BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yp2 chap. 19 p. 156-163
  • Ki jan m ka byen jere lajan m?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka byen jere lajan m?
  • Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Aprann pran swen yon kay
  • Rekonèt difikilte yo
  • Aprann kontwole depans ou
  • Ki jan m ka kontwole depans mwen?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Fason pou n byen jere lajan
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Nòt pèsonèl mwen: Kesyon lajan
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Destriksyon Sodòm ak Gomò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
yp2 chap. 19 p. 156-163

CHAPIT 19

Ki jan m ka byen jere lajan m?

Èske w konn santi ou pa gen ase lajan pou w depanse?

□ Jamè

□ Pafwa

□ Souvan

Èske w konn achte yon bagay ou pa t vrèman gen kòb pou w achte?

□ Jamè

□ Pafwa

□ Souvan

Èske w konn achte yon bagay jis paske l bon mache menmsi w pa vrèman bezwen l?

□ Jamè

□ Pafwa

□ Souvan

ESKE W santi ou pa janm gen ase lajan pou w depanse? Si w te ka gen plis kòb, ou t ap ka achte jwèt ou vle a. Si w te touche yon ti kòb anplis, ou t ap ka achte soulye sa a ou panse w bezwen an. Oswa ou ka santi w menm jan ak Joan ki di: “Pafwa, zanmi m yo envite m fè yon seri aktivite ki mande pou m gen anpil kòb. Mwen ta renmen ale ak zanmi m yo pou m pran ti plezi m. Ki moun ki ta renmen pa ka pran plezi l poutèt li pa gen kòb?”

Olye w kontrarye paske w pa gen kòb, li ta bon pou w aprann pi byen jere kòb ki pase nan men w. Èske w panse se lè w kite kay paran w pou w aprann byen jere lajan? Si se sa, fè yon ti reflechi: Èske w t ap vole sot nan yon avyon san w pa t deja konnen jan pou w sèvi ak yon parachit? Se vre, petèt yon moun ta ka gentan jwenn fason pou l sèvi avè l anvan l rive atè. Men, li t ap pi bon lontan pou l aprann sèvi ak parachit la anvan l vole kite avyon an!

Menm jan an tou, pi bon lè pou w aprann byen jere lajan se pandan w lakay paran w, kote w pa gen pou w fè fas ak reyalite lavi a. Men sa wa Salomon te di: “Lajan se yon pwoteksyon.” (Eklezyas 7:12). Lajan ap yon pwoteksyon pou ou sèlman si w aprann kontwole depans ou. Si w fè sa, sa ap fè w vin gen plis konfyans nan tèt ou e sa ap fè paran w vin gen plis respè pou ou.

Aprann pran swen yon kay

Èske w te deja mande paran w esplike w ki sa pran swen yon kay gen ladan l? Pa egzanp, èske w konnen konbyen sa koute pou peye kouran ak dlo chak mwa, e konbyen sa koute pou w gen yon machin e pran swen l, pou achte manje oswa pou peye lwaye? Pa bliye, pandan w nan kay la, se paran w ki fè depans sa yo e w pwofite bagay sa yo. Men, si w kite kay la, se ou k ap gen pou w fè depans sa yo pou tèt ou. Donk, sa ap ba w yon ide sou kantite kòb w ap bezwen depanse pou w pran swen tèt ou. Mande paran w pou yo montre w kèk nan depans yo fè pou kay la, epi byen koute pandan y ap esplike w ki sa yo fè pou yo rive peye depans sa yo.

Men sa Bib la di: “Yon moun ki gen sajès konn koute e li vin gen plis konesans. Yon moun ki gen bon konprann ap vin konnen fason pou l aji avèk ladrès.” (Pwovèb 1:5). Anna, yon jèn fi, te mande paran l kèk enfòmasyon, li di: “Papa m te montre m ki jan pou m fè yon bidjè, e li te montre m tou ki jan sa enpòtan pou m byen jere depans mwen fè ak depans mwen gen pou m fè.”

Mete sou sa, manman l te aprann li kèk lòt bagay k ap itil. Men sa Anna di: “Li te montre m ki jan sa enpòtan pou m konpare pri bagay yo anvan m achte. Manman m ka fè anpil bagay ak yon tikras kòb.” Ki bon rezilta sa te pote pou Anna. Men sa l di: “Kounye a, mwen kapab jere lajan m, e mwen byen kontwole kantite kòb m ap depanse, sa ki fè mwen evite gen yon seri dèt ki pa nesesè. Konsa, mwen santi m lib e lespri m anpè.”

Rekonèt difikilte yo

Se vre, aprann fason pou w kontwole depans se youn, men fè l se de, sitou si w ap travay oswa paran w ba w yon ti kòb men ou toujou ap viv lakay yo. Sa k fè sa? Paske siman se paran w ki fè pifò depans yo. Kòm rezilta, ou depanse pifò kòb ou jan w vle. E depanse lajan ka enteresan!

Men, ou ka vin gen yon pwoblèm si lòt jèn ap fè presyon sou ou pou w depanse plis pase sa w ta dwe depanse. Ellena ki gen 21 an di: “Pou zanmi m yo, al achte vin tounen yon gwo detant. Lè m soti avè yo, se kòmsi yo tout atann yo si pou yo pran plezi toutbon se pou yo depanse lajan.”

Li nòmal pou w anvi fè menm jan an. Men, mande tèt ou: ‘Èske lajan mwen depanse lè m ak zanmi m yo se lajan mwen ka depanse vre oswa èske mwen depanse jis paske m santi mwen oblije depanse l?’ Gen anpil moun ki depanse lajan pou zanmi yo oswa lòt moun kapab respekte yo. Yo vle enpresyone lòt moun ak sa yo genyen olye pou se moun yo ye a yo kite enpresyone yo. Tandans sa a ka lakòz ou gen gwo pwoblèm kòb, sitou si w sèvi ak kat kredi. Ki jan w ka evite sa?

Aprann kontwole depans ou

Olye w depanse tout kòb ou yon sèl kou, li ta ka pi bon pou w fè sa Ellena te fè a. Li di: “Lè m ap soti ak zanmi m, mwen gentan gade ki kantite kòb mwen ka depanse. Lè travay mwen peye m, yo depoze kòb la dirèkteman sou kont mwen gen labank, e lè m ap soti, mwen pran sèlman kantite kòb mwen bezwen an. Epitou, mwen twouve li bon pou m al achte ak zanmi ki pap depanse san gad dèyè e k ap ankouraje m konpare pri yo e pou m pa kouri achte premye sa m wè a.”

Men kèk lòt konsèy ou ka aplike si w gen yon kat kredi oswa nenpòt lòt fòm kredi a:

● Make sa w achte yo epi konpare yo ak sa konpayi kredi a di w achte a yon fason pou w ka sèten yo pran sèlman kantite kòb ou achte pou yo a.

● Pa pran tan pou w peye kat kredi a. Si posib, peye tout sa w dwe a yon sèl kou.

● Fè anpil atansyon lè w ap bay nimewo kat kredi w ak lè w ap bay dat l ap ekspire lè w ap pale nan telefòn oswa lè w sou Entènèt.

● Evite sèvi ak kat kredi w kòm yon fason pou w gen lajan nan men w byen vit. Lè w prete lajan sou kat kredi, an jeneral, enterè a pi wo.

● Pa janm prete okenn moun kat kredi w, menmsi se yon zanmi w.

Bon, e si w te gen plis lajan, èske sa pa t ap rezoud pwoblèm depans ou an? Pa vrèman! Ann pran yon egzanp: Si w t ap kondui epi w vin pèdi kontwòl machin nan, oswa si w ap kondui je fèmen, èske annik met gaz nan machin nan ap fè w rive kote w prale a san okenn aksidan? Non. Menm jan an tou, si w pa aprann kontwole depans ou, se pa gen plis kòb k ap ranje sitiyasyon an.

Petèt, ou panse ou deja byen jere kòb ou. Men mande tèt ou: ‘Konbyen kòb mwen te depanse mwa pase a? Ki sa m te achte?’ Ou pa sèten? Men kèk bagay ou ka fè k ap ede w byen depanse lajan w:

1. Ekri depans ou yo. Pandan omwen yon mwa, ekri ki kantite kòb ki antre nan men w e ekri dat la. Ekri chak bagay ou achte ak pri ou peye pou yo. Nan fen mwa a, adisyone kantite kòb ou antre ak kantite kòb ou depanse.

2. Fè yon bidjè. Gade tablo ki nan paj 163 a. Nan premye kolòn nan, ekri tout kòb ou atann k ap antre nan men w pandan yon mwa. Nan dezyèm kolòn nan, ekri ki jan w konte depanse kòb sa a, sèvi ak sa w te ekri nan premye etap la kòm yon gid. Pandan mwa a, ekri kantite ou depanse an reyalite pou chak bagay ou te planifye yo nan twazyèm kolòn nan. Epitou, ekri tout depans ou te fè ki pa t planifye.

3. Chanje abitid ou. Si w depanse plis pase sa w te prevwa pou kèk bagay e w vin gen anpil dèt, chanje fason w depanse. Peye dèt ou. Kontwole depans ou.

Lajan kapab itil ou si w byen sèvi avè l. Dayè, pou pifò moun, kesyon travay pou fè lajan epi jere lajan sa a se yon bagay ki enpòtan. Men, eseye kenbe ekilib ou. Men sa yon jèn ki rele Matthew di: “Lajan gen enpòtans li, men se pa li ki pi enpòtan. Li pa ta dwe janm vin pi enpòtan pase ni fanmi w ni Jewova.”

NAN LÒT CHAPIT LA:

Ki sa w ka fè si fanmi w pòv?

VÈSÈ KLE

“Lajan se yon pwoteksyon. [...] Men avantaj yon moun ki gen konesans genyen: Si l gen sajès, sa ap pwoteje lavi l.” — Eklezyas 7:12.

MEN YON IDE

Fè yon lis sa w bezwen achte anvan w soti. Soti ak kantite kòb w ap bezwen sèlman epi pa achte anyen ki pa sou lis la.

ÈSKE W TE KONNEN?

Si w gen yon balans 2 000 dola ameriken sou kat kredi w avèk yon to enterè 18.5 pousan e se minimòm nan sèlman ou peye, l ap pran w 11 an pou w fin peye dèt sa a e w ap depanse 1 934 dola anplis nan enterè.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè pou m kontwole depans mwen ․․․․․

Men sa m ap fè anvan m achte yon bagay ak kat kredi ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa w ta dwe aprann jere lajan pandan w toujou ap viv lakay paran w?

● Sa k fè w ka twouve l difisil pou w jere lajan?

● Ki jan w ka sèvi ak kòb ou pou w ede lòt moun?

[Antrefilè nan paj 162]

“Lè m fè bidjè, mwen fè plis ekonomi. Mwen pa achte bagay mwen pa bezwen.” — Leah.

[Kare nan paj 158]

Fason w depanse lajan w montre sa k enpòtan pou ou

Nan ki sa w depanse lajan w? Si w depanse lajan regilyèman pou w ede lòt moun, nan ka sa a, fason w depanse lajan montre ou enterese nan moun toutbon (Jak 2:14-17). Lè w bay kòb regilyèman pou w soutni vrè adorasyon an, ou “onore Jewova avèk sa w genyen ki gen valè yo”. (Pwovèb 3:9.) Men, si se pou afè pa w sèlman ou depanse lajan w, ki sa w panse sa montre?

[Tablo/Foto nan paj 163]

Fich aktivite

Bidjè m pou mwa a

Fè kopi paj sa a!

Sa m rantre

LAJAN PÒCH

TRAVAY AMITAN

LÒT

Total

HTG․․․․․

Kòb mwen prevwa depanse

MANJE

․․․․․

RAD

․․․․․

TELEFÒN

․․․․․

DETANT

․․․․․

OFRANN

․․․․․

EKONOMI

․․․․․

LÒT

․․․․․

Total

HTG․․․․․

Kòb mwen depanse

MANJE

․․․․․

RAD

․․․․․

TELEFÒN

․․․․․

DETANT

․․․․․

OFRANN

․․․․․

EKONOMI

․․․․․

LÒT

․․․․․

Total

HTG․․․․․

[Foto nan paj 160]

Depanse lajan san kontwòl se tankou kondui machin ak je mare.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje