CHAPIT 6
Ki sa k ap pase kò m konsa a?
“Mwen grandi byen vit. Sa te di anpil. Byenke mwen te kontan paske m ap grandi, mwen te gen kranp nan janm mwen ak nan pye m. Mwen te rayi sa.” — Paul.
“Ou konnen gen chanjman k ap fèt nan kò w, men w pa vle pyès moun wè sa. Epi gen yon moun ak tout bon entansyon l ki di w gad lajè dèyè w. Lè konsa ou santi ou anvi antre nan yon twou pou w pa janm soti.” — Chanelle.
ÈSKE sa deja rive w fanmi w avè w bwote al ret yon lòt kote? Chanjman an te difisil, pa vre? Ou t ap kite tout sa w te abitye avè yo dèyè, tankou kay ou, lekòl ou, zanmi w. Pa gen dout, sa te pran yon ti tan pou w adapte w ak kote w vin rete a.
Etap kote yon timoun ap fòme se etap nan lavi a kote kò l kòmanse ap pran fòm granmoun li, e se youn nan etap ki gen plis chanjman nan lavi l. Nan yon sans, se kòmsi ou t ap bwote al yon lòt kote. Sa fè w poze tèt ou anpil kesyon, pa vre? Se sèten! Etap pou w vin granmoun nan ka enteresan, men li ka fè w pè anmenmtan, e sa ka pa fasil pou w adapte w. Ki sa k ap pase nan peryòd sa a nan lavi w?
Pou jèn fi yo
Peryòd adolesans lan se peryòd ki gen anpil chanjman nan kò w. Gen kèk chanjman moun ap wè aklè. Pa egzanp, w ap wè devan w kòmanse ap pouse plim. Epitou, w ap kòmanse fè tete, ranch ou ap vin laj, kuis ou ak dèyè w ap vin gwo. Tikras pa tikras, kò w kòmanse pa sanble kò yon timoun ankò, ou kòmanse vin gen fòm kò yon fanm. Ou pa bezwen pè, se yon bagay ki nòmal. E sa montre kò w kòmanse ap prepare l pou moman kote w ap kapab fè pitit la.
Yon ti apre w fin antre nan peryòd kote w ap fòme a, w ap vin gen règ. Si w pa byen prepare pou sa, gwo chanjman sa a kapab fè w pè. Men sa Samantha di: “Premye fwa m gen règ mwen, mwen pa t konn sa sa ye menm. Mwen te santi m sal, e lè m ap benyen mwen te konn foubi kò m anpil. Mwen te panse m bay repiyans. Mwen te pè anpil lè m konnen se chak mwa, pandan plizyè ane, mwen t ap gen pou m gen règ.”
Men, sonje, lè w gen règ sa montre kapasite kò w genyen pou l fè pitit la ap devlope. Menmsi sa ap pran plizyè ane anvan w pare pou w fè pitit, kounye a ou kòmanse vin yon fanm. Men, lè w fèk kòmanse gen règ ou, tout bagay poko fin nan plas yo. Men sa Kelli di: “Bagay ki te pi difisil pou mwen se karaktè m ki chanje tanzantan e sanzatann. Sa te ban m pwoblèm, m pa t ka konprann kòman fè pandan tout jounen an mwen kontan epi nan aswè mwen tèlman kriye m bay tout dlo nan kò m.”
Si se konsa w santi w kounye a, pran pasyans. Tank tan ap pase, w ap adapte w. Annette ki gen 20 an di: “Mwen sonje lè m te resi dakò se chanjman sa yo ki t ap fè m vin yon fanm e Jewova te ban m kapasite pou m fè pitit. Sa pran yon ti tan pou yon moun adapte l. Se yon bagay ki vrèman pa fasil pou kèk fi, men tank tan ap pase w ap aprann adapte w.”
Èske w kòmanse wè kèk nan chanjman nou sot pale yo k ap fèt nan kò w? Nan espas ki pi ba a, ekri nenpòt kesyon w genyen sou chanjman sa yo.
․․․․․
Pou jèn gason yo
Si w se yon gason, peryòd kote w ap fòme a ap gen yon gwo efè sou aparans ou. Pa egzanp, po w ap vin gra pi souvan, sa k ap fè w gen bouton ak tach nwa nan figi wa. Men sa Matt ki gen 18 an di: “Sa vrèman enèvan e stresan pou w gen tout bouton sa yo k ap pouse nan figi w. Se toutan w ap goumen pou w retire yo. Ou pa konnen si yo prale, si y ap kite mak oswa si moun pap gade w mal poutèt sa.”
Men, yon bon bagay, sèke ou ka wè ou vin gwo nèg, ou vin gen plis fòs e zepòl ou ap laji. Epitou, ou ka vin plim nan pye w, nan lestomak ou ak anba bra w e w ka kòmanse fè bab. Epi fò n di, se pa kantite plim ou genyen sou ou ki fè w konnen si w gason, se senpleman yon bagay ou pran nan fanmi.
Pandan peryòd sa a, bagay ka ap chape nan men w paske tout pati nan kò w pa grandi menm jan. Ou ka santi se kòmsi w pa gen zo. Gen yon jèn gason ki rele Dwayne ki di se kòmsi sèvo l t ap di manm li yo fè yon bagay, men manm li yo yo menm t ap fè yon lòt bagay.
Nan zòn 13 pou rive 15 an yo, vwa w ap kòmanse vin gra, men sa pap fèt yon sèl kou. Yon lè, l ap gra, tankou yon bas epi li ka chanje sanzatann pou l vin pike. Men, pa enkyete w. Vwa w ap sispann chanje konsa, l ap vin nòmal. Annatandan, aprann ri tèt ou lè sa rive, sa ap ede w pou w pa twò jennen.
Pandan kapasite w genyen pou w fè pitit la ap vin pi devlope, se konsa ògàn seksyèl ou yo ap vin gwo e plim ap pouse devan w. Epitou yo pral kòmanse pwodui yon likid ki gen plizyè milyon spèm (moun pa ka wè ak je konsa), e k ap soti lè w ap fè sèks. Lè yon spèm ak yon ovil rankontre yo ka vin fòme yon tibebe.
Se kò w ki pwodui likid ki gen spèm nan. Gen kèk nan likid sa a ki rete nan kò w, men detanzantan, gen kèk ki ka soti nan nuit pandan w ap dòmi. Se yon bagay ki nòmal. Menm Labib pale de sa (Levitik 15:16, 17). Sa montre ògàn nan kò w ki la pou w fè pitit yo ap byen mache e ou kòmanse vin yon gason toutbon.
Èske w kòmanse wè kèk nan chanjman nou sot pale yo k ap fèt nan kò w? Nan espas ki pi ba a, ekri nenpòt kesyon w genyen sou chanjman sa yo
․․․․․
Fè fas ak nouvo santiman
Kit ou se fi kit ou se gason, pandan kapasite w genyen pou w fè pitit la ap vin pi devlope, w ap kòmanse remake moun ki pa menm sèks avè w plis pase anvan. Matt di: “Lè m te vin nan peryòd kote m t ap fòme, mwen te vin rann mwen kont se pa de bèl tifi ki pa gen deyò a. Sa te vrèman enèvan paske mwen te vin rann mwen kont tou mwen te oblije ret tann jis mwen vin pi gran pou m te ka renmen ak youn.” Chapit 29 nan liv sa a pral pale plis sou aspè sa a ki se yon etap pou w vin granmoun. Men, pou kounye a, ou dwe rann ou kont li enpòtan pou w aprann kontwole anvi ou genyen nan domèn seksyèl (Kolosyen 3:5). Byenke sa ka parèt difisil, ou ka chwazi pa satisfè yo!
Gen lòt santiman ou ka oblije fè fas avè yo pandan peryòd kote w ap fòme a. Pa egzanp, ou ka mal wè tèt ou. Sa rive souvan, anpil jèn santi yo poukont yo e gen moman kote yo santi yo deprime. Nan moman sa yo, li bon pou w pale ak manman w oswa papa w oswa yon granmoun ou fè konfyans. Ekri non yon granmoun ou ka pale avè l sou jan w santi w.
․․․․․
Bagay ki pi enpòtan ki dwe devlope
Bagay ki pi enpòtan ki dwe devlope lakay ou, se pa wotè w, fòm kò w oswa figi w, men se moun ou ye pa anndan an ki gen ladan l fason w panse, santiman w, e sa k pi enpòtan an, relasyon w gen ak Bondye. Men sa apot Pòl te ekri: “Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou timoun, mwen te konn reflechi tankou timoun, mwen te konn rezone tankou timoun. Men kounye a mwen vin granmoun, mwen elimine sa ki gen rapò ak timoun.” (1 Korentyen 13:11). Leson an klè: Se pa parèt pou w parèt granmoun sèlman, men ou dwe aprann aji, pale epi panse tankou granmoun. Pa ret tèlman ap reflechi sou sa k rive kò w pou sa fè w neglije travay kalite k ap fè w vin yon bon moun pa anndan.
Epitou, se pou w sonje Bondye “wè sa k nan kè yon moun”. (1 Samyèl 16:7.) Bib la fè konnen wa Sayil te gen bèl wotè e li te bèl gason, men li pa t ni yon bon wa ni yon bon moun (1 Samyèl 9:2). Poutan, Zache te “kout”, men li te gen ase kouraj pou l te chanje vi l t ap mennen an pou l vin yon disip Jezi (Lik 19:2-10). Sa klè, se moun ou ye pa anndan an ki gen plis enpòtans.
Yon bagay ki klè: Pa gen yon bon fason pou akselere oswa ralanti fason w ap grandi a. Donk, olye w fache oswa w pè pou sa k ap pase nan kò w yo, fè tout sa w kapab pou w aksepte chanjman sa yo san w pa dekouraje e pou w aksepte yo ak kè kontan. Kesyon fòme a se pa yon maladi, nitou ou pa premye moun ki pase ladan l. Ou mèt gen asirans, li pap touye w. Lè van fòme a fin pase, w ap vin tounen yon bonjan fanm oswa yon bonjan gason!
Si lè w gade nan glas, ou pa renmen aparans ou, ki sa w ka fè pou w konsidere aparans ou yon fason ekilibre?
[Nòt anba paj]
a Fi konn gen bouton tou. An jeneral, ou ka rive kontwole sa grasa bonjan swen pou po.
VÈSÈ KLE
“M ap fè louwanj pou ou paske ou fè m yon fason ki estrawòdinè, yon fason ki fè m gen respè pou ou.” — Sòm 139:14.
MEN YON IDE
Pandan kò w ap devlope, evite abiye yon fason ki fè fòm ou parèt. Toujou abiye “yon fason ki senp e avèk bonsans”. — 1 Timote 2:9.
ÈSKE W TE KONNEN?
Peryòd kote w ap fòme a kapab kòmanse byen bonè nan zòn uit an yo, konsa tou li ka kòmanse byen ta vè 14 an oswa pi ta menm. Sa ki nòmal nan ka sa a diferan anpil selon moun nan.
SA M KONTE FÈ
Plis m ap grandi, men ki aspè nan pèsonalite m mwen plis bezwen travay sou li ․․․․․
Men sa m ap fè pou m grandi nan domèn espirityèl ․․․․․
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Sa k fè li difisil pou w fè fas ak chanjman fizik e ak chanjman k ap fèt nan karaktè w pandan peryòd w ap fòme a?
● Ki sa w twouve ki pi difisil nan tout chanjman sa yo?
● Ki sa k fè lanmou w gen pou Bondye a ka gen tandans diminye pandan peryòd sa a, men ki jan w ka anpeche sa rive?
[Antrefilè nan paj 61]
“Lè w ap vin yon adolesan, gen anpil bagay ki pa sèten pou ou e ou pa janm vrèman konnen ki pwochen bagay ki pral rive kò w. Men, tank w ap grandi, se tank w ap aprann aksepte chanjman sa yo e w ka menm vin renmen yo.” — Annette.
[Kare nan paj 63, 64]
Ki jan m ka pale sou sèks ak papa m oswa ak manman m?
“Si m gen yon kesyon sou sèks, mwen pap mande paran m.” — Beth.
“Mwen pa t ap gen ase kran pou m poze kesyon konsa.” — Dennis.
Si w menm jan ak Beth oswa Dennis, ou gen pwoblèm. Yon bò ou vle konnen kèk bagay sou sèks, men yon lòt bò ou pa vle poze moun ki ka ba w repons yo, anpalan de paran w. Gen anpil bagay ki enkyete w:
Ki sa y ap panse de mwen?
“Mwen pa vle pou yo gen dout sou mwen paske m poze yo kesyon sou sa.” — Jessica.
“Yo vle nou rete inosan e san repwòch pou toutan, e jou nou kòmanse poze yo kesyon sou sèks, yo pa wè nou menm jan an ankò.” — Beth.
Ki reyaksyon y ap genyen?
“Mwen t ap pè pou paran m pa kouri panse yon bagay mal anvan m fin pale e pou yo pa kòmanse ban m yon bann konsèy.” — Gloria.
“Li fasil pou moun wè sa k ap pase anndan paran m, donk, mwen t ap pè pou m pale sou sa avèk yo, pou yo ta desi epi pou m ta wè sa sou figi yo. Anfèt, siman toutpandan m ap pale a papa m t ap reflechi sou konsèy li pral ban m lè m fini.” — Pam.
Èske yo pap mal konprann rezon ki fè m poze kesyon yo?
“Yo ka reyaji yon fason ki egzajere e yo ka kòmanse poze yon seri kesyon tankou: ‘Èske w anvi fè sèks?’ oswa ‘Èske lòt jèn yo ap fè presyon sou ou?’ Alòske ou menm se sèlman konnen ou te anvi konnen.” — Lisa.
“Depi m site non yon tigason, figi papa m enkyè. Apre sa, li kòmanse pale m sou kesyon sèks. Lè konsa mwen anvi di l: ‘Papi, mwen te sèlman di li bèl tigason. M pa t di mwen vle marye avè l ni mwen vle fè sèks avè l!’” — Stacey.
Sa ka soulaje w pou w konnen petèt paran w santi yo jennen pou yo pale sou sèks avè w menm jan ou menm ou santi w jennen pou w pale sou sa avè yo! Petèt se pou rezon sa a ki fè nan yon ankèt yo te fè, sou chak 100 paran gen 65 ladan yo ki fè konnen yo pale sou sèks ak pitit yo, alòske se sèlman 41 timoun sou 100 timoun yo te mande yo ki sonje paran yo te pale sou sa avèk yo.
Reyalite a sèke paran w kapab ezite pale sou sèks avèk ou. Byen souvan, rezon an se paske paran pa yo pa t pale sou bagay konsa avè yo. Kèlkeswa rezon ki fè paran w pa pale avè w sou sèks, montre w konprann yo. Petèt, si w pran inisyativ pale avè yo sou sijè sa a, ni ou menm ni yo menm ap jwenn byenfè. Ki sa w ka fè pou w pale avè yo?
Kòman m ka pale avè yo?
Paran w gen anpil eksperyans e yo ka ba w anpil konsèy sou sèks. Ou jis bezwen konnen ki jan pou w kòmanse konvèsasyon an. Eseye fè sa nou pral di la a:
1 Avèk senserite, fè paran w sa pa fasil pou ou men ou bezwen pale avèk yo sou sa. “Mwen yon ti jan jennen pale sou sa, paske m pè pou nou pa panse...”
2 Di manman w oswa papa w poukisa se avè l ou vin pale. “Mwen gen yon kesyon, e mwen pito se ou ki ban m repons lan tan se yon lòt moun.”
3 Epi annik poze kesyon an. “Kesyon m nan se...”
4 Nan fen konvèsasyon an, asire w w ap toujou ka pale avè yo ankò sou sijè a. “Si m gen lòt kesyon, èske m ka vin kote nou ankò?”
Menmsi w konnen ou ka pale avè yo ankò, lefètke ou tande yo di w wi sa ba w posiblite a e w ap santi w pi alèz pwochèn fwa w ap bezwen pale avèk yo. Eseye met konsèy sa yo an pratik. Ou ka wè ou vin dakò ak Trina. Kounye a li gen 24 an, men sa l di: “Lè manman m te vin pale avè m sou sijè sa a, nan moman an mwen te swete l pa t fè sa. Men, kounye a, mwen kontan manman m te dirèk e li te alèz pou l pale sou sa avè m. Sa te vrèman pwoteje m!”
[Foto nan paj 59]
Etap pou w kite timoun nan se tankou w t ap bwote al rete lwen kote w te abite, ou ka adapte w.