BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 72
  • Ki jan m ka kontwole depans mwen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka kontwole depans mwen?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa pou w kontwole depans ou?
  • Fason pou w fè sa
  • Ki jan m ka byen jere lajan m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Pwoblèm lajan ak dèt — Èske Bib la ka ede nou?
    Repons Bib la bay
  • Fason pou n byen jere lajan
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • 2 | Pwoteje lajan w ak sa w posede
    Reveye n! — 2022
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 72
Yon jèn fi k ap achte sou Entènèt

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka kontwole depans mwen?

“Sa pa gen lontan, mwen te antre nan yon magazen jis pou m gade. Mwen soti ak yon bagay byen chè alòske lè m t ap antre nan magazen an mwen pa t gen entansyon achte bagay sa a.” — Colin.

Colin rekonèt li gen pwoblèm pou l kontwole sa l ap depanse. Èske w gen menm pwoblèm nan? Si se wi, atik sa a ka ede w.

  • Poukisa pou w kontwole depans ou?

  • Fason pou w fè sa

  • Sa lòt jèn di

Poukisa pou w kontwole depans ou?

Sa moun yo di: Si w ap enkyete w pou depans w ap fè sa ap retire sou libète w.

Sa ki verite: Lè w kontwole depans ou sa ap ba w plis libète. Men sa yon liv fè konnen: “Plis ou gen konesans sou fason pou w jere lajan, w ap gen plis lajan pou bagay ou bezwen ni kounye a ni pi devan.” — I’m Broke! The Money Handbook.

Fè yon ti reflechi: Lè w kontwole depans ou...

  • W ap gen plis kòb pou depans ou, nan moman ou bezwen kòb la. Men sa yon jèn ki rele Inez di: “Mwen ta renmen al ann Amerik disid yon lè. Mwen eseye sonje sa lè m ap fè ekonomi.”

  • W ap gen mwens dèt oswa ou pap gen dèt ditou. Labib fè konnen: “Moun ki prete nan men yon moun se esklav moun ki prete l la.” (Pwovèb 22:7). Gen yon jèn dam ki rele Anna ki dakò ak pawòl sa a, men sa l di: “Dèt ka kontwole lavi w. Lè w pa gen dèt sa pèmèt ou konsantre sou objektif ou.”

  • Ou montre ou gen matirite. Moun ki kontwole depans yo pi byen prepare pou yo vin granmoun. Men sa yon jèn ki gen 20 an ki rele Jean fè konnen: “Se yon bon preparasyon pou lavni, pou lè mwen pral viv lakay mwen. Mwen eseye montre m responsab depi kounye a anrapò ak kòb, konsa pi devan m ap toujou responsab nan kesyon lajan.”

Sa w dwe sonje: Men sa yon liv fè konnen: “Lè w aprann jere lajan w se yon bon fason pou w vin endepandan. Lè w aprann byen jere kòb ou se yon bagay k ap itil ou tout rès vi w.” — The Complete Guide to Personal Finance: For Teenagers and College Students.

Fason pou w fè sa

Aprann konn feblès ou. Si w toujou razè, premye bagay la se chèche wè sa w fè ak lajan w. Pou kèk moun, se kesyon achte sou Entènèt la ki pwoblèm yo. Pou lòt moun, pwoblèm yo sèke yo plede fè ti depans tanzantan, sa ki fè nan fen mwa a yo toujou ‘blanch’.

“Ti depans nou fè chak jou yo vin fè pil. Yon ti kado tanzantan, yon ti kafe, yon bagay ki nan rabè nan yon magazen, epi nan fen mwa a m sezi wè mwen depanse san dola!” — Hailey.

Fè yon bidjè. Labib di: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” (Pwovèb 21:5). Lè w fè yon bidjè, ou gen asirans ou pap depanse plis pase sa w antre.

“Si w depanse plis lajan pase sa w antre, chèche wè ki sa w fè ak lajan an epi elimine bagay ou pa bezwen. Retire sou kantite depans ou fè jiskaske ou depanse mwens pase sa w antre.” — Danielle.

Fè suivi. Gen plizyè fason ou ka suiv sa w fè ak lajan w e pou w evite fè depans ki pa nesesè. Gen kèk jèn ki twouve metòd ki annapre yo mache pou yo:

  • “An jeneral, mwen mete lajan m labank tousuit paske mwen konnen konsa l ap pi fasil pou m reziste ak tantasyon pou m depanse l.” — David.

  • “Lè m pral nan magazen, mwen soti ak yon kantite lajan ki rezonab. Konsa, mwen pa ka depanse plis lajan pase sa m te prevwa.” — Ellen.

  • “Plis m ret tann anvan m achte yon bagay, li pi fasil pou m wè si m vrèman bezwen l.” — Jesiah.

  • “Mwen pa oblije la nan tout aktivite! Se pa yon pwoblèm pou m di non si m pa gen mwayen pou m ale.” — Jennifer.

Sa w dwe sonje: Konn jere lajan se yon gwo responsablite. Se sa Colin, nou te site pawòl li nan kòmansman atik la, te kòmanse reyalize. Li di: “Si m vle vin chèf fanmi yon jou, mwen pa ka ap gaspiye lajan! Si m pa ka jere lajan m antanke selibatè, sa pral bay pwoblèm lè m marye.”

Ide: “Fè yon moun konnen bidjè w, epi mande moun sa a pou l mande w ki jan sa ye tanzantan. Se yon bon bagay lè w gen yon moun pou w rann kont!” — Vanessa.

Sa lòt jèn di

Julie

“Pa gen anyen ki ka fè w santi w pi mal pase lè w chaje ak dèt. Mwen te gen pwoblèm sa a yon lè, e mwen pa janm vle tounen ladan l ankò. Lè m fè efò pou m pa gen dèt sa pèmèt mwen pwofite opòtinite ki vin devan m e konsa lespri m pi anpè.” — Julie.

Jesiah

“Byen souvan, moun k ap vann yo ak moun k ap fè reklam yo fè w panse ou oblije achte tousuit, ou pa dwe tann. Men, an jeneral, ou gen tan pou w reflechi. Si w pa gen tan pou w reflechi, petèt se yon siy ki montre se pa yon bon ide pou w fè acha a.” — Jesiah.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje