BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/06 p. 1
  • Pou tout pwoklamatè Wayòm yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pou tout pwoklamatè Wayòm yo
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Èske w ka rann ou disponib ?
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Yon envitasyon pou tout moun!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Jewova pa bliye bèl travay ou fè
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Ki sa yo fè nan biwo filyal la?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 9/06 p. 1

Pou tout pwoklamatè Wayòm yo

Chè Frè,

Divès siklòn ki te devaste zòn ki ozanviwon gòlf Meksik la nan ane 2005 lan te afekte plizyè milye frè ak sè nou. Nou vle eksprime rekonesans nou poutèt nou te soutni yo avèk amou. — Jan 13:35.

Men sa yon frè ki te oblije deplase akoz siklòn Katrina te di : “ Nou te vini sèlman ak rad sou nou. Frè nou yo te fè sa ki nesesè. Yo te fè nou santi kòmsi se lakay nou nou te ye. Yo te vle pou nou rete. ”

Te gen plis pase 8 000 frè ak sè Ozetazini ki t ap travay nan 60 Biwo konstriksyon Sal Wayòm ki te ofri tan yo, talan yo ak resous yo nan efò ki t ap fèt pou pote moun sekou. Yo te ede nan reparasyon ak rekonstriksyon 86 Sal Wayòm ak 4 178 kay. Gen travay ki rete pou fèt nan 5 lòt Sal Wayòm ak nan 722 kay. Gen kèk frè ki te soti jis nan Meyn ak Wachintonn pou pote èd yo. Ala rekonesan nou tout rekonesan pou travay yo te fè avèk amou ! — 1 Tes. 5:18.

Men sa yon volontè ki soti Michigan te di : “ Sa te fè m tèlman kontan lè m te wè vizaj manm fanmi yo ki t ap souri lè yo te wè nouvo twati nou te konstwi pou yo. Mwen pa kapab jwenn mo pou m di sa m santi dèske mwen fè pati yon bèl kominote frè konsa. ”

Nou ankouraje nou kontinye priye pou tout frè sa yo, ni sa ki te sinistre yo ni sa k ap bay èd yo. Anmenmtan, ann Ayiti, nou ta renmen nou pran tout prekosyon ki nesesè, etandone nou nan sezon siklòn. — 2 Kor. 1:11.

Frè nou yo,

Filyal d’Ayiti

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje