move bagay antre nan poumon yo. Nan respirasyon nòmal, pa gen son ki soti lè lè a ap pase sou kòd vokal yo. Men, lè yon moun vle pale, mis yo peze kòd vokal yo, e kòd vokal yo vibre nan moman poumon yo pouse lè a soti. Se sa ki vin bay son an.

Tank mis yo peze kòd vokal yo, se tank kòd vokal yo vibre pi vit e se tank son yo pwodui yo ap pi fò. Yon lòt bò, tank kòd vokal yo pi lach, se tank son yo ap pi ba. Apre yon son fin kite ti gòjèt la, li antre nan pati ki anlè nan gòj la. Apre sa, li pase nan bouch la ak nan twou nen yo. La a, gen ti bagay ki pral ajoute pou chanje son an e pou fè l vin pi fò. Palèt bouch la, lang lan, dan yo, po bouch la, machwè yo mete ansanm pou yo bay divès kategori son, ki soti sou fòm pawòl moun kapab konprann.

Vwa moun se yon mèvèy e pa gen okenn enstriman lèzòm fè ki ka konpare avè l lè nou konsidere kapasite li genyen pou l fè yon seri varyasyon. Li gen kapasite pou l eksprime santiman tankou tandrès, jantiyès ak lanmou, e li ka eksprime mechanste, vyolans ak lahèn tou. Lè yo byen travay vwa a e yo byen antrene l, li ka bay yon pakèt ton, anplis de sa, li ka fè bèl melodi e li ka touche kè moun.

FASON POU W VENK KÈK PWOBLÈM PRESI

Vwa ki twò ba. Yon moun ki gen yon vwa ki dous pa oblije yon moun ki pale twò ba. Si l itilize yon ton ki agreyab, sa ap fè vwa l vin bèl, e lòt moun ka kontan koute l. Men, pou vwa l bon vre, li dwe pale ase fò.

Pou w amelyore fòs vwa w, ou bezwen amelyore fason vwa w sonnen. Sa mande pou w aprann lache tout kò w nèt, jan yo sot esplike sa nan leson sa a. Si w fè efò pou w lache kò w e w fè egzèsis sou fason pou w fè vwa w vibre, sa ka ede w. Po bouch ou yo ta dwe touche youn ak lòt toupiti, youn pa ta dwe peze lòt twò fò. Lè w ap fredone, se pou w santi son k ap vibre yo nan tèt ou ak nan lestomak ou.

Pafwa, yon moun konn pale twò ba oswa li sou presyon paske l pa santi l byen oswa li manke dòmi. Li klè, nan ka sa yo, depi pwoblèm sa yo pa la ankò, vwa moun nan ap amelyore.

Vwa ki twò fò. Lè gen plis presyon ki fèt sou kòd vokal yo, sa ogmante ton vwa a. Lè vwa yon moun k ap pale montre l sou presyon, moun k ap koute l yo santi yo sou presyon tou. Si w lache mis ki nan gòj ou yo pou w ka redui presyon k ap fèt sou kòd vokal yo, w ap ka redui fòs vwa w. Fè sa volontèman, fè sa nan konvèsasyon w ap fè chak jou. Si w fè yon bon respire, sa ap ede w tou.

Vwa ki soti nan nen. Pafwa, yon moun konn gen pwoblèm sa a paske nen l bouche, men souvan, se lòt pwoblèm ki konn lakòz sa. Pafwa, lè yon moun kontrakte mis ki nan gòj li ak nan bouch li, li fèmen pasaj ki nan nen l yo, konsa lè a pa ka pase alèz. Sa vin fè son an soti nan nen l. Pou w evite pwoblèm sa a, ou dwe lache mis yo.

Vwa graj. Yon moun ki gen yon vwa konsa pa fè moun anvi pale avè l pou yo gen bèl konvèsasyon tankou zanmi. Li ka fè lòt moun anvi defann tèt yo pito.

Nan kèk ka, yon bagay ki fondamantal, sèke moun nan bezwen kontinye fè efò pou l fè chanjman nan pèsonalite l (Kol. 3:8, 12). Lè l fin fè sa, yon lòt bagay k ap ede l se si li aplike teknik yo bay pou yon moun gen yon bon kalite vwa. Chèche lache ni gòj ou ni machwè w. Sa ap fè vwa w pi agreyab e vwa w pap defòme, tankou sa ta ka rive si se nan dan w ou ta fòse l soti.

FASON W KA AMELYORE

  • Chèche gen kalite yon kretyen dwe genyen.

  • Aprann respire byen, ranpli pati ki anba nan poumon w yo ak lè.

  • Lè w ap pale, lache mis ki nan gòj ou, ki nan kou w, ki nan zepòl ou, ki nan tout kò w nèt.

EGZÈSIS: 1) Pandan kèk minit chak jou nan yon semèn, aprann respire yon fason pou w ranpli pati ki anba nan poumon w yo ak lè. 2) Pandan yon semèn, omwen yon fwa pa jou, fè efò pou w lache mis ki nan gòj ou yo pandan w ap pale.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje