KANTIK 8
Jewova se refij nou
Édition imprimée
(Sòm 91)
1. Jewova se refij nou,
Nan li sèl nou konfyan.
Lonbray li ban’n pwoteksyon,
Anba’l n’ap ret toutan.
Depi’n fidèl, l’ap defann nou
E l’ap toujou pote’n sekou.
Jewova se yon fòtrès.
Li fidèl, li jis, li pisan.
2. Anpil moun te mèt tonbe
Toupre’n, nou pap brannen.
E tout moun ki ret fidèl
Ap jwenn èd yo bezwen.
Nou pa dwe ni tranble ni pè,
Menmsi toupre’n nou wè malè.
Si’n rete bò kot Bondye,
N’ap jwenn pwoteksyon se sèten.
3. Jewova ap pwoteje’n
Kont pyèj nou rankontre.
Nou pap pè anyen nan nuit,
N’ap viv ak kè poze.
Anyen pap fè’n gen laperèz,
N’ap viv trankil, n’ap byen alèz.
Jewova se refij nou,
L’ap ede’n tout kote n’ale.
(Gade tou Sòm 97:10; 121:3, 5; Eza. 52:12.)