SEKSYON 6
Fason yon tibebe chanje yon maryaj
“Pitit gason se yon eritaj Jewova bay.” — Sòm 127:3.
Lè yon tibebe fèk fèt, nonsèlman sa ka pote anpil jwa pou yon koup marye, men, sa ka pote tètchaje tou. Antanke nouvo paran, ou ka sezi wè jan w oblije sèvi ak pifò tan w ak enèji w nan pran swen tibebe a. Lè yon moun manke dòmi epi santiman l vin chanje, sa ka lakòz tansyon nan yon maryaj. Ni ou menm, ni moun ou marye avè l la pral bezwen fè aranjman pou n pran swen tibebe nou an epi pou n prezève maryaj nou. Ki jan konsèy nou jwenn nan Bib la ede n fè fas ak difikilte sa yo?
1 CHÈCHE KONPRANN FASON YON TIBEBE CHANJE LAVI W
MEN SA BIB LA DI: “Lanmou gen pasyans.” Mete sou sa, lanmou “pa chèche pwòp enterè l, li pa fè kòlè fasil”. (1 Korentyen 13:4, 5.) Antanke yon moun ki fèk manman, li toutafè nòmal pou w bay tibebe a anpil atansyon. Men, mari w ka kòmanse santi w neglije l. Kidonk, pa bliye li menm tou li bezwen w ba l atansyon. Lè w demontre pasyans ak bonte, ou ka fè l santi l enpòtan, e w ka ede l konprann li enpòtan pou l pran swen tibebe a tou.
“Nou menm mari, [...] kontinye viv avèk yo dapre konesans.” (1 Pyè 3:7). Ou bezwen konprann madanm ou pral gen pou l depanse pifò enèji l nan pran swen tibebe a. Li vin gen yon nouvo responsablite e sa ka fè l strese, fatige oswa menm deprime. Pafwa, li ka menm vin an kòlè kont ou, men, eseye rete kalm paske yon “moun ki pa fè kòlè fasil pi bon pase [yon] gason vanyan”. (Pwovèb 16:32.) Montre w gen bon konprann epi bay madanm ou èd li bezwen an. — Pwovèb 14:29.
SA W KA FÈ:
Papa: Ede madanm ou pran swen tibebe a, menm lè l nan nuit. Limite kantite tan w ap pase nan lòt aktivite yo yon fason pou w ka pase plis tan ak madanm ou ansanm ak tibebe w la.
Manman: Lè mari w mande w pou l ede w pran swen tibebe a, aksepte èd li. Si l pa byen fè travay la, pa kritike l, men, avèk jantiyès, montre l kòman pou l fè sa.
2 FÈ RELASYON NOU VIN PI DJANM
MEN SA BIB LA DI: “Y ap vin yon sèl chè.” (Jenèz 2:24). Menm lè w vin gen yon lòt moun nan fanmi an, ou bezwen sonje ou menm ak moun ou marye avè l la toujou rete “yon sèl chè”. Fè tout sa w kapab pou relasyon nou vin pi djanm.
Ou menm madanm, ou bezwen demontre rekonesans pou èd ak sipò mari w ap ba ou. Pawòl ou di pou w montre w gen rekonesans yo ka “geri” l (Pwovèb 12:18). Ou menm mari, di madanm ou jan w renmen l ak jan l gen anpil valè pou ou. Felisite l pou fason l ap pran swen fanmi an. — Pwovèb 31:10, 28.
“Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” (1 Korentyen 10:24). Toujou fè sa ki pi bon an pou moun ou marye avè l la. Antanke de moun ki marye, pran tan pou n pale youn ak lòt, pou n felisite youn lòt, epi pou n koute youn lòt. Pa chèche pwòp avantaj pa w anrapò ak relasyon seksyèl. Pran bezwen moun ou marye avè l la an konsiderasyon. Bib la di: “Pinga youn refize lòt, sof si nou antann nou sou sa.” (1 Korentyen 7:3-5). Kidonk, pale sou sijè a ant nou de a yon fason ki klè. Lè w demontre pasyans epi w chèche konprann moun ou marye avè l la, sa ap fè relasyon nou vin pi djanm.
SA W KA FÈ:
Pa bliye rezève tan pou nou de a sèlman.
Fè kèk ti jès pou w fè moun ou marye avè l la santi w renmen l. Pa egzanp, ou ka voye yon ti mesaj oswa w ka ba l yon ti kado.
3 ANSEYE TIBEBE W LA
MEN SA BIB LA DI: “Depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo, ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre.” (2 Timote 3:15). Fè planifikasyon sou sa w pral fè pou w anseye tibebe a. Li gen yon kokennchenn kapasite pou l aprann anvan menm li fèt. Pandan tibebe w la nan vant toujou, li ka rekonèt vwa w e l ka reyaji devan sa w santi. Fè lekti pou li pandan l toupiti a toujou. Se vre l gendwa pa konprann sa w ap li a, men, sa ka ede l renmen li lè l vin pi gran.
Tibebe w la pa twò piti pou l tande w k ap pale de Bondye. Kite l tande w k ap priye Jewova (Detewonòm 11:19). Pale avè l konsènan bagay Bondye kreye yo, menm nan moman n ap jwe ansanm yo (Sòm 78:3, 4). Toutpandan pitit ou ap grandi, l ap santi jan w renmen Jewova e l ap aprann renmen l tou.
SA W KA FÈ:
Priye Bondye espesyalman pou l ba w sajès pou w anseye pitit ou.
Repete kèk mo kle ak kèk ide pou tibebe a yon fason pou l ka kòmanse aprann bonè.