Kantik 49
Jewova se refij nou
Édition imprimée
(Sòm 91)
1. Jewova se refij nou,
Nan li sèl nou konfyan.
Lonbray li ban’n pwoteksyon,
Anba’l n’ap ret toutan.
Bondye nou an ap defann nou,
E l’ap toujou pote’n sekou.
Jewova se yon fòtrès
Pou tout moun ki obeyisan.
2. Anpil moun te mèt tonbe
Toupre’w, ou pap brannen.
Nan mitan moun fidèl yo,
Ou pap janm gen anyen.
Ou pa dwe ni tranble ni pè,
Menmsi toupre’w ou wè malè.
Si’w rete bò kot Bondye,
W’ap jwenn pwoteksyon se sèten.
3. Jewova ap pwoteje’w
Kont pyèj ou rankontre.
Pa kite pwoblèm ou yo
Fè’w vin dekouraje.
Ou pap kouri pou mal lyon an
E w’ap mache sou twou sèpan’.
Jewova se refij nou,
L’ap pote’n sekou toutbonvre.
(Gade tou Sòm 97:10; 121:3, 5; Iza. 52:12.)