Kantik 5
Kris se Modèl nou
Édition imprimée
1. Jewova beni nou.
Li montre’l gen lanmou
Lè’l te bay Jezi pou limanite.
Jezi Kris te mouri
Pou nou ka gen lavi,
Pou bonjan lapè blayi tout kote.
2. Jezi te anseye
Kòman pou nou priye:
Jewova Papa, se pou non’w vin sen,
Pou Wayòm ou vini,
Pou volonte ou fèt,
Chak jou pou’w fè’n jwenn manje nou bezwen.
3. Jezi te anseye
Verite sou Bondye.
Sa ban’n rekonfò, e sa ban’n espwa.
Ann preche Wayòm nan,
Ann fè sa avèk kran.
Si’n toujou aktif, n’ap jwenn anpil jwa.
(Gade tou Mat. 6:9-11; Jan 3:16; 6:31-51; Efe. 5:2.)