Èske w ka rann ou disponib ?
1 Te gen yon evènman estwòdinè ki te pase nan ane 778 anvan epòk nou an. Pwofèt Izayi te fè yon vizyon kote l te wè “ Jewova, ki chita sou yon twòn wo, jis anlè ”. Lè sa a, Izayi tande serafen yo k ap atire atansyon sou laglwa Jewova, pandan y ap di : “ Sen, sen, sen, Jewova, Chèf lame yo. ” Ala sa dwe te enpresyonan ! Nan moman sa a, Jewova te poze yon kesyon ki pa t fasil pou yo reponn. Li te mande : “ Kiyès m ap voye e kiyès ki prale pou nou ? ” Yo pa t bay okenn eksplikasyon sou ki travay li te ye, oswa ki avantaj yon moun ki ta ofri tèt li t ap jwenn nan travay sa a. Toutfwa, san Izayi pa t ezite, li reponn : “ Men mwen ! Voye m. ” — Iza. 6:1, 3, 8.
2 Se yon mak fabrik lakay pèp Jewova a pou l fè kèlkeswa sa Jewova mande a san grate tèt (Sòm 110:3). Kounye la a, yo bay yon envitasyon espesyal pou moun ki ka rann yo disponib. Èske w pare pou w imite Izayi nan sans sa a ?
3 Yo bezwen plis frè jouranjou pou vin sèvi nan Betèl. Sa mande pou frè sa yo gen yon kokenn volonte pou yo mete enterè Wayòm nan an premye e pou yo dispoze fè kèlkeswa sa yo ta mande yo fè, pou yo soutni travay predikasyon mondyal la (Mat. 6:33). Anfèt, lè yon moun ap sèvi kòm manm fanmi Betèl, li gen yon posiblite espesyal pou l sèvi Jewova ak tout nanm li. Sa k fè nou di sa ?
4 Travay ki fèt nan Betèl la : Reflechi sou tout travay ki fèt regilyèman nan twa bilding yo itilize pou Betèl Ozetazini : nan Bwouklin, nan Patèsonn ak nan Wòlkil (Nouyòk). Antou, gen 5 730 frè ak sè ki fòme fanmi Betèl ki nan twa zòn sa yo. Frè ak sè sa yo gen privilèj pou yo patisipe tou nan kore esklav fidèl e eklere a ansanm ak Kolèj santral la nan travay y ap fè pou pwodui Bib ak piblikasyon biblik pou moun sèvi nan predikasyon oswa nan etid pèsonèl y ap fè (Mat. 24:45). Paregzanp, nan ane sèvis ki fèk sot pase a, fanmi Betèl ki Ozetazini a te met ansanm pou yo pwodui e pou yo ekspedye 24 364 670 liv, 39 813 464 bwochi, 270 528 000 peryodik, ak 1 271 041 kasèt odyo. Se pa ti travay sa mande pou yo chèche, pou yo chwazi ‘ bonjan pawòl e pou yo ekri pawòl laverite ki kòrèk ’ nan piblikasyon sa yo (Ekl. 12:9, 10). Epitou, yo gide plis pase 1 900 tradiktè k ap bay koutmen nan pwodui piblikasyon nan lemonnantye nan plis pase 300 lang. Yo fè anpil efò pou yo kowòdone travay ki fèt nan 111 filyal ki nan lemonnantye, san wete 215 kongregasyon ki ann Ayiti yo. Filyal ki gen biwo enjenyè, ki konstwi plis lojman pou Betelit yo, plis Sal asanble, e k ap patisipe nan konstwi 15 248 Sal Wayòm nan peyi ki manke mwayen yo, wi Filyal sa yo jwenn konkou yo bezwen. Yo bezwen dè santèn volontè ki pou travay nan enprimri, nan sèvis ekspedye piblikasyon, nan netwayaj, nan reparasyon, nan kuizin, nan acha, nan sèvis sante, e nan yon pakèt lòt aktivite k ap fèt nan Betèl.
5 Sa mande anpil efò pou tout travay sa yo rive fèt, men gen yon satisfaksyon espirityèl ladann. Nou jwenn anpil lajwa lè n ap sèvi ak tout fòs nou, ak tout enèji nou pou nou kore aktivite predikasyon an ak aktivite ansèyman an. Sèvi nan Betèl ka ede nou pou nou rive konnen òganizasyon Jewova a plis an detay. Men yon pwen nou dwe sonje : nan tan Izrayelit yo, salmis la te ankouraje yo pou yo chèche konnen sant terès gouvènman teyokratik la afon. — Sòm 48:12, 13.
6 Benediksyon w jwenn lè w ap sèvi nan Betèl : Ki santiman moun k ap sèvi nan Betèl yo genyen parapò ak privilèj sèvis yo a ? N ap koute kèk kòmantè manm fanmi Betèl yo fè, jèn kou granmoun. Yon Betelit ki gen twazan nan Betèl, fè kòmantè sa a : “ Etan m nan Betèl la, relasyon m ak Jewova vin pi solid. Plis mwen gen lontan m ap sèvi isit la, se plis m ap aprann fonksyònman Betèl la, e se plis mwen vin konprann pèsonalite Jewova. Sèvi m ap sèvi nan Betèl la ouvri je m pou ede m konprann pwen sa a : Jewova renmen sèvi ak moun, ak tout kalite moun. Epi yon moun pa bezwen san defo nèt, anvan pou Bondye aksepte l. ”
7 Men sa yon jèn frè raple l : “ Mwen sonje mwen konn fè refleksyon sa a : ‘ Ala sa pral bèl pou m rive nan monn nouvo a e pou m kapab di moun fidèl nan tan lontan yo, mwen te sèvi yon bon kou tan nan Betèl la, mwen pa t annik rete deyò a ap fè lajan. ’ ”
8 Yon jèn frè ap medite sou fòmasyon li jwenn nan Betèl la. Li di : “ Mwen jwenn anpil benediksyon paske m aprann konn tèt mwen, m chèche konnen ki kalite mwen ta dwe travay, e m chèche devlope kalite sa yo. Kounye a, mwen santi m kapab sèvi Jewova pi byen. Mwen vin gen yon ti kras plis pasyans, yon ti kras plis metriz, e kounye a mwen kapab demontre plis lanmou. ”
9 Men sa yon sè k ap reflechi sou benediksyon li jwenn jiska prezan di : “ Pwogram espirityèl ki gen isit la anseye m piplis bagay sou Jewova, e li montre m ki jan mwen ka imite l plis, kit se nan panse mwen, nan santiman mwen oswa nan aksyon mwen. E piske se yon fòmasyon k ap kontinye, benediksyon yo ap kontinye tou. ”
10 Yon frè ki pase yon total 59 an nan sèvis a plen tan, e ki fè plis pase 43 ladan yo nan Betèl, te di pawòl sa yo : “ Betèl se pa tankou yon monastè, tankou kèk moun ta ka panse. Piske n ap suiv yon pwogram, sa pèmèt nou fè anpil travay [...] Pa gen yon jou mwen fin travay pou m pa santi m kontan. Poukisa ? Enben, se paske lè nou bay tout nou menm nan sèvis Jewova a, nou santi nou kontan dèske nou konnen ‘ nou sèlman fè sa nou te dwe fè. ’ ” — Lik 17:10.
11 Men sa yon lòt frè, ki te sèvi pandan 62 an nan Betèl, te di : “ Mwen kwè ak tout fòs, Betèl se pi bon kote sou tè a pou nou viv anvan nou jwenn Paradi terès la. Mwen pa janm regrèt, menm yon segonn, dèske mwen te fè karyè nan sèvis a plen tan. Ala yon lajwa yon moun genyen pou l temwen gwo ogmantasyon òganizasyon terès Jewova a e pou l patisipe nan ogmantasyon sa a ! Mwen detèmine, pandan m konte sou èd Jewova, pou m kontinye konsidere Betèl la se lakay mwen, e pou m fè tout posib mwen pou m ede enterè Wayòm nan avanse. ”
12 Betelit sa yo mansyone sèlman kèk nan benediksyon ou ka jwi, si w rann ou disponib pou w sèvi nan Betèl. Men, tankou pou nenpòt lòt privilèj sèvis, gen kondisyon ou dwe ranpli anvan w ka sèvi nan Betèl. Ki kondisyon konsa ?
13 Kondisyon pou yon moun sèvi nan Betèl : Nan kare ki nan mitan atik sa a, yo bay kondisyon preliminè yon moun dwe ranpli si li vle vin sèvi nan Betèl. Anplis de sa, li enpòtan pou moun sa a pa pè travay, pou l pa yon moun ki “ renmen plezi ” (2 Tim. 3:4 ; 1 Kor. 13:11). Manm fanmi Betèl yo ta dwe gason ak fi ki espirityèl, ki gentan devlope bon abitid pou yo fè etid pèsonèl, e ki egzèse klèvwayans yo pou yo “ distenge sa ki byen ak sa ki mal ”. (Ebre 5:14.) Yo ta dwe gentan demontre yo se kretyen ki solid nan tout aspè lavi yo, san wete fason yo abiye, aparans yo, ak chwa yo fè nan domèn mizik ak detant. Manm fanmi Betèl yo dispoze sèvi nenpòt kote yo mande yo. An jeneral, lè yon jèn fèk vini nan Betèl la, yo plis ba l fè travay fizik, tankou travay enprimri, preparasyon piblikasyon, ekspedisyon piblikasyon, reparasyon, netwayaj, lesiv ak kuizin (Pwo. 20:29). Kontrèman ak travay pwofàn, chak travay yo bay yon Betelit fè pote gwo satisfaksyon, paske travay sa a fè pati sèvis sakre k ap glorifye Jewova. — Kol. 3:23.
14 Yo ankouraje moun ki vle sèvi nan Betèl la pou yo anvizaje rete omwen ennan. Sa ap pèmèt yo jwenn fòmasyon pou yo tounen travayè efikas. Sa k ta bon, se pou moun nan ta rive santi l alèz nan Betèl la, tankou se lakay li li ye. Se lanmou pou Jewova ki pouse Betelit yo pou yo mete travay Wayòm nan anvan enterè pèsonèl pa yo, e sa fè Jewova plezi. — Mat. 16:24.
15 Moun yo bezwen pou lemoman : Akòz kalite travay k ap fèt nan Betèl la, se frè selibatè yo bezwen an premye. Menmsi sa pa egzijib, yo prefere pran moun ki pyonye pèmanan, piske yo deja nan ministè a plen tan. Sa ka rive yo pran sè selibatè oswa mesye dam marye, si yo gen ant 19 e 35 an, epi si yo gen yon metye oswa yon fòmasyon k ap itil Betèl la. Yon lòt bò, yo konn pran moun ki gen plis pase 35 an, si yo gen metye ak kèk fòmasyon espesyal, tankou dantis, doktè, kontab agreye, achitèk, enjenyè, enfimyè, mekanisyen oswa teknisyen nan elektwonik. Se kèk egzanp sèlman nou site. Sa pa vle di nou ankouraje moun al chèche gen yon fòmasyon espesyal, pou yo ka ogmante chans yo pou yo antre nan Betèl. Moun ki deja jwenn fòmasyon espesyal sa yo, petèt anvan yo te pran laverite, e ki vle sa, kapab ranpli yon fòmilè demann pou antre nan Betèl, epi yo ka voye l nan filyal la ak tout curriculum vitae yo.
16 Pa dekouraje si w ranpli yon demann epi yo pa envite w vin nan Betèl. Ou gen dwa refè yon demann chak ane. Gen kèk frè ki gen yon fòmasyon espesyal yo bezwen nan Betèl la ki rann yo disponib tanporèman pou yo sèvi nan Betèl. Yo mèt ranpli yon fòmilè pou yo vin travay nan Betèl la pou yon ti tan, paregzanp de semèn, twa semèn, yon mwa jiska twa mwa. Sekretè nan chak kongregasyon gen fòmilè pou moun ki vle sèvi nan Betèl la kòm volontè tanporè. Si sa nesesè, yo ka mande lòt fòmilè pou moun ki vle vin travay nan Betèl la pou yon ti tan sou demann piblikasyon yo fè chak mwa a.
17 Sèvi Jewova sere kole ak frè Jezi Kris yo se yon privilèj espesyal pou moun k ap travay nan Betèl la. Kolèj santral la apresye lespri sakrifis tout moun ki rann yo disponib pou yo potekole pou reponn ak bezwen fanmi entènasyonal frè nou yo. — Fil. 2:20-22 ; 2 Tim. 4:11.
18 Nou menm jèn yo, prepare nou kounye a pou n al sèvi nan Betèl : Yon moun sipoze prepare l pou l al sèvi nan Betèl byen lontan anvan l rive nan laj 19 an minimòm yo mande a. Ki sa jèn yo ka fè pou yo prepare yo pou y al sèvi nan Betèl ? Jezi te di : “ Kiyès nan nou menm ki vle bati yon tou, ki pap chita pou l kalkile depans lan ? ” (Lik 14:28). Piske preparasyon ak planifikasyon se bagay ki esansyèl pou reyisit nenpòt pwojè konstriksyon, nou pa bezwen mande si sa enpòtan pou jèn k ap konstwi lavni yo nan sèvis Jewova ! Yo bezwen poze yon fondasyon solid byen bonè nan lavi yo, pou yo ka atenn objektif espirityèl yo genyen devan yo. Antanke jèn, ki prekosyon w pran pou w byen poze fondasyon pa w la ? Si w ta renmen sèvi nan Betèl, li ta bon pou w egzamine rès atik la avèk atansyon.
19 “ Fè plas ” pou privilèj sèvis espesyal sa a : Tankou Matye 19:12 di li, Jezi te ankouraje disip li yo pou yo “ fè plas ” pou lavi selibatè a. Poukisa ? Se pa pou rezon pèsonèl pa yo, men se “ akòz wayòm syèl la ”. Menm jan an tou, Pòl te bay ankourajman pou yon moun “ sèvi Seyè a nètale, san distraksyon ”. (1 Kor. 7:32-35.) Malerezman, yon bon valè moun rate bèl privilèj pou yo sèvi kòm frè selibatè nan Betèl paske y al marye bonè. Nou ta renmen ankouraje jèn frè nou yo pou yo sèvi ak enèji yo genyen, pou yo kenbe nan sèvis a plen tan pandan yo poko gen responsablite fanmi sou kont yo. Annapre, si yo deside marye, y ap vin tounen pi bon mari paske yo vin gen plis eksperyans nan lavi a ak nan ministè kretyen an. Gen frè, apre yo fin pase kèk ane ap sèvi nan Betèl, yo vin marye, e yo kontinye sèvis yo nan Betèl la ansanm ak madanm yo antanke koup. Si annapre, yo vin jwenn lòt privilèj tankou siveyan itineran, sèvis misyonè, se sèten yo pa regrèt tan yo te rezève pou yo fè plas pou sèvis nan Betèl la.
20 Pa kite objektif materyèl distrè w : Chak jèn ta dwe mande tèt yo si, apre yo fini lekòl, objektif yo se kouri dèyè yon karyè pwofàn oswa se sèvi Jewova a plen tan. Se vre, dènye chwa sa a mande sakrifis. Men, sa mande sakrifis tou pou yon moun rapousuiv yon karyè nan monn nan. Kiyès nan de chemen sa yo k ap bay bon rezilta, rezilta k ap dire ? Jezi te reponn aklè. Nan Matye 6:19-21, li di : “ Se pou nou sispann anpile trezò nou sou tè a kote mit ak wouy ap wonyen, e kote vòlè ap kase pou yo vòlè. Pito nou anpile trezò nan syèl la kote ni mit ni wouy pap wonyen, e kote vòlè pap kase pou yo vòlè. Paske kote trezò nou ye se la tou kè n ap ye. ” Annou fè efò pou kè nou pa janm mennen nou kouri dèyè karyè nan monn nan oswa pou nou kouri dèyè bagay materyèl olye pou nou sèvi Jewova ak tout nanm nou. Nou tout nou dwe rekonèt sèl trezò ki merite pou nou kouri dèyè l, se kenbe bonjan relasyon avèk Jewova, yon fason pou nou fè kè l kontan (Pwo. 27:11). Lè nou bay Jewova premye plas nan lavi nou pandan nou jèn, nou demontre ki bagay nou bay valè, e nou pwouve jis nan ki pwen Wayòm nan gen enpòtans pou nou. Se pou nou sonje se “ benediksyon Jewova [...] ki fè yon moun rich, e li pa ajoute okenn doulè avè l ”. (Pwo. 10:22.) Jèn yo gen yon bèl posiblite pou yo demontre kote kè yo ye lè yo fè kichòy pou Jewova anretou pou tout sa l ba yo. Pou jèn moun ki ranpli kondisyon ki nesesè yo, sèvis nan Betèl ofri yon bèl bèl okazyon pou yo fè kichòy pou Jewova.
21 Moun k ap sèvi nan Betèl dwe pwòp moralman : Salmis la te poze kesyon sa a : “ Ki jan pou yon jèn gason pwòpte chemen li ? ” Men repons li te bay : ‘ Se lè li rete sou pinga li selon pawòl Jewova. ’ (Sòm 119:9). Sa gen ladann evite tout sa ki gen rapò avèk kòripsyon moral sistèm Satan an. Pou Satan anpeche jèn yo atenn objektif espirityèl yo, li sèvi ak pyèj tankou pònografi nan Entènèt, move konduit ant gason ak fi, mizik avilisan, move distraksyon, ak antre nan bwè bweson. Fòk yon moun gen anpil detèminasyon pou l ka reziste, pou l pa pran nan taktik sa yo. Antanke jèn, si w gen pwoblèm ak youn nan bagay sa yo, al pale ak ansyen nan kongregasyon w yo epi ranje koze w anvan w ranpli fòmilè pou w al sèvi nan Betèl. Li vital pou w gen yon konsyans klè pou w ka sèvi Jewova anplen. — 1 Tim. 1:5.
22 Aprann byen boule ak lòt moun : Youn nan bagay ki nesesè pou w reyisi sèvis ou nan Betèl, se aprann byen boule ak lòt moun. Fanmi Betèl ki Ozetazini an, gen dè milye frè ak sè ladann ki soti nan divès nivo sosyal e ekonomik. Se vre, diferan kalite moun sa yo ajoute nan bote espirityèl Betèl la, men pafwa sa kapab lakòz kèk difikilte. Si w anvizaje vin sèvi nan Betèl, mande tèt ou : “ Èske m se moun ki fache fasil lè lòt moun pa dakò ak sa mwen panse ? Èske lòt moun twouve li fasil pou yo byen boule avèk mwen ? ” Si w bezwen amelyore w nan domèn sa yo, kòmanse travay sou sa depi kounye a. Si w fè sa, sa pral ede w adapte w pi fasilman pou w al viv nan Betèl e pou w al travay ak manm fanmi an.
23 Se pou w travay di pou w vin yon moun espirityèl pandan w ap mare yon relasyon sere kole avèk Jewova. Se pou w pran abitid etidye poukont ou, san w pa bliye li Bib la chak jou. Se pou w rete aktif pandan w ap pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Pandan w ap fè tout bagay sa yo, ou pral pèmèt pwogrè espirityèl ou yo parèt aklè (1 Tim. 4:15). Ala yon bèl avni ki sere pou moun k ap prepare yo depi kounye a pou yo fè karyè nan ministè a plen tan !
24 Paran, se pou nou fòme pitit nou yo : Ki sa paran yo ka fè pou yo ankouraje jèn yo rapousuiv ministè a plen tan an ? Jezi te di : “ Nenpòt moun yo enstwi kòrèkteman pral vin tankou pwofesè l la. ” (Lik 6:40). Yon elèv ki jwenn yon fòmasyon total ap devlope kalite anseyan l lan lakay li tounatirèlman. Paran kretyen yo ta dwe gen prensip sa a nan tèt yo etan y ap travay di pou yo fòme pitit yo pandan yo gen “ atachman pou Bondye kòm objektif ” (1 Tim. 4:7). Piske timoun yo gen tandans reflete menm atitid ak paran yo konsènan bagay espirityèl yo, paran yo ta dwe mande tèt yo : “ Èske bò kote pa nou, nou bay travay k ap fèt nan Betèl la valè, alòske se yon travay k ap kore vrè adorasyon Jewova a ? Èske nou rekonèt Jewova beni dispozisyon sa a ? Èske nou kwè meyè karyè pou pitit nou ta chwazi se pase tout lavi yo ap sèvi Jewova ? ” Pwòp apresyasyon pa nou pou sèvis Betèl la ansanm ak travay k ap fèt ladann nan, pral ede nou pou nou kominike pitit nou yo menm apresyasyon sa a.
25 Èlkana ak Ana te gen yon gwo apresyasyon pou vrè adorasyon an. Yo kite yon bèl egzanp pou paran ki kretyen jodi a. Nan peyi Izrayèl nan tan lontan, se te sèl gason Izrayelit yo ki te oblije “ parèt devan fas Jewova, vrè Seyè a ”, nan tabènak la twa fwa pa ane. Epoutan, “ ane apre ane ”, Èlkana te konn fè anviwon 30 kilomèt apye ansanm ak tout fanmi l pou l al fè sakrifis nan sant adorasyon Jewova a (Egz. 23:17 ; 1 Sam. 1:3, 4, 9, 19 ; 2:19). Sa klè, alatèt fanmi sa a te vle pou tout fanmi l enterese nan bagay espirityèl yo menm jan avè l.
26 Ana te enterese nan vrè adorasyon an menm jan ak mari l. Li te santi se yon obligasyon pou l potekole, pou l soutni vrè adorasyon an nan tabènak la. Ana te fè Jewova yon ve. Li te di l si li fè l gen yon pitit gason, l ap bay pitit sa a pou sèvis tabènak la (1 Sam. 1:11). Lalwa mozayik te pèmèt yon mari pou l anile yon ve madanm li ta fè ki pa kòrèk (Nonb 30:6-8). Toutfwa, Èlkana te sanble li apiye ve Ana a. Konsa, li demontre li menm tou, li kore vrè adorasyon an. — 1 Sam. 1:22, 23.
27 Èske apresyasyon paran Samyèl yo ak bon mantalite yo te demontre a te gen yon bon efè sou pitit gason yo a ? Wi, san mank. Etan Samyèl te jèn gason, li te fè travay yo te ba l fè yo fidèlman, ak tout kè l. Anplis, li te jwenn fòmasyon pou lòt privilèj nan sèvis Bondye a. Enterè Èlkana ak Ana te demontre pou sèvis Samyèl la pa t sispann apre li kòmanse fè travay li nan tabènak la. Yo te kontinye rann li vizit regilyèman pou yo ankouraje l e pou yo kore l pandan li t ap kontinye nan sèvis a plen tan an. — 1 Sam. 2:18, 19.
28 Ala yon kokenn egzanp Èlkana ak Ana kite pou paran kretyen yo jodi a ! Lè pitit nou tande pawòl apresyasyon ki sot nan kè nou anrapò ak privilèj yon moun genyen pou l sèvi nan Betèl, lè yo wè lespri sakrifis nou demontre pandan n ap rapousuiv enterè Wayòm nan, yo menm tou, kè yo pral pouse yo pou yo sèvi lòt moun. Anpil paran reyisi transmèt bonjan panchan sa a bay pitit yo. Men sa yon ti jèn fi setan te di : “ Lè m gran, mwen vle ale nan Betèl. Men sa m vle fè nan Betèl la : 1) tape La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! 2) travay pami atis yo 3) pliye rad kote yo fè lesiv, nenpòt nan travay sa yo yo t ava ban m fè. ” Ala sa touchan pou nou wè yon bèl mantalite konsa ap devlope nan kè pitit nou yo !
29 Jèn, se pou nou sonje ‘ se pase monn nan ap pase, dezi li tou, men se moun ki fè volonte Bondye k ap rete pou toutan. ’ (1 Jan 2:17). Se pou nou kontinye rapousuiv objektif espirityèl yo tankou, paregzanp, privilèj espesyal pou n al sèvi nan Betèl. Paran, se pou nou imite egzanp moun fidèl nan tan lontan yo, ki te konn ankouraje pitit yo pou yo devlope atachman pou Bondye (2 Pyè 3:11). E se pou nou tout potekole pou nou ede jèn frè ak jèn sè nou yo pou yo sèvi Gran Kreyatè nou an otan yo kapab, paske “ li gen pwomès lavi kounye a ak sa ki pral vini an. ” — 1 Tim. 4:8 ; Ekl. 12:1.
[Kare nan paj 4]
Kondisyon pou yon moun sèvi nan Betèl
● Omwen ennan batèm.
● Yon moun espirityèl ki renmen Jewova ak òganizasyon l lan anpil anpil.
● Bòn sante fizik, espirityèl, mantal, emosyonèl.
● Sitwayen ayisyen oswa rezidan legal ann Ayiti.
● Konn pale, konn li, konn ekri Kreyòl ak Franse.
● Laj : 19-35 an.