CHAPIT 18
Ki sa m ka fè pou m fè yon ti kòb?
“Mwen bezwen kòb pou m achte yon machin.” — Sergio.
“Mwen renmen achte.” — Laurie-Ann.
“Gen kèk bagay ki vrèman enteresan, e m ta renmen genyen yo. Men, paran m pa gen kòb pou ban mwen yo.” — Mike.
PETÈT, se pou menm rezon sa yo ki fè w ta renmen gen yon ti kòb nan men w. Oubyen tou, se kapab pou ede fanmi w ki fè w bezwen kòb. Menmsi ou pa patisipe dirèkteman nan depans ki fèt nan kay la, si se ou ki achte rad ou oswa bagay pèsonèl ou, sa ka ede paran w.
Nan kèlkeswa sitiyasyon w ye a, w ap bezwen lajan pou achte bagay pou tèt ou oswa pou fanmi w. Byenke Jezi te pwomèt Bondye ap bay kretyen yo sa yo bezwen si yo “chèche Wayòm nan an premye”, yo bezwen chèche pran swen tèt yo kanmenm (Matye 6:33; Travay 18:1-3; 2 Tesalonisyen 3:10). Donk, ki jan w ka fè pou w fè yon ti kòb? E sa k pi enpòtan an, ki sa w ka fè pou sa pa gen efè sou adorasyon w ap bay Bondye a?
Fason pou w jwenn yon travay
Si w vrèman bezwen yon bagay paran w pa gen kòb pou achte pou ou, petèt ou ka chèche yon djòb pou w ka gen ase lajan pou achte l. Pale sou sa ak paran w. Petèt, sa ka fè yo apresye w plis lè yo wè w vle gen yon travay. Ann sipoze yo dakò e w gen laj pou w travay, ki sa w ka fè? Men kat bagay k ap ede w jwenn yon travay.
Di moun w ap chèche travay. Di vwazen w, pwofesè w, moun nan fanmi w w ap chèche travay. Si w santi w timid pou w mande yo dirèkteman, ou kapab annik mande yo ki travay yo menm yo te konn fè lè yo te gen menm laj avè w. Plis gen moun ki konnen w ap chèche travay, se plis ou gen chans pou w jwenn travay.
Chèche tout kote. Gade nan jounal, sou Entènèt, nan magazen, nan lekòl oswa lòt kote k ap bay travay. Men sa Dave, yon jèn gason, di: “Se konsa m te jwenn djòb mwen an. Mwen te chèche nan jounal, apre sa mwen te voye CV m epi m te rele yo.” Si w pa ka jwenn yon djòb fason sa a, petèt ou ka al kot yon moun ki gen yon biznis pou w fè l wè gen yon bagay li bezwen e w ka ede l.
Fè yon CV epi voye l plizyè kote. Bay enfòmasyon sou fason yo ka kontakte w epi di ki sa w konn fè ak eksperyans ou genyen nan zafè travay. Bon, e si w panse ou pa gen anyen pou w mete? Fè yon ti reflechi. Èske w konn pran swen ti frè w oswa ti sè w lè paran w pa la? Oswa èske w konn pran swen pitit lòt moun? Sa montre ou responsab. Èske w konn ede papa w ranje machin li? Sa montre petèt ou gen kapasite pou w ranje kèk bagay. Èske w konn tape oswa w konn sèvi ak òdinatè? Oswa èske w te fè bon nòt pou yon pwojè ki te mande pou w fè tèt ou travay? Tout sa yo se kapasite ki kapab enterese moun k ap chèche moun pou travay. Voye CV w bay moun ki kapab bezwen moun pou travay, epi mande zanmi w ak fanmi w pou yo depoze kèk pou ou tout kote yo konnen y ap bay djòb.
Travay ak tèt ou. Panse ak moun ki sou katye w. Èske gen kèk bagay ou ka fè oswa kèk sèvis ou ka ofri okenn lòt moun pa ofri? Pa egzanp, si w renmen bèt tankou chen ak chat, ou ka ofri moun ki gen bèt sa yo pou w benyen yo epi pran swen yo pou yo. Oubyen èske w konn jwe yon enstriman mizik? Petèt ou ka bay moun leson mizik. Oubyen ou ka fè yon seri travay lòt moun pa vle fè tankou lave vit oswa fè netwayaj. Yon kretyen pa dwe wont travay ak men l (Efezyen 4:28). Nòmalman, pou w travay ak tèt ou, sa mande pou w motive tèt ou, pou w gen disiplin e pou w pran inisyativ.
Men atansyon: Pa kouri travay ak tèt ou san w pa gade sa sa ap koute w (Lik 14:28-30). Premyèman, pale sou sa ak paran w. Epitou, pale ak moun ki te fè menm travay la deja. Èske sa ap mande pou w peye taks? Èske sa ap mande pou w gen yon lisans oswa yon pèmi? Mande otorite nan zòn ou an plis detay. — Women 13:1.
Rete ekilibre
Imajine w k ap eseye monte yon bekàn toutpandan w gen yon pakèt bagay nan men w, pa egzanp ou gen valiz lekòl ou, yon boul ak yon pakèt sachè ou sot fè mache. Plis w ap eseye pote anpil bagay, se plis l ap difisil pou w kenbe ekilib ou. Nou ka di menm bagay la tou si w ap eseye pran yon djòb ki twòp pou ou. Si w pran yon djòb ki pran anpil tan w ak enèji w e ki fè w travay anpil apre lekòl, sante w ak nòt ou kapab peye sa. Sa k pi enpòtan an, si w travay twòp e w travay twò di, sa ka fè l difisil pou w fè aktivite espirityèl yo, tankou etidye Bib la ak patisipe nan reyinyon yo. Men sa Michèle, yon jèn fi, di: “M konn pa al nan reyinyon paske m konn fatige apre yon jounen m fin fè lekòl ak nan travay.”
Pa kite anvi w genyen pou w gen lajan an vin pi enpòtan nan lavi w lè w pase twòp tan ap travay. Jezi te di yon moun ap jwenn vrè kè kontan an lè l “pran konsyans [li] bezwen Bondye”. (Matye 5:3.) Li te di tou: “Menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo.” (Lik 12:15). Maureen, yon jèn kretyèn, te suiv konsèy sa a, li di: “Mwen pa vle pou se sèlman objektif materyèl ki pou okipe lespri m. Mwen konnen si m konsantre m sou fè lajan, se relasyon m ak Bondye k ap peye sa.”
Se vre, gen kèk kote sou tè a, gen jèn ki oblije travay pandan anpil tan pou yo ka ede fanmi yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Men, si w pa nan yon sitiyasyon konsa, poukisa pou w pran yon travay ki pran tout tan w? Selon pifò moun ki fè rechèch yo, lè yon jèn travay plis pase 20 èdtan chak semèn toutpandan l lekòl, sa twòp e sa ap fè l pa ka travay byen lekòl. Gen kèk lòt moun ki konn fè rechèch ki di yon jèn pa ta dwe pase plis pase uit a dizèdtan ap travay chak semèn. Men sa wa Salomon te di: “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” — Eklezyas 4:6.
Sonje, “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” ka fè w sispann fè aktivite espirityèl yo tikras pa tikras (Mak 4:19). Donk, si w chwazi travay apre lekòl pou w ka fè yon ti kòb anplis, byen ranje orè w pou w ka mete aktivite espirityèl yo nan premye plas. Priye Jewova sou sa. Li ka ba w fòs pou ede w fè fas ak sitiyasyon an epi l ap ede w pran bon desizyon k ap pèmèt ou kenbe relasyon ou gen avè l la.
LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 21.
Èske se ou ki gen kontwòl lajan w oswa se li ki gen kontwòl ou? Aprann jan w ka rive gen kontwòl li.
VÈSÈ KLE
“Moun ki parese a anvi anpil bagay, poutan li pa gen anyen, men, moun ki renmen travay la ap gen tout sa l bezwen.” — Pwovèb 13:4.
MEN YON IDE
Pa ret tann pou konpayi yo mete anons anvan w voye CV w ba yo.
ÈSKE W TE KONNEN?
Gen kèk kote, yo pa fè anons pou plis pase 85 pousan nan djòb ki disponib yo.
SA M KONTE FÈ
Men sa m ap fè pou m ka gen plis chans jwenn yon djòb ․․․․․
Mwen pap travay plis pase ․․․․․ èdtan chak semèn.
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Poukisa w bezwen fè yon ti kòb?
● Ki difikilte w ap jwenn si w jwenn yon travay?
● Ki fason w ka gen yon pwennvi ekilibre sou lajan?
[Antrefilè nan paj 153]
“Si w atann se bagay ou posede ki pou fè w kontan, ou pap janm gen kè kontan. Ap toujou gen yon nouvo bagay w ap vle genyen. Ou bezwen aprann kontante w ak sa w genyen.” — Jonathan.
[Kare nan paj 155]
Lajan enpòtan men pa renmen l
Pou yon moun ki fò nan fè manje, yon kouto ki file se yon bon zouti. Men, si se yon moun ki pa twò fò oswa ki distrè ki gen menm kouto sa a nan men l, li ka lakòz gwo dega. Lajan tankou yon kouto ki file. Si w konn ki jan pou w byen sèvi avè l, l ap itil ou. Men, si w pa fè atansyon, li ka lakòz ou soufri. Pa egzanp, apot Pòl te konseye nou pou nou pa vin gen lanmou pou lajan. Gen kèk moun ki tèlman vle vin rich, yo pèdi amitye yo te genyen ak lòt moun, relasyon yo te gen ak manm fanmi yo e menm relasyon yo te gen ak Bondye. Kòm rezilta, yo “pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans”. (1 Timote 6:9, 10.) Ki leson ki gen nan sa? Leson an se aprann ki jan pou w byen sèvi ak lajan. Rekonèt avantaj lajan bay san w pa chèche vin rich!
[Foto nan paj 153]
Si w gen anpil responsablite, sa ka fè li difisil pou w kenbe ekilib ou.