BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w19 novanm p. 31
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Annou aji avèk sajès lè n ap fè pwojè pou lavni
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Ou se yon entandan yo fè konfyans!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Se pou entandan fidèl la montre li pare!
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Annou aji avèk sajès pou nou asire avni nou
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
w19 novanm p. 31
Yon entandan ann Ejip nan tan lontan k ap sipèvize aktivite yon seri travayè.

Èske w te konnen?

Ki travay entandan yo te konn fè nan tan biblik yo?

NAN tan biblik yo, yon entandan se te yon moun ki t ap jere kay oswa byen yon lòt moun. Mo ebre ak mo grèk yo met entandan pou yo lè yo tradui yo fè referans pafwa ak yon moun ki responsab yon kay oswa k ap jere l.

Lè Jozèf, yon pitit gason Jakòb, te esklav nan peyi Ejip, Jozèf te vin responsab kay mèt li. Anfèt, mèt Jozèf, ki te yon Ejipsyen, “te bay Jozèf okipe tout sa l genyen”. (Jen. 39:2-6.) Annapre, lè Jozèf te vin yon chèf ki te gen anpil pouvwa ann Ejip, li te vin gen yon entandan ki te responsab kay li. — Jen. 44:4.

Nan epòk Jezi a, souvan, moun ki te mèt tè yo te konn viv nan vil ki pa t pre kote yo te gen jaden yo. Se sa k fè mèt tè yo te konn bay yon entandan sipèvize aktivite moun k ap travay chak jou nan jaden yo.

Ki moun ki te ka vin yon entandan? Koloumela, yon ekriven women nan premye syèk la, te fè konnen yon esklav yo te mete kòm responsab oswa entandan te dwe “yon moun ki te aprann fè travay la byen”. “Kalite l genyen yo ta dwe pèmèt li sèvi ak otorite l san l pa twò toleran ni san l pa aji tankou bouwo.” Epitou, li di: “Sa k pi enpòtan yo mande yon entandan sèke li pa dwe panse li konn tout bagay, e li ta dwe toujou dispoze aprann.”

Pawòl Bondye a sèvi ak egzanp entandan an pou fè konprann kèk nan travay k ap fèt nan kongregasyon kretyen an. Pa egzanp, apot Pyè ankouraje kretyen yo pou yo sèvi ak kapasite Bondye ba yo “pou [yo] sèvi lòt moun. Konsa, [y] ap sanble ak moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a”. — 1 Pyè 4:10.

Jezi li menm te pale de yon entandan nan egzanp ki nan Lik 16:1-8 la. Mete sou sa, nan pwofesi ki gen rapò ak siy prezans Jezi antanke Wa, li te bay disip li yo asirans l ap chwazi yon “esklav fidèl ki prevwayan” oswa yon “entandan fidèl”. Prensipal travay entandan sa a t ap gen pou l fè se bay disip Kris yo manje espirityèl regilyèman nan tan lafen an (Mat. 24:45-47; Lik 12:42). Se pa ti rekonesans nou genyen dèske nou pami moun k ap resevwa piblikasyon k ap fòtifye lafwa nou entandan fidèl la prepare e ki disponib pou tout moun!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje