BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 85 p. 198-p. 199 par. 3
  • Se pou nou kontan lè moun ki peche repanti

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou nou kontan lè moun ki peche repanti
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • L al chèche sa ki pèdi a
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Pitit gason ki te pèdi a retounen
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • ‘ Se pou nou gen lanmou nan mitan nou ’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Li envite Matye vin suiv li
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 85 p. 198-p. 199 par. 3
Yon dam ki kontan paske l jwenn drak li ki te pèdi.

CHAPIT 85

Se pou nou kontan lè moun ki peche repanti

LIK 15:1-10

  • EGZANP MOUTON KI PÈDI AK EGZANP PYÈS MONNEN KI PÈDI A

  • ZANJ NAN SYÈL LA KONTAN ANPIL

Pandan plizyè fwa, nan ministè Jezi sou tè a, Jezi montre enpòtans pou moun gen imilite (Lik 14:8-11). Li chofe pou l jwenn gason ak fi ki vle sèvi Bondye avèk imilite. Men, jiska prezan gen kèk nan moun sa yo se moun tout moun byen konnen kòm moun ki konn pratike peche.

Yon Juif ki gen yon ti bwat ki gen pasaj Ekriti yo sou fwon l e l ap meprize lòt moun.

Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo wè moun sa yo, ki se moun yo konsidere kòm moun ki pa gen valè, pwoche bò kote Jezi pou yo koute l. Mesye yo ap plenyen, y ap di: “Mesye sa a byen akeyi yon bann moun k ap pratike peche e l ap manje avèk yo.” ​(Lik 15:2). Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo santi yo pi enpòtan pase moun ki nan pèp la e yo trete moun yo tankou pousyè anba pye yo. Anfèt, lè y ap pale de moun sa yo, yo sèvi ak mo ebre am ha arèts la, ki vle di “moun ki nan mas pèp la” pou montre jan yo meprize moun sa yo.

Yon lòt bò, Jezi trete tout moun ak diyite, ak bonte e avèk konpasyon. Se sa k fè anpil nan moun yo rabese yo, san wete moun yo byen konnen k ap pratike sa ki mal, chofe pou yo koute Jezi. Men, ki sa Jezi panse de kritike y ap kritike l paske l ap ede moun sa yo yo rabese e ki jan l reyaji?

Repons lan parèt aklè nan egzanp touchan li bay ki sanble ak egzanp li te bay lè l te Kapènawòm sa pa gen lontan (Matye 18:12-14). Jan Jezi di bagay yo se kòmsi Farizyen yo jis e yo an sekirite bò kote Bondye tandiske moun nan mas pèp la yo meprize yo se moun ki pèdi wout yo e yo se ka pèdi. Men sa Jezi di yo:

Yon bèje ki kontan paske li jwenn mouton l lan ki te pèdi e li pote l sou zepòl li.

“Mesye, kiyès pami nou la a, si l gen 100 mouton, epi li pèdi youn ladan yo, ki pap kite 99 lòt yo dèyè nan dezè a pou l al chèche sa k pèdi a jiskaske li jwenn li? E lè l jwenn li, l ap mete l sou zepòl li e kè l ap kontan. Lè l rive lakay li, l ap rele zanmi l ak vwazen l, l ap di yo: ‘Vin rejwi avè m, paske mwen jwenn mouton m nan ki te pèdi a.’” — Lik 15:4-6.

Ki aplikasyon Jezi fè? Men sa l esplike: “M ap di nou sa: Menm jan an tou, ap gen plis kè kontan nan syèl la pou yon sèl moun k ap pratike peche ki repanti pase pou 99 moun ki jis ki pa bezwen repanti.” — Lik 15:7.

Sa dwe choke Farizyen yo lè Jezi pale de repanti a. Yo pran tèt yo kòm moun ki jis e pou yo menm yo pa bezwen repanti. Lè kèk nan yo te kritike Jezi dezan anvan sa poutèt li te manje ak pèseptè ak moun k ap pratike peche, Jezi te di: “Mwen pa vin rele moun ki jis, men mwen vin rele moun k ap pratike peche.” ​(Mak 2:15-17). Farizyen yo, ki panse yo jis e ki pa rive wè yo bezwen repanti, pa fè gen kè kontan nan syèl la. Sa vrèman diferan parapò ak lè moun k ap pratike peche yo repanti.

Pou Jezi montre pi byen toujou gen gwo kè kontan nan syèl la lè moun ki konn pratike peche e ki pèdi yo retounen, li bay yon lòt egzanp kote l ap pale konsènan yon kay, li di: “Ki fi, si l gen dis drak, epi li pèdi youn ladan yo, ki pap limen yon lanp, e ki pap bale kay li pou l chèche drak la byen chèche jiskaske li jwenn li? Lè l jwenn li, l ap rele zanmi l ak vwazin li, l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen jwenn drak mwen te pèdi a.’” — Lik 15:8, 9.

Aplikasyon Jezi fè a sanble ak aplikasyon l te fè apre l te fin bay egzanp mouton ki pèdi a. Men sa l di kounye a: “Menm jan an tou, m ap di nou sa: Zanj Bondye yo kontan anpil lè yon moun k ap pratike peche repanti.” — Lik 15:10.

Imajine jan zanj Bondye yo montre yo enterese anpil nan moun k ap pratike peche ki repanti yo! Sa enteresan anpil paske moun sa yo k ap pratike peche ki repanti yo e ki vin rejwenn privilèj pou yo nan Wayòm Bondye a nan syèl la ap vin nan yon pozisyon ki pi wo pase zanj yo yo menm (1 Korentyen 6:2, 3)! Malgre sa, zanj yo pa jalou. Donk, ki jan nou ta dwe santi nou lè yon moun k ap pratike peche repanti toutbon epi l retounen vin jwenn Bondye?

  • Poukisa Jezi frekante moun tout moun konnen k ap pratike peche?

  • Ki jan Farizyen yo konsidere moun ki nan mas pèp la, e ki jan yo konsidere fason Jezi boule ak moun sa yo?

  • Ki leson Jezi bay pa mwayen de egzanp?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje