BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fg leson 14 kesyon 1-4
  • Poukisa Bondye gen yon òganizasyon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa Bondye gen yon òganizasyon?
  • Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa Bondye gen yon òganizasyon?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Nou òganize ann amoni ak Liv Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Fason kongregasyon an òganize e yo dirije l
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Men jan òganizasyon Temwen Jewova yo fonksyone
    Ki sa Bondye vle nou fè?
Gade plis
Bon nouvèl Bondye bay la!
fg leson 14 kesyon 1-4

LESON 14

Poukisa Bondye gen yon òganizasyon?

1. Poukisa Bondye te òganize Izrayèl nan tan lontan an?

1. Pèp Bondye te genyen nan tan lontan an nan peyi Izraỳel; 2. Premye kretyen yo k ap preche yon fason ki òganize.

Bondye te òganize desandan Abraram yo, li te fè yo vin yon nasyon e li te ba yo yon seri lwa pou yo suiv. Li te rele nasyon sa a “Izrayèl” e li te ba l responsab ni vrè adorasyon an ni pawòl li a (Sòm 147:19, 20). Konsa, moun tout nasyon te ka pwofite dispozisyon sa a Bondye te pran pou Izrayèl. — Li Jenèz 22:18.

Bondye te chwazi Izrayelit yo pou yo vin temwen l. Istwa nasyon Izrayèl la montre jan moun ka jwenn byenfè lè yo obeyi lwa Bondye yo (Detewonòm 4:6). Konsa, grasa Izrayelit yo, lòt moun te ka rive konn vrè Dye a. — Li Ezayi 43:10, 12.

2. Poukisa yo òganize vrè kretyen yo?

Rive yon lè, Izrayèl te pèdi favè Bondye, e Jewova te vin ak kongregasyon kretyen an pou ranplase nasyon sa a (Matye 21:43; 23:37, 38). Kounye a, se vrè kretyen yo ki temwen Jewova nan plas Izrayelit yo. — Li Travay 15:14, 17.

Jezi te òganize disip li yo pou yo preche e pou yo fè disip nan tout nasyon (Matye 10:7, 11; 24:14; 28:19, 20). Jodi a, nan fen sistèm ki la kounye a, travay sa a ap avanse pou l rive nan nivo ki pi wo a. Se premye fwa nan listwa Jewova ini plizyè milyon moun ki soti nan tout nasyon nan vrè adorasyon an (Revelasyon 7:9, 10). Yo òganize vrè kretyen yo pou youn ka ankouraje lòt e pou youn ka ede lòt. Nan lemonnantye, vrè kretyen yo gen menm pwogram enstriksyon ki baze sou Bib la nan reyinyon yo fè. — Li Ebre 10:24, 25.

3. Ki jan òganizasyon Temwen Jewova yo te kòmanse nan epòk nou an?

Foto Temwen Jewova yo k ap preche nan kòmansman ane 1900 yo ak jodi a; piblikasyon pou etidye Labib ki enprime nan divès lang.

Nan ane 1870 yo yon ti gwoup etidyan Labib te kòmanse dekouvri yon seri verite nan Bib la ki te kache depi byen lontan. Yo te konnen Jezi te òganize kongregasyon kretyen an pou l preche. Se sa k fè yo te kòmanse yon kanpay entènasyonal pou yo preche mesaj Wayòm nan. An 1931, yo te vin pote non Temwen Jewova. — Li Travay 1:8; 2:1, 4; 5:42.

4. Ki jan yo òganize Temwen Jewova jodi a?

Nan premye syèk la, kongregasyon kretyen yo nan plizyè peyi te gen yon kolèj santral ki te alatèt yo tout e ki te rekonèt Jezi kòm Chèf kongregasyon an (Travay 16:4, 5). Konsa tou jodi a, Temwen Jewova toupatou sou tè a gen yon Kolèj santral ki gen ladan l yon seri ansyen ki gen eksperyans. Kolèj santral la sipèvize filyal Temwen Jewova yo k ap tradui, k ap enprime e k ap distribye piblikasyon ki baze sou Labib nan plis pase 600 lang. Konsa, Kolèj santral la kapab bay plis pase 100 000 kongregasyon toupatou sou tè a ankourajman ak direksyon ki soti nan Bib la. Nan chak kongregasyon, gen yon seri mesye ki kalifye k ap sèvi kòm ansyen, oubyen kòm siveyan. Mesye sa yo ap pran swen twoupo Bondye a avèk amou. — Li 1 Pyè 5:2, 3.

Yo òganize Temwen Jewova yo pou yo preche bon nouvèl la e pou yo fè disip. Menm jan ak apot yo, nou menm Temwen Jewova, nou preche kay an kay (Travay 20:20). Anplis de sa, nou ofri tèt nou pou n etidye Labib ak moun ki renmen laverite ak tout kè yo. Men, nou pa sèlman yon òganizasyon. Nou se yon fanmi ki gen yon bon Papa. Nou se frè ak sè ki gen sousi youn pou lòt (2 Tesalonisyen 1:3). Etandone pèp Jewova a òganize pou l fè Jewova plezi e pou l ede lòt moun, yo se fanmi k ap viv ak plis kè kontan sou latè. — Li Sòm 33:12; Travay 20:35.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 19 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje