BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jl leson 22
  • Ki sa yo fè nan biwo filyal la?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa yo fè nan biwo filyal la?
  • Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Sou menm sijè a
  • Pou tout pwoklamatè Wayòm yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Fason Kolèj santral la òganize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Fason nou kapab fè plis nan sèvis n ap bay Bondye a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Konstriksyon nou te reyisi fè anvan pandemi an
    Fason n itilize ofrann nou yo
Gade plis
Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
jl leson 22

LESON 22

Ki sa yo fè nan yon biwo filyal?

Yon gwoup frè k ap òganize travay filyal la nan Zile Salomon yo.

Zile Salomon

Yon Temwen Jewova k ap travay nan biwo filyal Kanada.

Kanada

Kamyon k ap transpòte piblikasyon.

Afrik disid

Gen moun nan fanmi Betèl la ki travay nan kèk depatman ki gen rapò dirèk ak travay predikasyon k ap fèt nan yon peyi oswa nan plizyè peyi. Kèk nan yo travay nan tradiksyon, nan depo piblikasyon, kote yo enprime peryodik, kote yo relye liv, kote yo pwodui materyèl odyo oswa videyo. E yo ka fè nenpòt lòt travay pou peyi ki sou responsablite filyal la.

Gen yon komite filyal ki sipèvize travay k ap fèt yo. Nan chak filyal, Kolèj santral la nome yon Komite filyal. Li gen omwen twa ansyen byen kalifye ki gen responsablite pou dirije travay k ap fèt nan filyal la. Komite filyal la enfòme Kolèj santral la sou pwogrè ki fèt nan travay predikasyon an nan chak peyi ki sou responsablite l. Yo voye rapò bay Kolèj santral la pou fè l konnen tout pwoblèm yo rankontre. Rapò sa yo ede Kolèj santral la deside ki sijè pou l devlope nan piblikasyon ki pral parèt yo, nan reyinyon yo ak nan asanble yo. Kolèj santral la voye reprezantan l al vizite filyal yo regilyèman e yo bay Komite filyal yo konsèy k ap ede yo byen fè travay yo (Pwovèb 11:14). Kolèj Santral la òganize yon pwogram espesyal kote reprezantan l lan bay yon diskou pou ankouraje moun k ap viv nan peyi ki sou kont filyal la.

Li ede kongregasyon ki nan peyi a. Gen frè responsab nan biwo filyal la ki apwouve nouvo kongregasyon ki fòme yo, yo sipèvize travay pyonye, misyonè ak siveyan sikonskripsyon ki nan peyi ki sou responsablite filyal la. Yo òganize asanble yo ak kongrè yo. Yo kowòdone konstriksyon nouvo Sal Wayòm e yo veye pou kongregasyon yo jwenn piblikasyon yo bezwen. Tout travay yo fè nan filyal la pèmèt travay predikasyon an fèt nan lòd. — 1 Korentyen 14:33, 40.

  • Ki jan Komite filyal yo ede Kolèj santral la?

  • Ki travay yo fè nan yon biwo filyal?

CHÈCHE KONN PLIS

Soti lendi pou rive vandredi, nou byen kontan akeyi moun ki vin vizite biwo filyal la. Nou envite w vin vizite nou. Lè w ap fè sa, abiye tankou se nan reyinyon ou prale. Lè w fin vizite Betèl la, lafwa w ap vin pi solid.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje