BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 15
  • Èske m bay aparans mwen twòp enpòtans?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske m bay aparans mwen twòp enpòtans?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Tès: Èske m ba l twòp enpòtans?
  • ‘Poukisa m pa renmen aparans mwen?’
  • ‘Èske m dwe chanje aparans mwen?’
  • Pi bon chanjman w ka fè!
  • Poukisa m ap bay tèt mwen pwoblèm pou aparans mwen?
    Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
  • E si m pa renmen aparans mwen?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Ki sa m ka fè pou m pèdi pwa?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Poukisa m dwe pran swen sante m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 15

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske m bay aparans mwen twòp enpòtans?

  • Tès: Èske m ba l twòp enpòtans?

  • Poukisa m pa renmen aparans mwen?

  • Èske m dwe chanje aparans mwen?

  • Pi bon chanjman w ka fè!

  • Istwa Julia

Tès: Èske m ba l twòp enpòtans?

  1. Ki deklarasyon ki pi byen dekri fason w santi w?

    • M pa janm satisfè de aparans mwen.

    • M konn satisfè de aparans mwen pafwa.

    • M toujou satisfè de aparans mwen.

  2. Ki sa w ta renmen chanje plis nan aparans ou?

    • Wotè m

    • Pwa m

    • Fòm kò m

    • Cheve m

    • Koulè m

    • Mis mwen yo

    • Lòt bagay

  3. Fin ekri fraz ki vin apre a.

    M sitou pa santi m alèz ak kò m...

    • lè m monte sou yon balans.

    • lè m ap gade nan yon glas.

    • lè m ap konpare tèt mwen ak lòt moun (zanmi, tòp modèl, vedèt tele).

  4. Fin ekri fraz ki vin apre a.

    M pran pwa kòm...

    • chak jou.

    • chak semèn.

    • omwen yon fwa pa semèn.

  5. Ki ekspresyon ki pi byen dekri sa w santi?

    • Pwennvi negatif sou aparans mwen. (Egzanp: “Chak fwa m gade tèt mwen nan glas, m panse m wè yon moun obèz e ki lèd. M konn menm ret mouri grangou pou m pèdi pwa.” — Serena.)

    • Pwennvi ekilibre sou aparans mwen. (Egzanp: “Ap toujou gen bagay nou pa renmen nan aparans nou. Men, se bagay nou jis bezwen aksepte. Lè n ap trakase tèt nou pou sa n pa ka chanje, nou aji tankou idyo.” — Natanya.)

Bib la mande pou n pa panse de tèt nou plis “pase sa [n] dwe panse”. (Women 12:3.) Donk, li nòmal e l menm nesesè pou n pran swen tèt nou nan yon nivo. Pa egzanp, se rezon sa a ki fè w bwose dan w e w veye sou swen kò w.

Men, ki sa w ka fè si w toujou santi w dekouraje akòz aparans ou opwen, pètèt, ou vin ba l twòp enpòtans? Si se ka pa w, ou gendwa mande tèt ou...

‘Poukisa m pa renmen aparans mwen?’

Kapab gen plizyè rezon pou sa. Se kapab akòz:

  • Enfliyans medya yo. “Se toutan y ap bonbade jèn yo ak imaj ki fè yo kwè yo dwe toujou mens oswa seksi anpil. Kòm rezilta, si n pa pafè, sa fè n santi n lèd anpil!” — Kellie.

  • Enfliyans paran w. “Mwen remake, byen souvan, si yon manman bay aparans li twòp enpòtans, pitit fi l ap konsidere tèt li menm jan an. Se ka menm bagay la tou ant papa ak pitit gason yo.” — Rita.

  • Ou pa twò kwè nan tèt ou. “Moun ki bay aparans yo twòp enpòtans toujou bezwen felisitasyon nan men lòt moun. Alafen, sa vin fatigan!” — Jeanne.

Kèlkeswa rezon an, sa gendwa fè w mande tèt ou...

‘Èske m dwe chanje aparans mwen?’

Konsidere sa kèk jèn di.

“Ou pap ka toujou chanje sa w pa renmen lakay ou. Donk, li pi bon pou w aksepte defo w. Si w fè sa, ap gen mwens chans pou lòt moun remake yo.” — Rori.

“Fè tout sa w kapab pou w an sante. Si w an sante, aparans ou ap egzakteman jan w vle l ye a. E si yon moun pa apresye w pou sa w ye (paske l plis wè aparans ou), konnen l pa ka zanmi w.” — Olivia.

Sa w dwe sonje: Fè tout sa w kapab pou w aranje w pi bon fason an. Men, pa enkyete w pou rès la. Lè w bay tèt ou twòp pwoblèm pou aparans ou, sa ka met lavi w an danje. (Gade “Istwa Julia”.)

Yon lòt bò, yon pwennvi ekilibre ap ede w wè tèt ou yon fason reyalis menm jan yon jèn fi ki rele Erin te aprann sa. Men sa l di: “Se sèten m yon ti jan konplekse, men, m remake se sèlman lè m ret konsantre sou defo m yo m santi m pa byen. Kounye a, m jis fè egzèsis regilyèman e m byen manje. Rès la pran plas li poukont li.”

Pi bon chanjman w ka fè!

Lè w gen yon pwennvi ekilibre sou aparans ou, w ap santi w (e w ap menm parèt) pi byen. Bib la ka ede w. Li ankouraje w travay pwen ki vin apre yo:

  • Aprann kontante w. “Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.” — Eklezyas 6:9, Bib La.

  • Yon pwennvi ekilibre sou egzèsis. “Egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay.” — 1 Timote 4:8.

  • Bèl kalite. “Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun.” — 1 Samyèl 16:7.

“Vizaj nou montre sa n panse de tèt nou. Lè yon moun renmen tèt li, lòt moun ka wè sa e y ap santi yo atire anvè moun sa a otomatikman.” — Sarah.

“Bote w ka atire atansyon lòt moun byen vit. Men, se sitou moun ou ye pa anndan an ansanm ak bèl kalite w genyen yo lòt moun pral sonje plis de ou.” — Phylicia.

Gade tou: Pwovèb 11:22; Kolosyen 3:10, 12; 1 Pyè 3:3, 4.

Istwa Julia

Lè m te gen 16 an, pi gwo pwoblèm mwen se te pwa kò m. M pa t twò gwo ni m pa t mens natirèlman tou. M te yon ti jan won. M te panse petèt ti mesye yo t ap renmen m si m yon ti jan mens. Konsa, m te prèske pa manje yon fason pou m vin gen gwosè m te vle a.

M te vin mèg, e kòm rezilta, m te vin gen pwoblèm sante. Pwoblèm sa yo te rezoud, men, m toujou gen pwoblèm afektif. Pou jis kounye a m gen pwoblèm ak manje. Tikras pa tikras, m vin aksepte aparans mwen. M manje byen e m fè egzèsis. Men, lè m ap bay tèt mwen pwoblèm pou yon bagay, otomatikman, reyaksyon m se pa manje.

Si m kapab, m ta renmen fè lòt jèn yo konnen pou yo sonje chak moun gen yon pwennvi diferan. Kèlkeswa aparans ou genyen an, ap toujou gen kèk moun ki twouve w atiran e ap gen lòt ki pa twouve sa. Sa k pi enpòtan an se sante w. Se sa k pi enpòtan pou moun ki gen sousi pou ou toutbon yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje