BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yp2 chap. 7 p. 67-73
  • E si m pa renmen aparans mwen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • E si m pa renmen aparans mwen?
  • Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa nòmal oswa èske m enkyete m twòp?
  • Èske w mal wè tèt ou?
  • Chèche gen ekilib
  • Atansyon pou w pa tonbe nan anoreksi!
  • Vrè bote a
  • Poukisa m ap bay tèt mwen pwoblèm pou aparans mwen?
    Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa m ka fè pou m pèdi pwa?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Èske m bay aparans mwen twòp enpòtans?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Poukisa m dwe pran swen sante m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
yp2 chap. 7 p. 67-73

CHAPIT 7

E si m pa renmen aparans mwen?

Èske sa rive souvan ou pa renmen aparans ou?

□ Wi □ Non

Èske w konn panse al kay yon doktè pou l refè yon pati nan kò w, oswa èske w konn panse fè yon bagay egzajere pou w pèdi pwa?

□ Wi □ Non

Si w te kapab, ki sa w t ap chanje nan aparans ou? (Chwazi sa w t ap chanje yo.)

Wotè

Fòm kò

Koulè

Pwa

Cheve

Vwa

SI W reponn wi pou de premye kesyon yo, e si w chwazi twa repons oswa plis nan twazyèm kesyon an, ebyen ou mèt konnen gen anpil chans pou jan w mal wè tèt ou a se pa konsa lòt moun wè w. Li fasil pou nou egzajere e pou nou enkyete nou twòp pou aparans nou. Anfèt, gen yon sondaj ki montre, byen souvan medam yo pi pè pou yo pa pran pwa pase pou ta gen yon gè nikleyè, oswa pou yo ta gen kansè oswa menm pou yo ta pèdi paran yo.

Pa gen dout, si w pa renmen aparans ou, gen anpil chans pou w pa renmen tèt ou e pou sa gen efè sou fason lòt moun ap trete w. Men sa Maritza ki gen 19 an di: “Lè de gran sè m yo avè m t ap grandi, yo menm, yo te vrèman bèl, men mwen menm mwen te yon ti jan gwo. Se pa de fawouch elèv yo nan lekòl la pa t ban mwen. Mete sou sa, gen yon matant mwen ki te ban m yon ti non jwèt Chubs (bout patat), e twouve se konsa ti chen l lan ki te kout e ki te gwo te rele!” Julie ki gen 16 an te fè yon eksperyans ki sanble ak sa. Li di: “Gen yon tifi nan lekòl la ki te konn nui m, li te konn rele m ‘dan lapen’. Menm lè se pa t yon gwo bagay, sa te konn anbarase m. Jiska prezan mwen toujou pa fin renmen dan m!”

Sa nòmal oswa èske m enkyete m twòp?

Se pa yon move bagay pou w sousye w de aparans ou. An reyalite, Labib pale an byen de aparans plizyè fi ak gason, tankou Sara, Rachèl, Jozèf, David ak Abigayil. Labib pale de yon fi ki rele Abichag kòm yon moun ki te “bèl anpil”. — 1 Wa 1:4.

Men gen anpil jèn ki bay aparans yo twòp enpòtans. Pa egzanp, gen kèk fi ki panse sa k ap fè moun enterese nan yo se lè yo mens, e tout mànken yo mete nan magazin yo ta ka fè yo kwè sa vre. Yon bagay yo pa konnen sèke foto sa yo ki nan jounal yo se foto yo travay ak òdinatè, e mànken yo wè yo se moun ki konn rete san manje pou yo kenbe gwosè yo genyen an. Donk, si w ta konpare tèt ou ak moun ou wè nan magazin yo, sa ta ka fè w dekouraje. Bon, e si se toutbon ou pa renmen aparans ou? Premye bagay la ou bezwen wè tèt ou yon fason ki reyalis.

Èske w mal wè tèt ou?

Èske w janm gade tèt ou nan yon glas ki bay imaj defòme? Imaj la ka fè w parèt pi gwo oswa pi piti pase jan w ye. Kèlkeswa jan l fè w parèt la, sa w wè a pa egzak.

Menm jan an tou, gen anpil jèn ki mal wè tèt yo. Gade: Nan yon etid yo te fè, sou chak 100 fi, gen 58 ki fè konnen yo gen twòp pwa, alòske an reyalite se sèlman 17 ladan yo ki te gen twòp pwa. Nan yon lòt etid yo te fè, sou chak 100 fi, gen 45 ladan yo ki pa peze kantite yo ta dwe peze a, alòske yo panse yo gen twòp pwa!

Gen kèk rechèch ki fèt ki montre pifò fi k ap enkyete yo pou pwa yo pa gen okenn rezon pou sa. Bon, sa ka pa vrèman ankouraje w si w yon ti jan gwo. Si se ka pa w, ki sa ki ka lakòz sa?

Fanmi kote w soti ka jwe yon gwo wòl nan sa. Gen kèk moun tou natirèlman ki mens e w ka menm wè zo yo. Men, si w soti nan fanmi kote moun yo yon ti jan won e yo gen plis chè sou yo, kò w pa t fèt pou l mens. Menmsi w ta gen yon pwa ki nòmal, petèt ou ka parèt pi gwo pase sa w ta renmen. Si w fè egzèsis e w fè rejim, sa ka ede w, men ou pap ka chanje fòm ou genyen an.

Yon lòt bagay ki ka fè w gwo se chanjman ki fèt nan kò w pandan adolesans ou. Nan peryòd kote yon tifi ap fòme, kantite grès li gen sou kò l ka vin ogmante ant 8 a 22 pousan. Byen souvan, lè l vin pi gran sitiyasyon an konn chanje, e w ka wè tifi ki pa t twò bèl lè l t ap fòme nan zòn 11, 12 an yo vin tounen yon bèl jèn fi. Bon, e si gwosè w genyen an se akoz ou manje mal oswa ou manke fè spò? E si w vrèman bezwen pèdi pwa akoz rezon sante?

Chèche gen ekilib

Labib ankouraje nou pou n “modere nan abitid” nou (1 Timote 3:11). Kidonk, manje nan lè pou w manje e pa fè rejim ki egzajere. Petèt, pi bon fason pou w pèdi pwa se pou w planifye pou w manje bagay ki bon pou lasante e pou w fè spò yon fason ki rezonab.

Ou pa bezwen fè rejim moun ap fè reklam pou yo. Pa egzanp, gen konprime yo vann pou fè moun pèdi pwa, yo ka fè w pèdi apeti pandan yon tan, men kò w ap adapte l byen vit e w ap vin gen menm apeti a ankò. Oswa l ap fè kò w pran tan pou l fè dijesyon, sa k ap fè w pran pwa kanmenm. Mete sou sa, gen kèk move efè sa ka genyen sou ou, tankou tèt vire, tansyon, kriz panik, e w ka menm vin esklav konprime sa yo. Se menm bagay la tou lè w pran konprime k ap fè w pipi anpil oswa k ap fè w fè dijesyon vit.

Yon lòt bò, si w gen yon pwogram ekilibre pou w manje e w gen abitid fè egzèsis regilyèman, sa ap ede w santi w pi byen e sa ap ede w gen pi bèl aparans. Yon ti egzèsis plizyè fwa nan semèn nan ap ede w anpil ak sante w. Ou ka annik mache vit oswa monte eskalye, sa ap sifi.

Atansyon pou w pa tonbe nan anoreksi!

Gen kèk jèn ki tèlman ap chèche pèdi pwa ki vin soufri anoreksi, yon pwoblèm grav yon moun genyen nan lespri l ki fè l panse fò l sispann manje paske l twò gwo, sa ki ka menm fè moun nan pèdi lavi l. Men sa Masami ki te pase kat mwa ap suiv tretman pou ede l ak pwoblèm sa a di: “Lè moun di m ‘ou parèt anfòm’, mwen di tèt mwen ‘siman se paske mwen kòmanse gwo’. Lè konsa, mwen konn kriye e m konn anvi tounen jan m te ye anvan yo te ede m sa gen kat mwa a!”

Yon moun ka kòmanse devlope anoreksi san l pa rann li kont. Yon jèn fi ka kòmanse fè yon rejim jis pou l pèdi yon ti pwa. Men, lè l pèdi pwa li te vle pèdi a, li pa fin satisfè. Li ka twouve l twò gwo toujou lè l gade tèt li nan glas. Donk, li deside pèdi yon ti pwa ankò. Epi chak fwa se konsa, li vle pèdi yon ti pwa. Nan konsa, li kòmanse devlope anoreksi.

Si w gen sentòm yon moun ki soufri anoreksi oswa yon pwoblèm menm jan an, chèche èd. Premye bagay ou ka fè se pale ak paran w oswa ak yon granmoun ou fè konfyans. Men sa Bib la di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

Vrè bote a

Yon fason jeneral, Labib pa pale anpil de aparans fizik oswa fòm kò moun. Lè Labib pale de yon moun, li plis pale sou moun li ye pa anndan an e se sa ki fè moun nan atiran oswa l pa atiran nan je Bondye. — Pwovèb 11:20, 22.

Ann pran egzanp, Absalon, pitit wa David. Labib di: “Nan tout peyi Izrayèl, pa t gen yon gason yo te fè lwanj pou li poutèt li bèl gason pase jan yo te konn fè pou Absalon an. Li pa t gen okenn defo nan kò l, soti nan pla pye l rive nan tèt li.” (2 Samyèl 14:25). Poutan, jèn gason sa a te trèt. Li te gen ògèy ak anbisyon, sa ki te fè l eseye pran plas wa Jewova te mete a. Labib pa pale an byen de Absalon, li fè konnen se te yon moun ki pa t fidèl e ki te touye moun paske l rayi yo.

Sa pou n sonje sèke sa k enterese Jewova se pa si yon fi gen bèl fòm oswa si yon gason byen kanpe, men se ‘sa ki nan kè moun li egzamine’. (Pwovèb 21:2.) Byenke pa gen anyen mal pou w vle gen bèl aparans, sa k pi enpòtan an se pèsonalite w. Anfèt, se pa fizik ou oswa bote w ki pral plis atire moun, men se sitou bèl kalite ou genyen yo.

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 10.

NAN LÒT CHAPIT LA:

Gen anpil jèn ki gen yon maladi ki pa ka geri oswa ki gen yon andikap. Si se ka pa w, ki jan w ka fè fas ak sitiyasyon an?

VÈSÈ KLE

“Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun.” — 1 Samyèl 16:7.

MEN YON IDE

Lè w ap eseye pèdi pwa...

● Pa neglije manje maten. Si w neglije manje maten, lè w vin resi manje a, w ap manje plis pase sa w abitye manje.

● Bwè yon gwo vè dlo anvan w manje. Sa ap fè w pa manje twòp e sa ap ede w veye sou kantite manje w ap manje.

ÈSKE W TE KONNEN?

Gen kèk espè ki fè konnen si w chwazi pa manje pou w ka pèdi pwa, sa ka fè kò w reyaji kòmsi l ap fè fas ak yon danje e konsa, ou pap dijere vit, e w ka repran pwa w te pèdi yo byen vit.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè pou m ka pi byen pran swen sante m ․․․․․

Pou mwen menm, yon pwogram egzèsis ap gen ladan l ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki jan w santi w anrapò ak aparans ou?

● Ki kèk bagay rezonab ou ka fè pou amelyore aparans ou?

● Ki sa w t ap di yon zanmi ki gen pwoblèm nan lespri l sou kesyon manje a?

● Ki jan w ka ede yon frè w oswa yon sè w gen yon pwennvi ekilibre sou aparans li?

[Antrefilè nan paj 69]

“Pandan anpil tan, moun te konn fawouche m paske je m gwo. Mwen te aprann ri sa, men tou mwen te aprann vin gen konfyans nan tèt mwen e pou m vin gen bèl kalite. Mwen te vin aksepte aparans mwen e mwen te vin aksepte tèt mwen jan m ye a.” — Amber.

[Foto nan paj 68]

Fason w wè tèt ou kapab menm jan ak yon imaj nan yon glas ki defòme.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje