BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 30 p. 186-p. 189 par. 4
  • Montre w enterese nan moun k ap koute w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Montre w enterese nan moun k ap koute w yo
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Fason w ka amelyore kapasite w genyen pou w fè konvèsasyon
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Chèche touche kè moun yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Annou imite Sila ki te pi konn fè disip la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 30 p. 186-p. 189 par. 4

LESON 30

Montre w enterese nan moun k ap koute w yo

Ki sa pou w fè?

Montre w enterese nan sa lòt moun panse e montre w enterese nan byennèt yo.

Poukisa sa enpòtan?

Se youn nan fason nou imite lanmou Jewova demontre li genyen, e sa ka ede nou touche kè moun k ap koute nou yo.

LÈ N AP pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun, nou pa ta dwe annik ba yo enfòmasyon pou yo nouri lespri yo. Nou dwe touche kè yo. Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou demontre nou enterese nan moun k ap koute nou yo ak tout kè nou. Gen yon pakèt fason nou ka demontre nou enterese nan yo.

Bay pwennvi moun w ap pale avè l la enpòtans. Apot Pòl te pran an konsiderasyon orijin moun ki t ap koute l yo ak etadespri yo. Men sa l te esplike: “Pou Juif, mwen vin tankou yon Juif, pou m ka mennen Juif yo vin jwenn Kris. Pou moun ki anba lalwa, mwen vin tankou yon moun ki anba lalwa, kwak mwen menm mwen pa anba lalwa, pou m ka mennen moun ki anba lalwa yo vin jwenn Kris. Pou moun ki san lwa, mwen vin tankou yon moun ki san lwa, pou m ka mennen moun ki san lwa yo vin jwenn Kris, byenke mwen pa san lwa parapò ak Bondye, men mwen anba lalwa parapò ak Kris. Pou moun ki fèb, mwen vin fèb, pou m ka mennen moun ki fèb yo vin jwenn Kris. Mwen vin tout bagay pou tout kalite moun, pou m ka fè tout sa k posib pou m sove kèk nan yo. Mwen fè tout bagay pou bon nouvèl la, pou m ka pataje l ak lòt moun.” ​(1 Kor. 9:20-23). Jodi a, ki jan nou ka “vin tout bagay pou tout kalite moun”?

Si w gen posiblite byen suiv moun ou pral pale avèk yo a, li mèt se pandan yon ti tan tou kout, ou ka note kèk bagay k ap montre w ki sa ki enterese yo e nan ki sitiyasyon yo ye. Èske w ka devine ki metye yo? Èske w wè kèk siy ki montre nan ki relijyon yo ye? Èske gen kèk bagay ki montre nan ki sitiyasyon fanmi yo ye? Selon sa w obsève, èske w pa ta ka adapte prezantasyon w lan pou w fè l pi enteresan pou moun k ap koute w yo?

Pou w fè prezantasyon w lan pi enteresan pou moun yo, sa mande pou w reflechi alavans sou fason w pral abòde moun ki nan tèritwa w yo. Gen kèk tèritwa ki gen moun ki soti nan lòt peyi. Si gen moun konsa nan tèritwa pa w, èske w deja jwenn yon bon fason pou w ba yo temwayaj? Piske volonte Bondye se pou ‘tout kalite moun sove e pou yo gen yon konesans egzak sou laverite’, fikse objektif pou w prezante tout moun ou rankontre mesaj Wayòm nan yon fason k ap atire yo. — 1 Tim. 2:4.

Koute avèk atansyon. Byenke Jewova konnen tout bagay, li koute lòt moun. Pwofèt Mikaya te resevwa yon vizyon kote l te wè Jewova k ap ankouraje zanj yo bay ide yo sou fason yo t ap jere yon sitiyasyon. Apre sa, Jewova te pèmèt youn nan zanj li yo aplike pwennvi zanj lan li menm te fin bay (1 Wa 22:19-22). Lè Abraram te fè Jewova konnen enkyetid li genyen anrapò ak jijman ki t apral tonbe sou Sodòm nan, Jewova te koute l avèk bonte (Jen. 18:23-33). Lè nou nan predikasyon, ki jan nou ka imite egzanp Jewova bay nan kesyon koute a?

Ankouraje moun yo pale. Poze yo yon kesyon ki apwopriye, epi fè yon poz ki ase long pou w ka ba yo tan pou yo reponn. Koute yo avèk atansyon. Lè yo wè jan w pran san w pou w koute yo, y ap santi yo alèz pou yo pale. Si nan repons yo bay la, ou vin wè sa k enterese yo, avèk ladrès, poze yo lòt kesyon. San w pa fè konvèsasyon an tounen yon entèwogatwa, chèche pi byen konnen moun yo. Felisite yo paske yo fè w konnen sa yo panse, depi w ka fè sa ak tout kè w. Menmsi w pa dakò ak pwennvi yo, avèk jantiyès, montre yo ou te koute sa yo t ap di a. — Kol. 4:6.

Men, nou bezwen fè atansyon pou nou pa depase limit nou nan fason n ap demontre nou enterese nan moun yo. Lefètke nou enterese nan lòt moun, sa pa ban nou dwa pou nou antre nan bagay pèsonèl yo (1 Pyè 4:15). Nou bezwen veye pou yon moun lòt sèks pa mal konprann jantiyès nou demontre anvè li. Li nesesè pou nou gen bon jijman lè n ap montre nou enterese nan lòt moun nan yon degre ki apwopriye, paske tout peyi pa wè kesyon sa a menm jan e tout moun pa fin wè l menm jan. — Lik 6:31.

Lè nou fè preparasyon, sa ede nou pou nou koute lòt moun byen. Lè sa nou pral di a klè nan lespri nou, sa ede nou pou nou alèz e pou nou koute lòt moun yon fason ki natirèl. Sa mete yo alèz e sa fè yo plis dispoze pale avèk nou.

Lè nou koute lòt moun, se onore nou onore yo (Wom. 12:10). Konsa, nou demontre nou bay panse yo ak santiman yo anpil valè. Sa ka menm pouse yo pou yo pi byen koute sa n ap di yo. Se sa k fè Pawòl Bondye a konseye nou pou nou ‘prese pou nou tande, pou nou pa prese pou nou pale’. — Jak 1:19.

Ede lòt moun fè pwogrè. Lefètke nou enterese nan lòt moun, n ap kontinye panse ak moun ki montre yo enterese nan mesaj Wayòm nan apre nou fin pale avèk yo e n ap retounen al vizite yo pou nou pataje avèk yo verite ki nan Bib la ki plis koresponn ak bezwen yo genyen. Lè w ap reflechi sou vizit ou pral fè a, egzamine sa w te aprann sou yo nan vizit ou te deja fè yo. Prepare enfòmasyon sou yon sijè ki enterese yo. Mete aksan sou sa k ap itil yo nan enfòmasyon yo, epi ede yo wè ki jan yo ka jwenn pwofi nan sa y ap aprann nan. — Iza. 48:17.

Si yon moun k ap koute w fè w konnen li nan yon sitiyasyon ki difisil oswa li gen yon pwoblèm k ap boulvèse l, konsidere sa kòm yon okazyon espesyal ou jwenn pou w pataje bon nouvèl la avè l. Suiv egzanp Jezi, ki te toujou pare pou l rekonfòte lòt moun lè yo te nan moman detrès (Mak 6:31-34). Pa kouri bay moun nan yon solisyon rapid oswa yon konsèy konsa konsa. Sa ka fè l santi ou pa vrèman enterese nan li. Okontrè, montre l ou konprann sa l ap andire a (1 Pyè 3:8). Apre sa, fè rechèch nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la epi pataje bonjan enfòmasyon ou jwenn yo ak moun nan pou w ede l fè fas ak sitiyasyon l lan. Natirèlman, lefètke nou enterese nan moun k ap koute nou yo ak tout kè nou, sa ap anpeche nou fè lòt moun konnen bagay sekrè yo konfye nou, amwenske nou ta gen yon bon rezon pou nou fè sa. — Pwo. 25:9.

Nou ta dwe montre nou enterese pèsonèlman sitou nan moun n ap kondui etid biblik avèk yo. Reflechi sou bezwen chak etidyan e priye sou sa. Prepare etid la toutpandan w ap reflechi sou bezwen sa yo. Mande tèt ou: ‘Ki sa etidyan an bezwen fè ankò pou l kontinye pwogrese nan domèn espirityèl?’ Avèk amou, ede etidyan an konprann sa Labib ak piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an” di sou sa (Mat. 24:45). Nan kèk ka, li ka pa sifi pou w annik ba l yon ti esplikasyon tou senp. Ou ka bezwen montre l ki jan pou l aplike yon prensip biblik. Pou w fè sa, ou ka fè yon demonstrasyon avèk li sou sa. — Jan 13:1-15.

Li nesesè pou w gen ekilib ak bonsans lè w ap ede lòt moun chèche viv ann amoni ak prensip Jewova yo. Tout moun pa gen menm orijin, yo pa gen menm fòmasyon, yo pa gen menm kapasite e yo pa pwogrese ak menm vitès. Se pou w rezonab nan sa w ap atann pou lòt moun fè (Fil. 4:5). Pa fè presyon sou yo pou yo fè chanjman nan lavi yo. Kite Pawòl Bondye a ak lespri Bondye pouse yo aji. Jewova vle moun yo sèvi l paske kè yo pouse yo fè sa, men li pa vle pou se fòse yo fòse yo (Sòm 110:3). Evite pou w pa bay opinyon pa w sou desizyon pèsonèl y ap pran, menmsi yo mande w sa. Veye pou w pa pran desizyon nan plas yo. — Gal. 6:5.

Ba yo yon èd k ap itil yo. Byenke premye bagay ki te enterese Jezi se ede moun ki t ap koute l yo gen bon relasyon ak Bondye, li te sansib pou lòt kalite bezwen yo te genyen tou (Mat. 15:32). Menmsi nou pa gen gwo mwayen, gen anpil fason nou kapab ede moun yo.

Si nou enterese nan lòt moun, sa ap pouse nou gen konsiderasyon pou yo. Pa egzanp, si solèy cho, tan mare oswa farinay lapli fè moun w ap pale avè l la malalèz, ale yon kote ki pi bon oswa pran randevou pou w kontinye konvèsasyon an yon lòt lè. Si w te vin vizite l nan yon lè ki pa bon pou li, pwopoze l pou w retounen yon lòt lè. Si yon vwazen w oswa yon moun ki montre li enterese nan laverite malad oswa li lopital, ou ka voye yon kat ba li, ou ka ekri l yon ti lèt oubyen ou ka al vizite l, konsa w ap montre w enterese nan li. Si sa apwopriye, ou ka pot yon ti manje pou li oswa w ka fè yon lòt jès ki demontre w gen bonte.

Ofiramezi etidyan Labib yo ap pwogrese, yo ka santi yo manke yon bagay paske yo pa pase yon pakèt tan ankò ak ansyen zanmi yo, jan yo te konn fè sa anvan. Fè zanmi avèk yo. Pase tan ap pale avèk yo apre w fin fè etid yo oswa nan lòt moman. Ankouraje yo chèche gen bon zanmi (Pwo. 13:20). Ede yo asiste reyinyon yo. Chita bò kote yo nan reyinyon sa yo, epi ede yo ak pitit yo yon fason pou yo tout ka pi byen pwofite pwogram reyinyon yo.

Demontre w enterese nan yo ak tout kè w. Demontre nou enterese nan moun se pa yon teknik yon moun aprann, men se yon kalite nou dwe gen nan kè nou. Gen anpil fason nou ka demontre nan ki degre nou enterese nan lòt moun. Nou ka demontre sa nan fason nou koute yo e nan sa n ap di yo. Nou ka demontre sa tou nan bonte ak konsiderasyon nou gen pou yo. Menm lè nou pa di anyen e nou pa fè anyen, sa ka parèt nan atitid nou ak nan vizaj nou. Si nou vrèman gen sousi pou lòt moun, pa gen dout y ap kapab wè sa.

Rezon ki pi enpòtan ki fè nou demontre nou enterese nan lòt moun ak tout kè nou, sèke lè nou fè sa, nou imite lanmou ak mizèrikòd Papa nou ki nan syèl la genyen. Sa ede nou atire moun k ap koute nou yo pou yo vin sèvi Jewova e nou atire yo pou yo koute mesaj Jewova ban nou simaye a. Kidonk, lè n ap preche bon nouvèl la, fè tout sa nou kapab pou nou ‘pa chèche enterè pa nou sèlman, men pou nou chèche enterè pa lòt moun tou’. — Fil. 2:4.

FASON POU W MONTRE W ENTERESE NAN LÒT MOUN AK TOUT KÈ W

  • Koute lòt moun nan lè l ap pale. Di l mèsi paske li fè w konnen panse l ak santiman l. Poze l kesyon pou w ka konprann sa l panse pi byen toujou.

  • Panse ak li apre w fin pale avè l. Kontakte l ankò san pran tan.

  • Pataje verite ki nan Bib la avè l, verite ki plis koresponn ak bezwen li genyen.

  • Fè kèk bagay k ap ede l. Egzamine ni bezwen l gen pou kounye a, ni bezwen l ap gen alavni.

EGZÈSIS: 1) Anvan yon reyinyon kongregasyon an, montre w enterese pèsonèlman nan yon moun ki gentan la. Pa annik salye l konsa konsa. Fè efò pou w konnen l pi byen. Montre w gen sousi pou li. Fè sa tounen yon abitid pou ou. 2) Nan predikasyon, montre w enterese pèsonèlman nan yon moun ou rankontre. Pa annik preche l. Chèche konn moun nan. Adapte ni pawòl ou ni aksyon w ak sa w vin konnen sou moun nan. Kontinye chèche okazyon pou w fè sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje