BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jl leson 21
  • Ki sa Betèl la ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Betèl la ye?
  • Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Sou menm sijè a
  • Èske w ka rann ou disponib ?
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Yon envitasyon pou tout moun!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Jewova pa bliye bèl travay ou fè
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Pou tout pwoklamatè Wayòm yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
Gade plis
Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
jl leson 21

LESON 21

Ki sa Betèl la ye?

De Temwen Jewova k ap travay nan sèvis atistik nan Betèl.

Sèvis atistik, Etazini

Yon Temwen Jewova k ap travay nan enprimri Betèl Almay la.

Almay

Yon Temwen Jewova k ap travay kote yo lave rad nan Betèl Kenya.

Kenya

Kèk sèvè k ap ranje tab nan salamanje Betèl Kolonbi a.

Kolonbi

Mo ebre lè yo tradui l ki bay Betèl la vle di “Kay Bondye”. (Jenèz 28:17, 19, nòt.) Se yon non ki apwopriye pou lokal Temwen Jewova yo itilize toupatou sou tè a pou dirije epi soutni travay predikasyon an. Kolèj santral la ap travay nan syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Nouyòk, Ozetazini, e se la li sipèvize travay biwo filyal nan anpil peyi sou tè a ap fè. Antanke gwoup, yo rele moun k ap travay nan lokal sa yo fanmi Betèl. Menm jan ak yon fanmi, yo viv ansanm e yo travay ansanm. Yo manje ansanm e yo etidye Labib ansanm nan inite. — Sòm 133:1.

Se yon bèl kote moun viv tankou fanmi e yo travay di ak tout kè yo. Nan tout Betèl yo gen gason ak fi k ap bay tout fòs yo pou fè volonte Jewova e yo travay aplentan pou yo fè enterè Wayòm nan avanse (Matye 6:33). Pa gen youn nan yo ki touche pou travay y ap fè a. Men, yo ba yo kote pou yo dòmi, manje, ak yon ti kòb pou kèk nan depans pèsonèl yo. Tout moun nan Betèl la gen yon travay y ap fè. Gen moun ki travay nan biwo, nan kuizin oubyen nan salamanje. Gen lòt ki travay kote yo fè lesiv, nan netwayaj, nan enprimri, nan antretyen ak lòt kote ankò.

Se yon kote moun yo okipe e y ap soutni travay predikasyon an. Objektif moun k ap travay nan Betèl yo se ede plis moun posib vin konn verite ki nan Bib la. Bwochi ki nan men w lan se yon egzanp ki montre sa. Kolèj santral la te sipèvize travay moun ki t ap ekri bwochi sa a, e yo te sèvi ak kourye elektwonik pou voye enfòmasyon ki nan bwochi sa a bay plizyè santèn ekip tradiksyon sou tout tè a. Nan plizyè Betèl, yo sèvi ak machin ki gen gwo vitès pou enprime l e yo voye l nan plis pase 110 000 kongregasyon. Travay predikasyon bon nouvèl la se travay ki pi ijan jodi a, e pou travay sa a rive fèt, nan chak etap, se fanmi Betèl yo sou tout tè a ki bay pifò èd la. — Mak 13:10.

  • Ki moun ki travay nan Betèl la e ki aranjman yo fè pou yo?

  • Ki travay ijan tout moun k ap travay nan Betèl yo soutni?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje