BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ypq kesyon 2 p. 6-8
  • Poukisa m ap bay tèt mwen pwoblèm pou aparans mwen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa m ap bay tèt mwen pwoblèm pou aparans mwen?
  • Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
  • Sou menm sijè a
  • E si m pa renmen aparans mwen?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Èske m bay aparans mwen twòp enpòtans?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa m ka fè pou m pèdi pwa?
    Kesyon jèn yo konn poze
Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
ypq kesyon 2 p. 6-8
Yon jèn fi k ap gade yon magazin sou lamòd.

KESYON 2

Poukisa m ap bay tèt mwen pwoblèm pou aparans mwen?

POUKISA SIJÈ SA A ENPÒTAN?

Gen kèk bagay ki pi enpòtan pase sa w ka wè nan glas.

KI SA OU MENM OU T AP FÈ?

Imajine sitiyasyon sa a: Lè Julia ap gade nan glas, li toujou wè li twò gwo. Li toujou ap di tèt li fò l pèdi yon ti pwa, malgre paran l ak zanmi l yo toujou ap di l mèg.

Pou kounye a, sa k nan tèt Julia se pran gwo dispozisyon pou l pèdi yon ti pwa. Tout sa l gen pou l fè se ta fè kèk jou san manje...

Si w te nan plas Julia, ki sa ou menm ou t ap fè?

FÈ YON TI REFLECHI!

Yon jèn fi ap gade nan yon glas e li wè li defòme, li wè l twò gwo.

Fason w wè tèt ou kapab tankou yon imaj yon glas ki defòme bay.

Se pa yon move bagay pou w sousye w de aparans ou. An reyalite, Labib pale an byen de aparans plizyè fi ak gason, tankou Sara, Rachèl, Abigayil, Jozèf ak David. Labib pale de yon fi ki rele Abichag kòm yon moun ki te “bèl anpil”. — 1 Wa 1:4.

Men, gen anpil jèn ki bay aparans yo twòp enpòtans. Sa ka fè yo gen gwo pwoblèm. Gade:

  • Nan yon etid yo te fè, sou chak 100 fi, gen 58 ki fè konnen yo gen twòp pwa, alòske an reyalite se sèlman 17 ladan yo ki te gen twòp pwa.

  • Nan yon lòt etid yo te fè, sou chak 100 fi, gen 45 ladan yo ki pa peze kantite yo ta dwe ye a, alòske yo panse yo gen twòp pwa!

  • Gen kèk jèn ki tèlman ap chèche pèdi pwa ki vin soufri anoreksi, yon pwoblèm grav yon moun genyen nan lespri l ki fè l panse fò l sispann manje paske l twò gwo, sa ki ka menm fè moun nan pèdi lavi l.

Si w gen sentòm yon moun ki soufri anoreksi oswa yon pwoblèm menm jan an, chèche èd. Premye bagay ou ka fè se pale ak paran w oswa ak yon granmoun ou fè konfyans. Men sa Bib la di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

PI BON BAGAY OU KA FÈ!

Vrèmanvre, se moun nou ye pa anndan an ki atire lòt moun oswa ki repouse yo. Ann pran egzanp Absalon, pitit wa David. Men sa Bib la fè konnen:

“Pa t gen yon gason yo te fè lwanj pou li poutèt li bèl gason pase jan yo te konn fè pou Absalon an. Li pa t gen okenn defo nan kò l.” — 2 Samyèl 14:25.

Poutan, jèn gason sa a te gen anpil ògèy, li te gen anpil anbisyon e li te trèt! Se sa k fè, Labib pa pale an byen de Absalon, li fè konnen se te yon moun ki pa t fidèl e ki te touye moun paske l rayi yo.

Bib la gen rezon ban nou konsèy ki vin apre yo:

“Abiye nou ak nouvo pèsonalite a.” — Kolosyen 3:10.

“Abiman nou, se pa dwe sa ki parèt pa deyò a [...] men, se ta dwe moun nou ye nan fon kè nou an.” — 1 Pyè 3:3, 4.

Byenke pa gen anyen mal pou w vle gen bon aparans, men sa k pi enpòtan an se pèsonalite w. Se pa fizik nou oswa bote nou ki pral plis atire moun, men se sitou bèl kalite nou genyen yo! Men sa yon jèn fi ki rele Filisya fè konnen: “Bote ka atire atansyon moun byen vit, men se moun nou ye pa anndan an ak bèl kalite nou genyen yo k ap fè moun plis sonje nou.”

ANN FÈ YON TI TÈS

Èske sa rive souvan ou pa renmen aparans ou?

Èske w konn panse al kay yon doktè pou l refè yon pati nan kò w, oswa èske w konn panse fè yon bagay egzajere pou w pèdi pwa?

Si w te kapab, ki sa w t ap chanje nan aparans ou? (Chwazi sa w t ap chanje yo.)

  • WOTÈ

  • PWA

  • CHEVE

  • FÒM KÒ

  • VIZAJ

  • KOULÈ

Si w reponn wi pou de premye kesyon yo, e si w chwazi twa repons oswa plis nan twazyèm kesyon an, ebyen ou mèt konnen gen anpil chans pou jan w mal wè tèt ou a se pa konsa lòt moun wè w. Li fasil pou nou egzajere e pou nou enkyete nou twòp pou aparans nou. — 1 Samyèl 16:7.

SA M KONTE FÈ

  • Ki sa m ka fè pou m ka pi byen pran swen sante m?

  • Pou mwen, ki sa yon pwogram egzèsis ki rezonab ta dwe gen ladan l?

  • Si yon zanmi m fè m konnen l ap fè yon seri bagay egzajere pou l pèdi pwa, ki sa m ap fè?

JWENN PLIS ENFÒMASYON

Sa lòt jèn di — Aparans fizik

Gade videyo Sa lòt jèn di — Aparans fizik. W ap jwenn li sou www.jw.org/ht. (Gade anba SA BIB LA ANSEYE > JÈN YO)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje