BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lmd leson 1
  • Montre w enterese nan lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Montre w enterese nan lòt moun
  • Renmen moun, epi fè disip
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Jezi te fè
  • Ki sa nou aprann sou Jezi?
  • Imite Jezi
  • Fè konvèsasyon an yon fason ki natirèl
    Renmen moun, epi fè disip
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Kòmanse konvèsasyon ki ka ban nou okazyon pou nou bay temwayaj
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Fason w ka amelyore kapasite w genyen pou w fè konvèsasyon
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Chèche bay temwayaj enfòmèl
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Renmen moun, epi fè disip
lmd leson 1

FASON POU W KÒMANSE KONVÈSASYON

Jezi k ap pale ak yon dam bò yon pi.

Jan 4:​6-9

LESON 1

Montre w enterese nan lòt moun

Prensip: “Lanmou […] pa chèche pwòp enterè l.” — 1 Kor. 13:​4, 5.

Sa Jezi te fè

Jezi k ap pale ak yon dam bò yon pi.

VIDEYO: Jezi ak dam ki te vin pran dlo nan pi a

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Jan 4:​6-9. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1. Ki sa Jezi te remake anrapò ak dam nan anvan l te kòmanse yon konvèsasyon avè l?

  2. Jezi te di l: “Ban m yon ti dlo pou m bwè.” Poukisa se te yon bon fason pou Jezi kòmanse konvèsasyon an?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Li pi fasil pou nou fè yon bèl konvèsasyon ak yon moun si nou kòmanse pale avè l sou yon bagay ki enterese l.

Imite Jezi

3. Se pou w dispoze adapte w. Pa pèsiste pou w pale sou yon sijè ou te deja prepare. Ou ka kòmanse ak yon sijè ki okipe lespri lòt moun. Mande tèt ou:

  1. ‘Ki sa yo di nan nouvèl yo?’

  2. ‘Sou ki sa vwazen m yo, kòlèg travay mwen yo oswa kondisip mwen yo ap pale?’

4. Se pou w konn obsève. Mande tèt ou:

  1. ‘Ki sa moun nan ap fè nan moman an? Ak ki sa li ka ap panse?’

  2. ‘Ki sa rad moun nan, aparans li oswa kay li montre m sou kwayans li oubyen sou kilti l?’

  3. ‘Èske se bon moman pou m pale ak moun sa a?’

5. Koute.

  1. Pa pale twòp.

  2. Ankouraje moun nan pou l di sa l panse. Lè sa apwopriye, poze l kesyon.

GADE TOU

Mat. 7:12; 1 Kor. 9:​20-23; Flp. 2:4; Jak 1:19

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje