BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 87 p. 204-p. 205 par. 3
  • Annou aji avèk sajès lè n ap fè pwojè pou lavni

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou aji avèk sajès lè n ap fè pwojè pou lavni
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Annou aji avèk sajès pou nou asire avni nou
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Èske w te konnen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Annou chèche vrè richès la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Se pou entandan fidèl la montre li pare!
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 87 p. 204-p. 205 par. 3
Yon mèt ki rich voye entandan l lan ale.

CHAPIT 87

Annou aji avèk sajès lè n ap fè pwojè pou lavni

LIK 16:1-13

  • EGZANP ENTANDAN KI PA JIS LA

  • SÈVI AK RICHÈS NOU GENYEN POU N “FÈ ZANMI”

Jezi fèk fin rakonte istwa pitit gason ki te pèdi a devan yon foul moun. E sa dwe enpresyone pèseptè yo, espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo lè yo aprann Bondye dispoze padone moun k ap pratike peche ki repanti yo (Lik 15:1-7, 11). Kounye a Jezi ap pale ak disip li yo. Fwa sa a, li sèvi ak yon lòt egzanp ki pale konsènan nonm rich ki aprann entandan l lan pa byen jere byen l yo.

1. Entandan an ap reflechi sou sa l pral fè; 2. Entandan an k ap diminye dèt yon mesye gen mèt li a.

Jezi montre yo akize entandan an kòmkwa li mal jere byen mèt li a. Se sa k fè mèt la di li pral revoke entandan an. Men sa entandan an di: “Ki sa m ta dwe fè la a, piske mèt mwen pral retire responsablite a nan men m? Mwen pa gen fòs ase pou m al travay tè, epi mwen wont al mande charite.” Pou l ka fè fas ak sa k pral rive l la, li di: “Mwen konn sa m ap fè pou lè yo mete m deyò nan travay la moun ka akeyi m lakay yo.” Rapidman, li rele chak moun ki te dwe mèt li yo, li mande yo: “Konbyen w dwe mèt mwen?” — Lik 16:3-5.

Premye moun nan reponn: “San kin luil doliv.” Sa egal anviwon 580 galon luil. Moun ki te dwe a genlè te gen anpil pye doliv oswa li genlè te konn vann luil. Entandan an mande l: “Pran kontra a, chita la, ekri 50 [egal 290 galon]. Fè vit.” — Lik 16:6.

Entandan an mande yon lòt: “E ou menm, konbyen w dwe?” Li reponn: “San sak ble.” Kantite sa a egal anviwon 22 000 lit. Entandan an di moun sa a ki dwe a: “Pran kontra a, mete 80.” Konsa, li retire 20 pousan sou dèt la. — Lik 16:7.

Entandan an toujou responsab biznis mèt li a, se sa k fè, nan yon sans li gen dwa diminye dèt moun yo gen pou mèt li. Lefètke entandan an redui montan moun yo dwe yo, li tou fè zanmi ak moun ki ka remèt li sa l te fè pou yo lè l pèdi djòb li.

Rive yon lè mèt la vin aprann sa k pase a. Byenke mèt la fè yon pèt, li enpresyone e li felisite entandan an paske se vre sa entandan an fè a “pa jis” men li “aji avèk sajès”. Men sa Jezi di ankò: “Moun nan sistèm sa a gen plis sajès nan fason yo regle zafè yo ak moun k ap viv nan menm epòk avèk yo pase moun ki nan limyè yo.” — Lik 16:8.

Se pa dakò Jezi dakò ak sa entandan an fè a ni se pa ankouraje l ap ankouraje pou moun fè magouy nan kesyon biznis. Men, ki sa Jezi vle di menm? Men ki ankourajman li bay disip li yo: “Sèvi ak richès nou posede nan monn enjis sa a pou nou fè zanmi, dekwa pou lè richès sa yo disparèt, zanmi sa yo ka resevwa nou kote ki la pou toutan yo.” ​(Lik 16:9). Wi nou aprann pou n prevwayan e pou n aji avèk sajès. Sèvitè Bondye yo, ki se “moun ki nan limyè yo” bezwen montre yo saj nan fason yo sèvi ak bagay yo posede, toutpandan y ap panse ak lavni.

Se sèlman Jewova Dye ak Pitit li a ki ka resevwa yon moun nan Wayòm syèl la oswa nan Paradi ki pral gen sou tè a anba dominasyon Wayòm nan. Nou dwe fè gwo efò pou n fè zanmi avèk yo lè n sèvi ak bagay nou posede pou kore travay Wayòm nan. Konsa, lè lò, ajan ansanm ak lòt bagay materyèl ankò detwi n ap ka gen garanti n ap la pou toutan.

Anplis de sa, Jezi fè konnen moun ki fidèl nan fason yo sèvi ak kèlkeswa richès oswa bagay materyèl yo genyen ap fidèl tou nan bagay ki pi enpòtan yo. Men sa Jezi di: “Donk, si nou pa montre nou fidèl anrapò ak richès ki gen nan monn enjis sa a, kiyès k ap ban nou responsab vrè richès la [tankou travay Wayòm nan]?” — Lik 16:11.

Jezi esplike disip li yo y ap egzije anpil bagay nan men yo si yo vle yo resevwa yo “kote ki la pou toutan yo”. Yon moun pa ka yon sèvitè Bondye toutbon anmenmtan pou l se yon esklav richès ki gen nan monn enjis sa a. Men sa Jezi di pou l fini: “Pa gen yon sèvitè ki ka esklav de mèt. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la, oubyen li atache ak youn e li meprize lòt la. Nou pa kapab esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” — Lik 16:9, 13.

  • Ki jan entandan nan egzanp Jezi bay la fè zanmi ak moun ki ka ede l pi devan?

  • Ki sa “richès nou posede nan monn enjis sa a” ye, e ki jan yon kretyen ka sèvi avèk yo pou l “fè zanmi”?

  • Kiyès k ap resevwa nou “kote ki la pou toutan yo” si nou fidèl nan fason nou sèvi ak kèlkeswa “richès nou posede nan monn enjis sa a”?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje