BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be p. 62-p. 65 par. 4
  • Fason w ka amelyore kapasite w genyen pou w fè konvèsasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason w ka amelyore kapasite w genyen pou w fè konvèsasyon
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Kòmanse depi lakay ou
  • Fè konvèsasyon ak moun ou pa konnen
  • Fason pou w kontinye yon konvèsasyon
  • Lè w avèk konpayon kretyen w yo
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Chèche bay temwayaj enfòmèl
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Ki sa m ka fè pou m amelyore kapasite pou m fè konvèsasyon?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Èske w ta dwe kanpe konvèsasyon an?
    Renmen moun, epi fè disip
  • Montre w enterese nan lòt moun
    Renmen moun, epi fè disip
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be p. 62-p. 65 par. 4

Fason w ka amelyore kapasite w genyen pou w fè konvèsasyon

ÈSKE an jeneral ou twouve li fasil pou w fè konvèsasyon ak lòt moun? Gen anpil moun, depi yo panse ak kesyon pale ak lòt moun nan, sa ba yo pwoblèm, sitou si yo pa konn moun yo pral pale avè l la. Moun sa yo ka timid. Yo ka ap mande tèt yo: ‘Sou ki sa pou m pale ak moun nan? Ki jan pou m kòmanse konvèsasyon an? Ki jan pou m kontinye l?’ Gen lòt moun ki gen konfyans nan tèt yo e ki renmen pale. Yo menm, yo ka gen tandans domine yon konvèsasyon. Yo ka gen difikilte pou yo kite lòt moun pale e pou yo chèche koute sa y ap di. Konsa, nou tout, kit nou timid kit nou renmen pale, nou bezwen kontinye devlope kapasite nou genyen pou n fè konvèsasyon.

Kòmanse depi lakay ou

Si w vle amelyore kapasite w genyen pou w fè konvèsasyon, poukisa w pa kòmanse depi lakay ou? Lè w fè konvèsasyon ki ankourajan ak moun nan fanmi w, ou ka fè gen plis kè kontan nan fanmi an.

Premye bagay enpòtan k ap ede nou fè konvèsasyon konsa, se lè nou enterese anpil youn ak lòt (Det. 6:6, 7; Pwo. 4:1-4). Lè nou enterese youn ak lòt, nou rive pale youn ak lòt e nou koute sa youn lòt ap di. Yon lòt bagay enpòtan k ap ede nou se si nou gen yon bagay ki gen valè pou nou di. Si nou li Bib la regilyèman e nou fè etid pèsonèl nou regilyèman, n ap gen anpil bagay pou nou di lòt moun. Si nou byen sèvi ak bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a, n ap kapab fè konvèsasyon ki ankourajan ak lòt moun. Petèt pandan jounen an, nou te fè yon bèl eksperyans nan predikasyon. Petèt nou te li yon bagay ki enteresan oswa ki amizan. Nou ta dwe pran abitid pataje bagay sa yo ak fanmi nou nan bonjan konvèsasyon n ap fè. Sa ap ede nou tou lè n ap fè konvèsasyon ak lòt moun ki pa fanmi nou.

Fè konvèsasyon ak moun ou pa konnen

Anpil moun ezite pou yo kòmanse yon konvèsasyon ak yon moun yo pa konnen. Men, piske Temwen Jewova yo gen lanmou pou Jewova e yo gen lanmou pou pwochen yo, yo fè gwo efò pou yo aprann ki jan pou yo fè konvèsasyon ak lòt moun nan objektif pou yo pataje verite ki nan Bib la avèk yo. Ki sa k ka ede w amelyore kapasite w genyen nan domèn sa a?

Prensip ki nan Filipyen 2:4 la kapab ede w anpil. Prensip sa a ankouraje nou pou nou ‘pa chèche enterè pa nou sèlman, men pou nou chèche enterè pa lòt moun tou’. Annou fè yon ti reflechi: Si w pa t janm rankontre yon moun, pou li ou se yon etranje. Ki jan ou ka mete l alèz? Yon bèl souri ak yon bèl salitasyon ap ede w fè sa. Men, gen lòt bagay pou w fè toujou.

Petèt, ou te kanpe moun nan sou refleksyon l t ap fè. Si w chèche pou w fè l pale sou sa ki nan tèt ou a san w pa enterese nan sa ki nan tèt pa l, èske l ap byen reyaji? Ki sa Jezi te fè lè l te rankontre yon fi bò yon pi nan Samari? Lespri fi a te sou dlo l t ap pran an. Jezi te kòmanse yon konvèsasyon avèk li sou sa l t ap fè a epi li pa t pran anpil tan pou l te vire konvèsasyon an pou l fè l tounen yon bèl konvèsasyon sou bagay espirityèl. — Jan 4:7-26.

Si w se yon bon obsèvatè, ou menm tou, ou ka rive wè ki sa petèt ki nan lespri moun ou pral pale avè l la. Èske li parèt kontan oswa li parèt tris? Èske l antre nan laj, èske petèt li enfim? Èske w wè kèk bagay ki montre gen timoun nan kay la? Èske moun nan parèt byen nan domèn materyèl oswa èske se yon moun k ap bat dlo pou l fè bè? Èske dekorasyon ki gen nan kay la oswa bijou ki sou moun nan montre li nan yon relijyon? Si lè w ap salye moun nan ou montre ou teni kont de pwen sa yo, li ka wè ou se yon moun ki enterese nan sa ki enterese l.

Si w pa rankontre moun ki nan kay la fasafas, men se sèlman vwa l ou tande pandan l dèyè yon pòt ki byen klete, ki sa sa ka fè w konprann? Sa ka fè w konprann moun nan ap viv nan laperèz. Èske w ka sèvi ak pwen sa a w rive konprann nan pou w kòmanse yon konvèsasyon avè l pandan l anndan an?

Gen kèk kote li posib pou w fè yon moun fè yon konvèsasyon avèk ou lè w ba l kèk enfòmasyon sou ou: kiyès ou ye, ki kote w soti, poukisa w vin lakay li, poukisa w kwè nan Bondye, poukisa w te kòmanse etidye Labib e ki jan Labib ede w (Tra. 26:4-23). Nòmalman, ou dwe montre w gen bon jijman lè w ap fè sa e ou dwe fè sa nan yon objektif presi. Sa ka fè moun nan bò kote pa l dispoze ba w enfòmasyon sou li e li ka ba w pwennvi l sou sa w vin pale avè l la.

Nan kèk kilti, moun yo renmen akeyi moun yo pa konnen. San pran tan, yo ka envite w antre lakay yo e yo ka envite w chita. Yonfwa w fin chita, si w mande moun ki nan kay la avèk jantiyès ki jan fanmi l ye epi w byen koute repons l ap ba ou, li menm tou, li ka byen koute sa w ap di. Gen lòt moun ki montre yo enterese plis toujou nan moun ki vin vizite yo, se sa k fè nan ka sa yo, ou ka pran plis tan nan ti pale w ap fè anvan w kòmanse konvèsasyon an. Nan moman sa a, yo ka wè gen bagay ki enterese w e ki enterese yo tou. Sa ka mennen nan yon konvèsasyon sou bagay espirityèl yo, e sa ap itil moun nan.

Ki sa pou w fè si gen anpil moun nan zòn ou an ki pale lòt lang? Ki jan w ka rive pale ak moun sa yo? Si w ta aprann kèk ti bagay byen senp nan lang sa yo, menmsi se sèlman aprann ou aprann di moun bonjou, moun yo ap rann yo kont ou enterese nan yo. Sa ka ba w posiblite pou w fè lòt konvèsasyon avèk yo.

Fason pou w kontinye yon konvèsasyon

Pou w kontinye yon konvèsasyon, ou bezwen enterese nan sa lòt moun nan panse. Ankouraje l pale si l dispoze fè sa. Si w byen chwazi kesyon w ap poze l yo, sa ka ede w fè sa. Kesyon ki mande pou moun nan bay opinyon l yo pi bon, paske an jeneral, moun nan pa ka annik reponn wi oswa non. Pa egzanp, apre w fin pale ak yon moun sou yon pwoblèm ki enkyete moun nan zòn nan, ou ka mande l: “Ki sa w panse ki lakòz sitiyasyon sa a?”, oswa ou ka mande l: “Ki sa w panse ki ka rezoud pwoblèm sa a?”

Lè w poze yon moun yon kesyon, koute repons l ap bay la avèk atansyon. Montre w enterese nan sa moun nan ap di a. Ou ka fè sa nan pawòl w ap di, oubyen nan jès w ap fè tankou lè w souke tèt ou pou w montre w ap koute sa l ap di a. Pa entèwonp moun nan nan sa l ap di a. Egzamine sa l di a, pa kouri rejte pwennvi l genyen sou sijè a. ‘Se pou w prese koute, e w pa dwe prese pale.’ ​(Jak 1:19). Lè w ap reponn, montre moun nan ou vrèman t ap koute sa l t ap di a.

Men, pa met nan tèt ou se tout moun k ap reponn kesyon w ap poze. Gen kèk moun pou yo reponn ou, yo ka annik monte sousi yo oswa yo ka annik souri. Gen lòt moun ki ka annik di w wi oswa non. Pa kite sa ba w pwoblèm. Se pou w gen pasyans. Pa chèche fòse yon moun pale. Si yon moun dispoze koute, sèvi ak okazyon sa a pou w pataje kèk panse ki sot nan Bib la avè l, e sa ap ankouraje l. Rive yon lè, moun nan ka vin konsidere w kòm yon zanmi. Annapre, petèt l ap vin santi l pi alèz pou l di w sa l panse.

Lè w ap pale ak yon moun, poze baz pou w retounen vizite moun nan. Si yon moun poze yon pakèt kesyon, reponn li kèk ladan yo, men kite youn oswa de pou w pale sou yo avè l yon lòt fwa. Di l w ap fè rechèch sou sa, apre sa, retounen pataje sa w te jwenn nan rechèch yo avè l. Si li pa poze kesyon, lè w ap fini konvèsasyon an, ou ka poze l yon kesyon ou panse k ap enterese l. Pwopoze l pou w vin egzamine kesyon sa a avè l nan lòt vizit la. Ou kapab jwenn anpil bèl ide nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la ak nan kèk Toudegad ak Réveillez-vous! ki pa gen twò lontan depi yo pibliye yo.

Lè w avèk konpayon kretyen w yo

Lè w rankontre yon lòt Temwen Jewova pou premye fwa, èske w chèche fè konesans avèk li? Oswa èske w jis rete san w pa pale? Lanmou nou gen pou frè nou yo ap fè nou dispoze aprann konnen yo (Jan 13:35). Ki jan w ka kòmanse fè sa? Ou ka senpleman bay Temwen ou rankontre a non w epi ou mande l non l. Si w mande l ki jan l te fè vin nan laverite, an jeneral, sa ka debouche sou yon bèl konvèsasyon e sa ka pèmèt nou youn aprann konn lòt. Menmsi sa w ap di lòt moun nan ta sanble pa ka soti twò fasil, efò w fè pou w di yo a ap montre moun nan ou enterese nan li, e se sa ki enpòtan.

Ki sa k ka fè w gen yon bèl konvèsasyon avèk yon moun ki fè pati kongregasyon w lan? Montre w enterese toutbon nan moun nan e montre w enterese nan fanmi l. Si reyinyon an fèk fini, ou ka pale sou ide ou te twouve ki enteresan ladan l. Sa ka bon ni pou ou ni pou li. Ou ka pale sou yon pwen enteresan ou te jwenn nan yon Toudegad oswa nan yon Réveillez-vous! ki pa gen lontan yo pibliye l. Ou pa dwe fè sa nan objektif pou w montre w konnen oswa pou w teste konesans moun nan. Men pito, ou dwe fè sa nan objektif pou w pataje yon bagay ou te twouve ki vrèman enteresan ak moun nan. Ou ka pale sou yon patisipasyon ou menm oswa li menm genyen nan Lekòl ministè teyokratik la e ou ka pale sou fason patisipasyon sa a ka fèt. Ou ka pataje eksperyans ou fè nan travay predikasyon an avè l tou.

Natirèlman, lè nou enterese nan lòt moun, souvan sa konn fè nou pale de yo, de sa yo di oswa de sa yo fè. Nan pawòl n ap di, ka gen ti pwen ki amizan. Èske sa ap ankourajan pou yo? Si nou koute konsèy Pawòl Bondye a bay e si nou kite lanmou ki soti nan Bondye a motive nou, siman pawòl n ap di yo ap ankourajan pou lòt moun. — Pwo. 16:27, 28; Efe. 4:25, 29; 5:3, 4; Jak 1:26.

Anvan n al preche, nou konn prepare sa n pral di. Poukisa nou pa prepare yon bon ti sijè ki enteresan pou nou pale ak zanmi nou? Lè w li oswa w koute yon bagay ki enteresan, eseye kenbe kèk pwen ou ta renmen pataje ak lòt moun. Ofiramezi, w ap vin gen yon pakèt sijè e w ap ka chwazi ladan yo pou w pale ak lòt moun. Si w fè sa, sa ap pèmèt ou kapab pale sou yon pakèt bagay, ou pap pale sèlman sou ti bagay k ap pase chak jou nan lavi a. Men, sa ki pi enpòtan, nou swete pou pawòl ou montre ou bay Pawòl Bondye a anpil valè! — Sòm 139:17.

PWEN K AP EDE W KÒMANSE YON KONVÈSASYON

  • Suiv koutim ki gen nan zòn nan

  • Felisite moun nan ak tout kè w

  • Pale sou yon pwen ki enterese nou toule de

  • Poze moun nan yon kesyon ki mande pou l bay pwennvi l

KALITE OU BEZWEN GENYEN

  • Kè kontan

  • Afeksyon ak senserite

  • Bonjan enterè pou lòt moun

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje