BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sn kantik 100
  • Nou se sòlda Jewova!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou se sòlda Jewova!
  • Ann chante pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Nou se lame Jewova!
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Gade lame Jewova a !
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Ansanm, n ap travay, n ap tann ak kouray
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Kontinye chèche Wayòm nan an premye
    Ann chante louwanj pou Jewova
Gade plis
Ann chante pou Jewova
sn kantik 100

Kantik 100

Nou se sòlda Jewova!

Édition imprimée

(Jowèl 2:7)

1. Nou se sòlda Jewova,

Nou pa nan fènwa.

N’ap preche moun Wayòm nan

Ki gen Jezi kòm Wa.

N’ap vanse e nou fidèl,

Nou se volontè.

Nou byen detèmine,

Epi nou pa pè.

(REFREN)

Nou se sòlda Jewova,

N’ap suiv tras Jezi.

Nou kontan fè konnen

“Wayòm nan tabli.”

2. Nou se sèvitè Bondye,

N’ap preche pou li.

N’ap chèche tout moun enb yo,

Sila yo k’ap jemi.

Nou chèche anseye yo,

Nou rann yo vizit.

Grasa reyinyon yo,

Yo pwogrese vit.

(REFREN)

Nou se sòlda Jewova,

N’ap suiv tras Jezi.

Nou kontan fè konnen

“Wayòm nan tabli.”

3. Nou se sòlda Jewova

Kris ap kòmande.

Nou ret nan plas nou byen djanm,

E nou byen ekipe.

Men nou dwe toujou pridan

Pou’n ret yon modèl.

Menm lè’n devan danje,

N’ap rete fidèl.

(REFREN)

Nou se sòlda Jewova,

N’ap suiv tras Jezi.

Nou kontan fè konnen

“Wayòm nan tabli.”

(Gade tou Efe. 6:11, 14; Fil. 1:7; Flm. 2.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje