LESON 47
Byen sèvi ak bagay moun yo ka wè pou w anseye yo
POUKISA W dwe sèvi ak bagay moun yo ka wè pou w anseye yo? Paske lè w fè sa, sa ka fè w anseye yo pi byen. Jewova Dye ak Jezi Kris sèvi ak bagay moun yo ka wè pou yo anseye yo, e nou ka aprann nan men yo. Lè w asosye bagay moun ka wè ak pawòl w ap di yo, moun yo kapte enfòmasyon yo ni ak zòrèy yo ni ak je yo. Sa ka ede w kapte atansyon yo e sa ka ede w fè ide yo antre pi fon nan lespri yo. Ki jan w ka itilize bagay moun yo ka wè pou w anseye yo lè w ap preche bon nouvèl la? Ki jan w ka sèten ou byen itilize yo?
Fason de pi gwo Anseyan yo sèvi ak bagay moun ka wè pou yo anseye yo. Pou Jewova te anseye kèk moun yon seri leson ki enpòtan, li te sèvi ak bagay yo ka wè ki fasil pou yo sonje. Gen yon nuit li te fè Abraram soti deyò e li te di l: “Silvouplè, gade syèl la e konte zetwal yo si w ka konte yo. [...] Se konsa desandans ou ap vini.” (Jen. 15:5). Menmsi sa Jewova te pwomèt la te parèt enposib nan je lèzòm, sa te gen yon gwo efè sou Abraram, e Abraram te mete lafwa nan Jewova. Gen yon lòt fwa, Jewova te voye Jeremi lakay yon bòs potri e li te fè l antre kote l ap fè po yo pou l gade jan bòs potri a ap bay ajil l ap travay la fòm. Se yon leson Jeremi pa t ap ka bliye sou pouvwa Kreyatè a genyen sou lèzòm (Jer. 18:1-6)! E Yona, èske l ta ka janm bliye leson sou mizèrikòd Jewova te anseye l pa mwayen ti pye kalbas kouran an (Yona 4:6-11)? Jewova te menm di pwofèt li yo pou yo sèvi ak yon seri bagay pou yo jwe yon ti dram lè yo t ap bay yon seri pwofesi (1 Wa 11:29-32; Jer. 27:1-8; Eze. 4:1-17). Gen kèk karakteristik tabènak la ak tanp lan se te modèl ki ede n konprann bagay ki nan syèl la (Ebre 9:9, 23, 24). Nan anpil okazyon, Bondye te sèvi ak vizyon tou pou l te bay enfòmasyon ki enpòtan. — Eze. 1:4-28; 8:2-18; Tra. 10:9-16; 16:9, 10; Rev. 1:1.
Ki jan Jezi te sèvi avèk bagay moun yo ka wè pou l anseye yo? Lè Farizyen yo ak moun ki te patizan Ewòd yo t ap eseye pran Jezi nan pyèj nan pawòl li, li te mande pou yo ba li yon denye, yon pyès monnen ki te gen imaj Seza sou li, e li te atire atansyon yo sou imaj la. Ansuit, li te fè yo konnen yo ta dwe bay Seza sa ki pou Seza e yo ta dwe bay Bondye sa ki pou Bondye (Mat. 22:19-21). Pou Jezi te anseye moun yo yon leson sou kesyon onore Bondye ak tout sa yo genyen, li te atire atansyon yo sou yon vèv malerèz ki t ap bay ofrann nan tanp lan. Vèv la te bay de ti pyès monnen sèlman, e se tout sa l te genyen pou l viv (Lik 21:1-4). Nan yon lòt okazyon, li te sèvi ak yon timoun piti pou l bay yon egzanp sou imilite, pou l montre ki lè yon moun pa gen anbisyon (Mat. 18:2-6). Anplis, li te montre sa sa vle di imilite lè l te lave pye disip li yo. — Jan 13:14.
Fason pou w sèvi ak bagay moun yo ka wè pou w anseye yo. Jewova te sèvi ak vizyon pou l kominike ak lòt moun, men nou menm, nou pa ka fè sa. Sepandan, gen anpil foto ki ka fè moun reflechi ki parèt nan piblikasyon Temwen Jewova yo. Sèvi avèk yo pou w ede moun ki enterese yo imajine jan Paradi ki pral gen sou tè a ap ye, Paradi Bondye pwomèt nan Pawòl li a. Nan etid biblik w ap fè, ou ka atire atansyon moun yo sou foto ki gen rapò ak sa w ap etidye a e w ka mande yo pou yo di w sa yo wè nan foto sa yo. N ap remake nan yon vizyon Jewova te bay Amòs, Jewova te mande l: “Ki sa w wè, Amòs?” (Amòs 7:7, 8; 8:1, 2). Ou ka poze moun yo kesyon konsa tou lè w ap atire atansyon yo sou foto yo met nan piblikasyon yo pou w kore ansèyman w ap bay la.
Ou ka ede moun yo pi byen konprann yon seri pwofesi tankou “sèt tan” ki nan Dànyèl 4:16 la ak “swasanndis semèn” ki nan Dànyèl 9:24 la, si w ekri kèk kalkil matematik pou w jwenn dat yo oswa si w trase yon liy epi w mete dat divès evènman enpòtan ki te pase yo sou li. Bagay sa yo moun ka wè parèt nan plizyè piblikasyon ki fèt pou nou etidye Labib.
Nan etid Labib ki fèt nan fanmi w, lè y ap egzamine kèk bagay tankou tabènak la, tanp Jerizalèm nan ak tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an, si w sèvi ak yon foto, yon desen oswa yon chema, li ka pi fasil pou fanmi an konprann sa y ap egzamine a. Ou ka jwenn bagay sa yo nan liv Étude perspicace des Écritures la, nan apendis ki nan Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau — Avec notes et références lan ak nan plizyè Toudegad.
Lè w ap li Bib la ak fanmi w, byen sèvi ak kat yo. Suiv wout Abraram te fè pandan vwayaj li a lè l te soti Ou pou l t al Aràn epi pou l te desann Betèl. Egzamine wout nasyon Izrayèl la te pase lè l te kite Ejip e li t ap vwayaje pou l antre nan Latè pwomiz la. Chèche ki kote zòn yo te bay chak tribi Izrayèl kòm eritaj la te ye. Gade tout espas tèritwa Salomon an te okipe. Suiv wout Eliya te fè lè l t ap kouri kite Yizreyèl pou l pase nan wout byen long ki mennen nan dezè a jis li kite Beyècheba dèyè, lè Jezabèl te menase l ap touye l la (1 Wa 18:46–19:4). Chèche ki kote vil ak bouk kote Jezi te preche yo te ye. Suiv vwayaj Pòl te fè yo, jan yo dekri sa nan liv Travay la.
Bagay moun ka wè yo itil pou w ede etidyan Labib yo byen konnen fason kongregasyon an fonksyone. Ou ka montre etidyan an yon pwogram asanble oswa yon pwogram kongrè e w ka esplike l ki kalite enstriksyon nou jwenn nan rasanbleman sa yo. Yon bagay ki fè gwo enpresyon sou anpil moun se lè yo vizite yon Sal Wayòm oswa yon biwo filyal Temwen Jewova yo. Sa gendwa yon bon mwayen pou elimine prejije yo konn genyen sou travay n ap fè a ak objektif travay sa a. Lè w ap fè yon moun vizite Sal Wayòm nan, montre l ki sa k fè yon Sal Wayòm pa menm ak lòt kote moun konn al adore. Ede l konprann Sal Wayòm nan se yon kote tou senp ki la pou pèmèt moun aprann Pawòl Bondye a. Montre l bagay ki la espesyalman pou nou fè travay predikasyon nou an: zòn kote yo bay piblikasyon yo, kat tèritwa yo ak bwat ofrann yo (ki pa menm ak plato yo itilize pou fè lakòlèt yo).
Si nan zòn ou an, videyo Kolèj santral la prepare yo disponib, sèvi avèk yo pou w ede etidyan yo gen konfyans nan Bib la, pou w ede yo konnen aktivite Temwen Jewova yo e pou w ankouraje yo viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la.
Fason pou w sèvi ak bagay moun ka wè pou w anseye devan yon pakèt moun. Lè w byen chwazi bagay moun ka wè e w byen prezante yo devan asistans ki gen anpil moun, sa ka gen yon bon efè sou yo. Esklav fidèl ki prevwayan an prepare divès fòm bagay konsa.
Nan atik Toudegad ki fèt pou nou etidye yo e nan etid biblik kongregasyon an, souvan, gen bagay moun ka wè, tankou desen ak foto, kondiktè a kapab itilize pou l mete aksan sou pwen enpòtan yo.
Gen kèk chema diskou piblik ki bay oratè yo posiblite pou yo sèvi ak bagay moun yo ka wè pou yo ede yo konprann pwen yo. Men, an jeneral, w ap jwenn pi bon rezilta si w konsantre w sou sa ki nan Bib la, piske pifò moun k ap koute w yo genyen l nan men yo. Pafwa, si l nesesè pou w itilize yon foto oswa yon ti plan pou w ede moun yo konprann yon pwen prensipal oswa plizyè pwen prensipal nan yon diskou, tcheke alavans pou w asire w moun k ap nan dènye ranje nan lokal kote w ap fè diskou a ap ka wè l (oswa y ap ka li l) san pwoblèm. Ou pa ta dwe itilize teknik sa a souvan.
Objektif nou lè nou itilize bagay moun ka wè lè n ap pale e lè n ap anseye se pa pou nou amize moun yo. Lè w itilize yon bagay moun yo ka wè ki apwopriye pou w anseye yo, li ta dwe fè ide ou vle mete aksan sou yo a antre pi fon nan lespri moun yo. N ap byen sèvi ak bagay moun ka wè pou nou anseye yo, si bagay sa yo pèmèt nou fè sa n ap di a parèt klè pou moun yo, si yo fè yo konprann yo pi fasil, oswa si yo vrèman montre yo enpòtans sa n ap di a. Lè w byen sèvi ak yon bagay moun ka wè pou w anseye yon moun, sa ka fè yon gwo efè sou moun nan, sa ka menm fè l sonje ni bagay ou te itilize a ni enstriksyon ou te vle bay la pandan yon pakèt ane.
Kapasite nou genyen pou nou tande e pou nou wè a jwe yon wòl enpòtan lè yon moun ap aprann. Pa bliye fason de pi gwo Anseyan yo sèvi ak kapasite sa yo nou genyen pou yo anseye nou, e fè efò pou w imite yo pou w rive touche kè lòt moun.