BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sn kantik 45
  • Kontinye pwogrese!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kontinye pwogrese!
  • Ann chante pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Kontinye pwogrese!
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Kontinye fè pwogrè !
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • “Se pou limyè nou klere”
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • “Preche Pawòl la”
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
Gade plis
Ann chante pou Jewova
sn kantik 45

Kantik 45

Kontinye pwogrese!

Édition imprimée

(Ebre 6:1)

1. Pwogrese, pwogrese nan matirite!

Nou dwe byen kalifye, paske se sa Bondye vle.

Ministè nou an, nou dwe amelyore,

E n’ap jwenn benediksyon.

Chak moun gen plas yo nan sèvis la.

Jezi Kris te konn fè travay sa’.

Ann konte sou Bondye pou’n pa janm faya,

Ann toujou fè bèl aksyon.

2. Pwogrese, pwogrese, ann preche ak zèl!

Ann fè tout moun tande yon bon nouvèl etènèl.

Ann louwe Jewova, nou tout ki fidèl,

Lè nou preche pòt an pòt.

Mechan yo ap chèche fè nou pè.

Pa fè bak, men se pou’n di byen klè:

Talè Wayòm Bondye a pral pot lapè.

Annou travay kòtakòt.

3. Pwogrese, pwogrese, pinga’n ralanti!

Chèche gen plis ladrès, travay la poko fini!

Kite lespri Bondye ede’n pot bon fwi,

Bondye ap ban nou lajwa.

Lè nou jwenn moun ki tankou mouton,

Nou tounen pou’n ba yo fòmasyon.

Konsa, n’ap ede yo pwogrese toutbon.

Ansanm, n’ap bay Bondye glwa.

(Gade tou Fil. 1:27; 3:16; Ebre 10:39.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje