LESON 31
Montre w gen respè pou lòt moun
LABIB di nou pou nou “onore tout kalite moun” e pou nou “pa pale pèsonn mal”. (1 Pyè 2:17; Tit 3:2.) An reyalite, chak moun nou rankontre “fèt ‘pòtre ak Bondye’”. (Jak 3:9.) Kris te mouri pou yo chak (Jan 3:16). Yo tout merite tande bon nouvèl la pou yo ka aji ann amoni ak li pou yo sove (2 Pyè 3:9). Gen kèk moun ki gen yon pozisyon oswa yon otorite ki fè yo merite yon onè espesyal.
Poukisa gen moun ki ka chèche eskiz pou yo pa montre respè Labib ankouraje yo pou yo demontre pou lòt moun? Kilti ki nan zòn yon moun ka fè moun nan konprann se selon klas sosyal yon moun, koulè l, sèks li, sante l, laj li, richès li oswa pozisyon l nan sosyete a l ap kalifye pou l jwenn onè. Koripsyon ki gaye nan mitan otorite yo fè moun manke respè pou yo. Nan kèk peyi, moun yo pa satisfè ditou ak sitiyasyon yo nan lavi a, petèt yo travay anpil jis pou yo ka jwenn sa ki nesesè pou yo viv, e yo antoure ak moun ki pa gen respè pou yo. Jèn yo gen presyon lòt jèn parèy yo ap fè sou yo pou yo mete ansanm avèk yo pou yo rebele kont pwofesè yo pa renmen oswa kont lòt moun ki gen otorite. Anpil ladan yo se sa yo wè nan televizyon ki enfliyanse yo, kote yo wè yon seri ti entèlijan k ap fè paran yo mache ès ès. Sa mande efò pou nou pa kite ide ak konpòtman sa yo ki nan monn nan chanje fason nou konsidere lòt moun. Men, lè nou montre nou respekte diyite moun yo, sa fè gen yon anbyans kote li pi fasil pou nou fè konvèsasyon avèk yo.
Abòde moun yo avèk respè. Yo atann pou yon moun k ap patisipe nan aktivite yon relijyon montre li gen respè pou lòt moun lè l abiye e lè l aji yon fason ki kòrèk. Sa moun nan yon zòn konsidere kòm byennelve konn pa menm ak sa moun nan yon lòt zòn konsidere kòm byennelve. Nan kèk zòn, gen moun ki konsidere se yon mank respè pou yon moun abòde yon lòt moun pandan yon chapo nan tèt li oswa yon men l nan pòch li. Nan kèk lòt zòn, moun yo ka pa gen pwoblèm ak sa. Pran santiman moun ki nan zòn ou an an konsiderasyon yon fason pou w pa fè yo fache. Si w fè sa, sa ka ede w evite yon seri pwoblèm ki ta ka anpeche w fè moun yo konnen bon nouvèl la yon fason ki efikas.
Se menm bagay la tou pou fason n ap pale avèk lòt moun, sitou moun ki granmoun yo. An jeneral, yo konsidere se yon gwo mank respè si yon jèn pa sèvi ak siyati yon moun ki granmoun pou l rele l, amwenske se li ki ta ba l pèmisyon rele l nan non l. Gen kèk kote tou, yo atann pou moun ki granmoun yo sèvi ak siyati yon moun yo pa konnen pou yo rele l. Anplis, nan anpil lang, moun yo konn itilize lòt mwayen pou yo montre respè pou moun ki pi gran pase yo oswa pou moun ki gen otorite.
Respè pou moun ou konnen. Nan kèk zòn ki pa gen anpil moun, yo pa aksepte pou yon moun fè kòmsi l pa wè yon moun li rankontre, kit l ap mache nan lari, kit l ap antre yon kote. Li ka salye moun nan, li ka souri ba li, li ka fè yon jès ak tèt li oswa menm li ka annik monte sousi l. Lè l fè kòmsi l pa wè moun nan, yo konsidere sa kòm yon mank respè.
Men, gen moun ki ka santi lòt moun inyore yo, menmsi moun sa yo ta demontre yo wè yo. Sa k ka fè sa? Paske yo ka gen enpresyon yo pa resevwa atansyon yo ta dwe ba yo. Li fasil pou moun jije lòt moun sou aparans fizik yo. Souvan, yo evite moun ki gen yon andikap oswa moun ki gen pwoblèm sante. Sepandan, Pawòl Bondye a aprann nou pou nou trete moun sa yo avèk lanmou e avèk respè (Mat. 8:2, 3). Peche Adan kite pou nou kòm eritaj la gen efè sou nou tout yon fason oswa yon lòt. Èske w t ap santi lòt moun gen respè pou ou si chak lè y ap pale de ou, se defo w yo met devan? Èske w pa t ap plis renmen pito pou moun yo rekonèt ou gen anpil bèl kalite?
Pou w respekte yon moun, sa mande pou w rekonèt otorite l. Nan kèk zòn, li nesesè pou w pale ak chèf fanmi an anvan w preche lòt moun nan fanmi an. Byenke se Jewova ki ban nou misyon pou nou preche lòt moun yo e pou nou anseye yo, nou rekonèt Jewova bay paran yo otorite pou yo fòme pitit yo, pou yo disipline yo e pou yo dirije yo (Efe. 6:1-4). Se sa k fè, lè n al preche nan yon kay, an jeneral, li apwopriye pou nou pale ak paran yo anvan nou fè yon gwo konvèsasyon ak timoun yo.
Laj fè moun vin gen eksperyans, e lòt moun dwe respekte sa (Jòb 32:6, 7). Gen yon jèn sè ki pyonye nan Srilanka, ki t ap vizite yon granmoun, ki te rekonèt sa, e sa te ede l. Granmoun nan pa t dakò vizit sè a, li te di l: “Ki jan pou yon jèn tifi tankou w fè vin anseye m Labib?” Men, sè a te reponn li: “An reyalite, mwen pa vin anseye w, mwen vin pataje yon bon bagay avè w, yon bagay mwen te aprann ki fè m tèlman kontan mwen wè mwen dwe fè lòt moun konn sa.” Lefètke pyonye a te reponn mesye a avèk respè, sa te fè mesye a anvi koute l. Mesye a te di l: “Bon, di m non, ki sa w te aprann nan?” Pyonye a di l: “Mwen te aprann ki jan yon moun ka viv pou toutan.” Mesye a te kòmanse etidye Labib avèk Temwen Jewova yo. Se pa tout moun ki granmoun k ap mande w byen klè pou w trete yo avèk yon respè konsa, men pifò ladan yo ap apresye sa.
Men, li posib pou yon moun ale twò lwen nan chèche demontre respè pou moun. Nan zile Pasifik yo ak kèk lòt kote ankò nan monn nan, fason Temwen Jewova yo demontre respè lè yo itilize fòm espesyal ki genyen pou yo abòde yon chèf vilaj oswa yon chèf tribi, se yon bagay ki ka fè moun yo koute yo e ki ka bay Temwen yo posiblite pou yo pale ni ak chèf la ni ak moun l ap dirije yo. Sepandan, li pa nesesè pou yo flate yo, ni li pa kòrèk pou yo fè sa (Pwo. 29:5). Menm jan an tou, yon lang ka gen yon seri gwo tit ki fè pati gramè lang nan ki sèvi pou onore moun, men se pa paske kretyen yo gen respè pou moun ki fè yo ta dwe ap plede di tit sa yo lè y ap pale ak yon moun.
Pale avèk respè. Labib ankouraje nou pou nou esplike lòt moun rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an “avèk dousè e avèk gwo respè”. (1 Pyè 3:15.) Se poutèt sa, byenke nou ka anmezi pou nou montre yon moun fay ki gen nan pwennvi l byen vit, èske li saj pou nou fè sa yon fason ki montre nou pa respekte diyite l? Èske li pa t ap pi bon pou nou koute l avèk pasyans, pandan petèt nou mande l poukisa se konsa li wè bagay yo? Apre sa, nou ka pran santiman l an konsiderasyon lè n ap rezone avè l sou esplikasyon ki soti nan Bib la.
Nonsèlman nou dwe demontre yon respè konsa lè n ap pale ak yon sèl moun, men tou, nou dwe demontre l tou lè nou sou estrad la kote n ap pale ak yon gwoup moun. Yon oratè ki respekte moun k ap koute l yo pap tonbe nan kritike yo byen di, ni li pap montre nan atitid li se kòmsi li te vle di moun yo: “Si nou pa fè sa nou te sipoze fè a, se vle nou pa vle.” Si l pale konsa, se dekouraje l ap dekouraje moun yo. L ap pi bon lontan pou l wè moun yo kòm moun ki renmen Jewova e ki vle sèvi l! Menm jan ak Jezi, nou dwe montre nou gen konsiderasyon pou moun ki fèb nan domèn espirityèl yo, moun ki manke eksperyans yo oswa moun ki pran tan pou yo aplike konsèy yo jwenn nan Bib la.
Moun ki nan asistans lan ap santi respè oratè a gen pou yo si oratè a konsidere tèt li tou kòm yon moun ki bezwen aplike Pawòl Bondye a plis toujou. Donk, li saj pou l evite fè aplikasyon yo pou moun ki nan asistans lan sèlman. Pa egzanp, si yon oratè ta mande: “Èske w fè tout sa w kapab?” se pa t ap menm bagay ditou ak si l ta di: “Nou chak ta dwe mande tèt nou: ‘Èske m fè tout sa m kapab?’” Se menm ide a ki parèt nan chak kesyon, men nan premye kesyon an, moun yo ka konprann oratè a pa met tèt li nan menm nivo avèk yo. Dezyèm kesyon an li menm ankouraje chak moun, oratè a ladan l tou, pou yo analize sitiyasyon yo ak mobil yo.
Reziste kont tandans pou w ta ap di bagay ki komik tou senpleman pou w fè moun k ap koute w yo ri. Sa pa kadre ak mesaj ki nan Bib la, yon mesaj ki mande pou moun respekte l. Se vre, nou dwe gen kè kontan nan sèvis n ap bay Bondye a, e ka gen kèk bagay nan yon patisipasyon n ap fè ki ka fè moun ri, men si nou pran bagay serye fè yo tounen bagay pou fè moun ri, sa ka montre nou manke respè ni pou moun k ap koute nou yo ni pou Bondye.
Nou swete pou fason nou abòde moun yo, konpòtman nou ak fason nou pale toujou montre nou konsidere lòt moun jan Jewova anseye nou pou nou konsidere yo.