Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Chèche bay temwayaj enfòmèl
Rezon ki fè sa enpòtan: Lè n ap patisipe nan travay predikasyon kay an kay la, souvan, gen anpil moun ki konn pa lakay yo. Sepandan, nou ka rive jwenn moun sa yo lè nou nan transpò piblik, lè n ap tann yon doktè, lè nou nan poz nan lekòl nou oswa nan travay nou, oubyen nan lòt okazyon ankò. Jewova vle pou tout moun jwenn posiblite pou yo tande mesaj Wayòm nan (1 Tim. 2:3, 4). Souvan, pou nou rive bay moun yo temwayaj, nou konn bezwen fè efò pou nou kòmanse yon konvèsasyon avè yo.
Eseye sa a pandan mwa a:
Chak semèn, nan aktivite w ap mennen chak jou, eseye kòmanse omwen yon konvèsasyon nan objektif pou w bay temwayaj enfòmèl.