BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 93
  • Ki sa m ka fè pou m pèdi pwa?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa m ka fè pou m pèdi pwa?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske l vrèman nesesè pou m pèdi pwa?
  • Ki pi bon fason pou m pèdi pwa?
  • Sa m konte fè
  • Ki jan m ka manje yon fason ekilibre?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • E si m pa renmen aparans mwen?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Poukisa m dwe pran swen sante m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Èske m bay aparans mwen twòp enpòtans?
    Kesyon jèn yo konn poze
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 93
Yon tigason ki adolesan k ap gade vant li nan yon glas.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m ka fè pou m pèdi pwa?

  • Èske l vrèman nesesè pou m pèdi pwa?

  • Ki pi bon fason pou m pèdi pwa?

  • Sa m konte fè

  • Sa lòt jèn di

Èske l vrèman nesesè pou m pèdi pwa?

Gen kèk jèn ki di yo ta renmen pèdi pwa. Men...

  • Anpil ladan yo plis ap enkyete yo pou aparans yo pase sante yo. Pou yo ka pèdi pwa, yo eseye kèk metòd yo panse ki ka fè yo pèdi pwa byen rapid. Pa egzanp yo chwazi pa manje kantite fwa yo ta dwe manje oswa yo pran konprime yo fè pou moun pèdi pwa. Byen souvan, li klè metòd sa yo pa itil e pafwa menm yo ka danjere pou sante.

    “Kèk medam konn chwazi ret grangou pou yo ka jwenn rezilta pi rapid. Anpil fwa, metòd sa a konn gen move konsekans sou sante yo e lè konsa, kò yo pran anpil tan pou l reprann li.” — Hailey.

  • Anpil ladan yo pa bezwen pèdi pwa vre. Yo gen yon gwosè nòmal, men petèt yo santi yo twò gwo paske y ap konpare tèt yo ak lòt jèn oswa ak moun ki mens anpil medya yo prezante kòm modèl.

    “Lè m te gen 13 an, mwen te konn konpare tèt mwen ak zanmi m yo. Mwen te panse yo t ap pi renmen m si m te vin mèg menm jan avèk yo.” — Paola.

Yon lòt bò, gen kèk jèn ki bezwen pèdi pwa toutbon. Selon yon rapò Òganizasyon mondyal lasante te bay:

  • Nan monn nan, gen anviwon 340 milyon jèn ki gen ant 5 ak 19 an ki obèz.

  • An 1975, se sèlman 4 pousan nan jèn ki te gen ant 5 ak 19 an ki te obèz. Men an 2016, kantite sa a te vin ogmante pou rive 18 pousan.

  • Nan pifò peyi nan monn nan, li pi fasil pou w jwenn moun ki obèz pase w jwenn moun ki mèg.

  • Gen moun ki obèz tou menm nan peyi pòv yo, menm nan fanmi kote moun yo pa manje kalite manje yo ta dwe manje.

Ki pi bon fason pou m pèdi pwa?

Ki metòd ou t ap chwazi?

  1. Pa manje kantite fwa w dwe manje nan yon jounen.

  2. Fè egzèsis toutpandan w ap manje byen.

  3. Pran konprime yo fè pou moun pèdi pwa.

Bon repons lan: 2yèm metòd la: Fè egzèsis toutpandan w ap manje byen.

Pa manje kantite fwa w dwe manje nan yon jounen oswa pran konprime yo fè pou moun pèdi pwa ka fè w jwenn rezilta pi rapid. Men, metòd sa yo ka pa bon pou sante w e li posib pou w repran pwa ou te pèdi a lè w sispann suiv metòd sa a.

Yon lòt bò, si objektif ou se pou w an sante, nonsèlman w ap parèt anfòm men tou w ap santi w byen. Men sa Dr. Michael Bradley ekri: “Metòd ki gen mwens danje, ki pi bon pou sante w e k ap bay rezilta k ap dire pi lontan an se metòd kote [...] ou fè chanjman nan fason w viv pandan tout rès vi w.”a Leson an? Si w bezwen pèdi pwa, pa chèche fè yon rejim, men pito chanje kèk bagay nan fason w viv.

Sa m konte fè

Bib la di nou dwe “modere nan abitid nou” e sa gen ladan l sa nou manje ak fason nou manje (1 Timote 3:11). Li menm di nou pou n pa manje twòp (Pwovèb 23:20; Lik 21:34). Toutpandan w ap sonje prensip sa yo, eseye suiv konsèy ki pi ba yo k ap ede w amelyore kèk bagay nan fason w ap viv:

  • Yon tigason ki adolesan k ap gade yon manje.

    Chèche konnen ki sa manje byen gen ladan l.

    Ou pa bezwen egzajere nan sa w ap chwazi pou w manje oswa pa manje, men si w gen yon ti konesans sou sa ki bon pou w manje, sa ap ede w manje yon fason ki ekilibre. E manje yon fason ki ekilibre se youn nan pi bon fason pou w kontwole pwa w.

  • Yon tigason ki adolesan k ap fè yon ti mache.

    Pran abitid fè egzèsis.

    Reflechi ak aktivite ou fè chak jou k ap ede w bay kò w mouvman. Pa egzanp, olye w pran asansè, monte eskalye. Olye w ret jwe sou telefòn ou, al fè yon ti mache pou 30 minit.

  • Yon tigason ki adolesan k ap pran san l pou l chwazi manje ki bon pou li olye l manje fridòdòy.

    Ranplase fridòdòy ak manje ki bon pou sante w.

    Men sa yon jèn ki rele Sophia di: “M renmen gen fwi ak legim moun ka manje kri sou lamen pou m pase nan bouch mwen, konsa m pap anvi al manje manje ki pa bon pou sante m.”

  • Yon tigason ki adolesan ki refize pran yon lòt plat manje.

    Pran san w pou w manje.

    Gen kèk moun ki tèlman manje vit yo pa rive rann yo kont lè vant yo plen. Donk, pran yon ti poz anvan w double. Sa ka fè w rann ou kont ou pa grangou ankò jan w te panse a.

  • Yon tigason ki adolesan k ap li enfòmasyon ki ekri sou yon bagay li pral manje.

    Kontwole kantite kalori ou pran.

    Li enfòmasyon ki sou etikèt sou sa w pral manje yo. Pa egzanp, ji nan boutèy yo, fridòdòy ak desè konn gen anpil anpil kalori, sa k ap fè w pran pwa.

  • Yon tigason ki adolesan k ap bwè yon krèm apre l fin jwe boul.

    Se pou w gen ekilib.

    Sara, ki gen 16 an, di: “Te gen yon lè, m te tèlman ap kontwole kalori sa te fè lè m te wè yon plat manje, sèl sa ki te konn vin nan tèt mwen se kantite kalori ki gen nan manje a!” Ou pa bezwen plede konte kalori. Ou ka fè tèt ou plezi tanzantan.

Konsèy: Si w panse ou twò gwo, pale sou sa ak doktè w. Li kapab pran dosye medikal ou an konsiderasyon e l ka ede w jwenn yon pi bon metòd pou w pran swen sante w.

Sa lòt jèn di

Nikki

“Li fasil pou w tèlman vin ap chèche vin menm jan ak moun medya yo mete kòm modèl yo sa fè chak fwa w gade w nan glas ou dekouraje. Nou dwe sonje, nou tout pa gen menm fòm e nou pa menm gwosè. Depi nou fè sa nou kapab pou nou an sante, nou ta dwe satisfè ak aparans nou.” — Nikki.

Lorenzo

“Si m pa byen planifye ki sa m ap manje depi alavans, m ap manje fridòdòy. Yo pa toujou bon pou sante e byen souvan yo chè. Epitou, mwen vrèman renmen fè egzèsis pou fè kè m bat fò. M toujou santi m byen apre sa. Men, si m pa planifye depi alavans pou m fè egzèsis, li fasil pou m fè yon lòt bagay nan plas li.” — Lorenzo.

Revizyon: Ki sa m ka fè pou m pèdi pwa?

Olye w ap eseye suiv yon rejim, eseye viv yon fason k ap ede w ret an sante pito. Pou w rive fè sa, eseye fè sa ki annapre yo:

  • Chèche konnen ki sa manje byen gen ladan l. Si w gen yon ti konesans sou sa ki bon pou w manje, sa ap ede w manje yon fason ki ekilibre.

  • Pran abitid fè egzèsis. Reflechi ak aktivite ou fè chak jou k ap ede w bay kò w mouvman.

  • Ranplase fridòdòy ak manje ki bon pou sante w. Se pou w gen bagay ki bon pou sante sou lamen pou w pase nan bouch ou, konsa ou pap anvi al manje manje ki pa bon pou sante w.

  • Pran san w pou w manje. Pa manje vit, pran yon ti poz anvan w double. Si w fè sa, ou ka vin rann ou kont vant ou deja plen.

  • Kontwole kantite kalori ou pran. Li enfòmasyon ki sou etikèt sou sa w pral manje yo epi kontwole kantite kalori ki ladan yo.

  • Se pou w gen ekilib. Menmsi w ap kontwole kalori, veye pou w pa vin twò di ak tèt ou.

a Dapre liv When Things Get Crazy With Your Teen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje