CHAPIT 8
Sèvitè Bondye k ap preche bon nouvèl la
JEWOVA ban nou yon modèl pou nou suiv ki bon nèt, anpalan de Pitit Gason l lan, Jezi Kris (1 Pyè 2:21). Lè yon moun vin disip Jezi, moun sa a preche bon nouvèl la antanke sèvitè Bondye. Pou Jezi te montre yon moun ki fè travay sa a t ap jwenn fòs, li te di: “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs. Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” (Mat. 11:28, 29). Pa gen yon moun ki reponn envitasyon sa a ki pa wè sa Jezi te di a se laverite.
2 Antanke prensipal Sèvitè Bondye, Jezi te chwazi kèk moun pou vin disip li (Mat. 9:9; Jan 1:43). Li te ba yo fòmasyon nan travay predikasyon an e li te voye yo al fè menm travay li t ap fè a (Mat. 10:1–11:1; 20:28; Lik 4:43). Annapre, li te voye 70 lòt disip pou yo preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan (Lik 10:1, 8-11). Lè Jezi te voye disip sa yo al preche, li te di yo: “Nenpòt moun ki koute nou, li koute m tou. Nenpòt moun ki meprize nou, li meprize m tou. Mete sou sa, yon moun ki meprize m, li meprize Sila a ki voye m nan tou.” (Lik 10:16). Konsa, Jezi te montre responsablite li te bay disip li yo se yon responsablite yo te dwe pran oserye. Disip yo te reprezante Jezi ak Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. Jodi a tou, se menm bagay la pou tout moun ki reponn envitasyon Jezi te bay la, lè l te di: “Vin suiv mwen.” (Lik 18:22; 2 Kor. 2:17). Tout moun ki reponn envitasyon sa a gen misyon pou yo preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan e pou yo fè disip. — Mat. 24:14; 28:19, 20.
3 Lefètke nou te reponn envitasyon Jezi te fè pou nou suiv li a, nou jwenn anpil benediksyon piske nou vin “aprann konnen” Jewova Dye ak Jezi Kris (Jan 17:3). Jewova ede nou aprann chemen l yo. Grasa li, nou bay lespri nou yon lòt direksyon, nou abiye nou ak nouvo pèsonalite a, e konduit nou pa depaman ankò ak prensip Jewova yo ki jis (Wom. 12:1, 2; Efe. 4:22-24; Kol. 3:9, 10). Lefètke nou apresye ak tout kè nou sa Jewova fè pou nou, sa pouse nou pou nou vwe lavi nou ba li e pou nou batize nan dlo pou n montre nou te fè ve sa a. Lè nou batize, Bondye tou mandate nou kòm sèvitè l.
4 Nou bezwen toujou sonje yon moun k ap sèvi Bondye dwe inosan e li dwe gen yon kè ki pwòp (Sòm 24:3, 4; Eza. 52:11; 2 Kor. 6:14–7:1). Grasa lafwa nou vin gen nan Jezi, nou vin gen yon konsyans ki klè (Ebre 10:19-23, 35, 36; Rev. 7:9, 10, 14). Apot Pòl te bay kretyen yo konsèy pou yo fè tout bagay pou glwa Bondye yon fason pou yo pa fè pèsonn bite. Apot Pyè te montre jan li enpòtan pou nou gen bon konduit pou n ka fè moun ki pa kwè yo vin enterese nan laverite (1 Kor. 10:31, 33; 1 Pyè 3:1). Ki jan w kapab ede yon moun vin kalifye kòm sèvitè Bondye k ap preche bon nouvèl la?
NOUVO PWOKLAMATÈ
5 Depi nou kòmanse etidye Labib ak yon moun ki enterese, se pou nou ankouraje l pataje sa l aprann yo ak lòt moun. Li kapab preche yon fason enfòmèl lè l pale ak moun nan fanmi l, ak zanmi l, ak moun ki travay menm kote avè l e ak lòt moun ankò. Li enpòtan pou nou fè sa. Konsa, n ap anseye nouvo yo pou yo vin disip Jezi Kris antanke sèvitè Bondye k ap preche bon nouvèl la (Mat. 9:9; Lik 6:40). Toutpandan moun n ap etidye avè l la ap vin gen plis matirite e l ap vin pi maton nan preche yon fason enfòmèl, se sèten, rive yon lè, l ap mande pou l soti nan predikasyon ansanm ak kongregasyon an.
KONDISYON POU YON MOUN VIN PWOKLAMATÈ
6 Anvan w envite yon moun al preche avè w kay an kay pou premye fwa, ou dwe asire w li ranpli kèk kondisyon. Lè yon moun akonpaye nou nan travay predikasyon an, lòt moun ap panse se Temwen Jewova li ye. Konsa, li tou fè konnen li deja fè chanjman ki nesesè pou lavi l pa depaman ak prensip Jewova yo ki jis e li se yon pwoklamatè ki poko batize.
7 Toutpandan w ap etidye Labib ak yon moun e w ap pale avè l sou prensip ki nan Bib la, sandout w ap vin konnen sitiyasyon l. Petèt w ap remake li aplike sa li aprann yo nan lavi l. Men, gen kèk aspè nan lavi etidyan an ansyen yo ap bezwen pale sou yo ak nou toule de a.
8 Kowòdonatè gwoup ansyen an ap fè aranjman pou de ansyen pale sou bagay sa yo ak etidyan w lan ansanm avè w (youn nan ansyen yo ap youn nan manm komite sèvis la). Nan kongregasyon ki pa gen anpil ansyen yo, yon ansyen ansanm ak yon sèvitè ministeryèl ki kalifye kapab fè ti pale sa a ak nou. Frè yo chwazi yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo pale ak nou san pèdi tan. An reyalite, si se pandan gen reyinyon ansyen yo aprann etidyan w lan vle vin yon pwoklamatè, yo kapab pale avèk nou apre reyinyon an. Anbyans lan dwe rilaks. Anvan yo aksepte pou etidyan an vin yon pwoklamatè ki poko batize, yo dwe egzamine pwen ki vin apre yo avè l:
1) Èske l kwè Labib se Pawòl Bondye e se Bondye ki enspire l? — 2 Tim. 3:16.
2) Èske l konnen ansèyman de baz ki nan Bib la e li kwè ladan yo, yon fason pou lè yo poze l kesyon, l ap kapab reponn selon sa Bib la di olye l reponn selon sa li te aprann nan fo relijyon, oswa selon sa li menm li panse? — Mat. 7:21-23; 2 Tim. 2:15.
3) Èske l obeyi kòmandman Bib la bay pou l asiste reyinyon pèp Jewova a òganize yo, amwenske li gen yon rezon valab ki fè l pa kapab? — Sòm 122:1; Ebre 10:24, 25.
4) Èske l konnen sa Bib la di sou imoralite seksyèl, san wete sa l di sou adiltè, sou moun ki gen plizyè mari oswa plizyè madanm, sou gason k ap kouche ak gason oswa fi k ap kouche ak fi? Mete sou sa, èske l montre nan lavi l li dakò ak sa Bib la di sou sijè sa yo? Si l ap viv nan kay ak yon lòt moun e y ap viv tankou mari ak madanm, èske li marye ak moun nan devan lalwa? — Mat. 19:9; 1 Kor. 6:9, 10; 1 Tim. 3:2, 12; Ebre 13:4.
5) Èske l obeyi lòd Bib la bay pou moun pa bwè pou yo sou? Èske l evite pran sibstans ki kapab fè l vin esklav yo oswa ki kapab deranje sèvo l, kit sibstans sa yo natirèl, kit yo fèt nan laboratwa, amwenske se yon doktè ki preskri l yo? — 2 Kor. 7:1; Efe. 5:18; 1 Pyè 4:3, 4.
6) Èske l konprann enpòtans pou l pa gen move frekantasyon? — 1 Kor. 15:33.
7) Èske l koupe tout kontak li te konn genyen ak fo relijyon lè l sispann adore ansanm ak yo e li sispann patisipe nan aktivite y ap fè oswa li sispann soutni aktivite sa yo? — 2 Kor. 6:14-18; Rev. 18:4.
8) Èske l mele nan zafè politik monn nan? — Jan 6:15; 15:19; Jak 1:27.
9) Èske l kwè sa Bib la di nan Ezayi 2:4 konsènan nasyon yo epi li obeyi sa vèsè sa a di?
10) Èske l vle vin Temwen Jewova toutbon? — Sòm 110:3.
9 Si ansyen yo pa fin sèten etidyan an ranpli youn oswa plizyè nan kondisyon sa yo, yo dwe pale avè l sou yo. Yo kapab sèvi ak vèsè yo bay kòm referans yo kòm baz pou konvèsasyon y ap gen avè l la. Li enpòtan pou etidyan an konprann moun k ap patisipe ak Temwen Jewova yo nan travay predikasyon y ap fè a dwe aplike sa yo aprann nan Bib la nan lavi yo. Repons etidyan an bay ansyen yo ap ede yo wè si l konnen sa y ap atann de li e si li kalifye nan yon nivo rezonab pou l patisipe nan travay predikasyon an.
10 Ansyen yo pa dwe pèdi tan pou yo fè etidyan an konnen si l kalifye pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize. Nan pifò ka, y ap fè l konn sa nan fen konvèsasyon yo gen avè l la. Si li kalifye, ansyen yo kapab ba l bonjan felisitasyon (Wom. 15:7). Yo dwe ankouraje l pou l kòmanse preche kou sa posib e pou l remèt rapò sèvis li nan fen mwa a. Ansyen yo kapab fè l konnen lè yon etidyan vin kalifye kòm pwoklamatè ki poko batize e li remèt rapò sèvis li pou premye fwa, yo ranpli yon fichye Aktivite pwoklamatè a pou li e yo mete fichye sa a nan dosye kongregasyon an. Ansyen yo pran enfòmasyon pèsonèl pwoklamatè a yon fason pou òganizasyon an kapab konnen aktivite Temwen Jewova yo sou tout tè a e pou pwoklamatè a kapab patisipe nan aktivite espirityèl yo e pou l ka jwenn èd nan domèn espirityèl. Mete sou sa, ansyen yo kapab fè nouvo pwoklamatè yo sonje yo jere tout enfòmasyon pèsonèl yo selon Règ sou pwoteksyon enfòmasyon yo pou Temwen Jewova yo ki sou sit jw.org la.
11 Si nou chèche konnen nouvo pwoklamatè a pi byen e nou montre l nou enterese pèsonèlman nan sa l ap fè, sa kapab gen yon gwo efè sou li. Sa kapab ankouraje l pou l remèt rapò sèvis li regilyèman e pou l fè plis efò nan sèvis l ap bay Jewova a. — Flp. 2:4; Ebre 13:2.
12 Depi ansyen yo fè etidyan an konnen li kalifye pou l patisipe nan travay predikasyon an, etidyan an gen dwa pou l resevwa liv Nou òganize pou nou fè volonte Jewova a. Apre li fin remèt rapò sèvis li pou premye fwa, y ap fè yon anons tou kout pou yo fè kongregasyon an konnen etidyan an se yon nouvo pwoklamatè ki poko batize.
EDE JÈN YO
13 Timoun yo tou kapab kalifye antanke pwoklamatè k ap preche bon nouvèl la. Jezi te konn byen akeyi timoun yo e li te konn beni yo (Mat. 19:13-15; 21:15, 16). Byenke se paran yo an premye ki responsab pitit yo, lòt moun nan kongregasyon an kapab ede jèn ki vle preche bon nouvèl Wayòm nan ak tout kè yo. Si w se yon paran, bèl egzanp ou bay nan travay predikasyon an ap ankouraje pitit ou yo anpil e l ap fè yo chofe pou yo sèvi Bondye. Lè yon timoun ki gen bon konduit vle fè lòt moun konnen kwayans li ak tout kè l, ki lòt fason yo kapab ede l?
14 Pa gen anyen ki mal pou paran timoun sa a al pale ak yon ansyen ki nan komite sèvis la pou l chèche konnen si pitit li a kalifye pou l vin yon pwoklamatè. Kowòdonatè gwoup ansyen an ap fè aranjman pou de ansyen fè yon ti pale ak timoun nan ansanm ak paran l oswa ak moun ki responsab li a. Si se youn nan paran yo ki Temwen Jewova, li dwe la pandan rankont lan. Si se toule de paran yo ki Temwen Jewova, yo toule de dwe la. Si moun ki responsab li a Temwen Jewova, moun sa a dwe la (youn nan ansyen yo ap youn nan manm komite sèvis la). Si timoun nan gen yon konesans de baz sou Bib la e li montre aklè li vle patisipe nan travay predikasyon an, sa montre li fè bon pwogrè. Apre de ansyen yo fin verifye de bagay sa yo ak lòt kondisyon ankò ki nesesè pou moun ki adilt vin pwoklamatè, y ap deside si timoun nan pare pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize (Lik 6:45; Wom. 10:10). Lè ansyen yo chita pou yo pale ansanm ak yon timoun, gen kèk nan kesyon yo konn egzamine ak adilt yo ki pap nesesè pou yo egzamine ak timoun nan piske li klè kesyon sa yo pa konsène timoun yo.
15 Pandan ansyen yo ap pale ak timoun nan, yo dwe felisite l pou pwogrè li fè e yo dwe ankouraje l gen objektif pou l batize. Piske se sèten paran yo te fè anpil efò pou yo fè laverite antre nan kè pitit yo a, yo menm tou yo merite felisitasyon. Pou ansyen yo ede paran timoun nan wè ki jan yo kapab ede pitit yo a plis toujou, yo dwe ankouraje paran yo li ribrik ki gen tit “Yon mesaj pou paran ki kretyen yo”, ki nan paj 179-181 liv sa a.
VE AK BATÈM
16 Si w vin konnen Jewova, ou vin renmen l e w ap patisipe nan travay predikasyon an paske w soumèt devan egzijans li yo, kounye a, ou bezwen fè relasyon w gen avè l la vin pi solid. Ki jan w ka fè sa? Se lè w vwe lavi w ba li e w batize nan dlo. — Mat. 28:19, 20.
17 Lè yon moun vwe lavi l bay Jewova, se mete li mete tèt li apa pou yon sèvis ki sakre. Pou w vwe lavi w bay Bondye, ou dwe pwoche bò kote l nan lapriyè e w dwe fè l pwomès w ap itilize lavi w nan sèvis w ap ba li e w ap mache nan chemen l yo. Sa vle di w ap rete atache sèlman ak Jewova pou toutan (Det. 5:9). Desizyon sa a se yon bagay ki pèsonèl, pèsonn pa ka pran l pou ou.
18 Sepandan, ou bezwen fè plis pase annik fè Jewova konnen ou vle se li ki mèt ou. Ou bezwen montre lòt moun ou vwe lavi w bay Bondye. W ap fè lòt moun konn sa lè w batize nan dlo, menm jan Jezi te fè sa (1 Pyè 2:21; 3:21). Si w pran desizyon pou w sèvi Jewova e w vle batize, ki sa w dwe fè? Ou dwe fè kowòdonatè gwoup ansyen an konn sa. L ap fè aranjman pou plizyè ansyen pale avè w pou yo wè si w ranpli kondisyon ou dwe ranpli pou w kapab batize. Pou w jwenn plis enfòmasyon, tanpri, gade ribrik ki gen tit “Yon mesaj pou pwoklamatè ki poko batize”, ki nan paj 182-184 liv sa a, ak ribrik ki gen tit “Kesyon pou moun ki vle batize”, ki nan paj 185-207 liv sa a.
RAPÒ SOU PWOGRÈ K AP FÈT NAN TRAVAY PREDIKASYON AN
19 Ofiramezi ane yo ap pase, gen rapò ki fèt pou montre fason vrè adorasyon an ap gaye sou tout tè a, e rapò sa yo ankouraje moun ki fè pati pèp Jewova a. Depi premye fwa Jezi Kris te fè disip li yo konnen travay preche bon nouvèl la t ap fèt sou tout tè a, vrè kretyen yo te enterese konnen ki jan travay sa a t ap rive fèt. — Mat. 28:19, 20; Mak 13:10; Tra. 1:8.
20 Premye disip Jezi yo te renmen tande rapò konsènan bon rezilta kretyen yo te jwenn nan travay predikasyon an (Mak 6:30). Liv Travay la fè konnen lespri sen te desann sou anviwon 120 disip nan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an. Yon ti tan apre, te gen anviwon 3 000 disip, e annapre te vin gen anviwon 5 000. Gen yon rapò ki te fè konnen “Jewova te kontinye voye plis moun vin jwenn yo, moun ki t apral jwenn delivrans” yo, e “anpil prèt te vin gen lafwa”. (Tra. 1:15; 2:5-11, 41, 47; 4:4; 6:7.) Nou kapab imajine jan nouvèl sa yo, konsènan akwasman ki te genyen, te ankouraje disip yo. Se sèten rapò sa yo te ankouraje yo pou yo rete tennfas nan travay Bondye te ba yo fè a, malgre gwo pèsekisyon chèf relijye juif yo t ap manniganse kont yo.
21 Ozanviwon ane 60-61 nan epòk nou an, nan lèt apot Pòl te ekri kretyen Kolòs yo, li te fè konnen bon nouvèl la “pote fwi e l ap grandi nan lemonnantye”, e yo preche l “tout kote anba syèl la”. (Kol. 1:5, 6, 23.) Premye kretyen yo te obeyi Pawòl Bondye a, e lespri sen te ba yo fòs pou yo fè yon gwo travay predikasyon anvan sistèm juif la te rive nan bout li nan ane 70 epòk nou an. Se pa ti ankourajan sa te ankourajan lè kretyen fidèl sa yo te konn tande rapò sou sa k ap fèt nan travay predikasyon an!
Èske pèsonèlman ou anvi wè travay predikasyon an fèt kòmsadwa anvan lafen an vini?
22 Menm jan tou jodi a, òganizasyon Jewova a fè efò pou l gen enfòmasyon sou travay l ap fè ki akonpli sa ki di nan Matye 24:14 la. Men sa vèsè sa a di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” (Mat. 24:14). Antanke sèvitè Bondye ki vwe lavi nou ba li, nou gen yon travay pou n fè ki pa ka tann. Nou chak dwe anvi wè travay predikasyon an fèt kòmsadwa anvan lafen an vini. Jewova ap veye pou travay sa a fin fèt. Mete sou sa, si nou patisipe nan travay sa a, Jewova ap kontan avèk nou. — Eze. 3:18-21.
RAPÒ SÈVIS OU
23 Ki sa egzakteman pou w mete nan rapò sa a? Fich Rapò sèvis òganizasyon an prepare a montre ki enfòmasyon pou w mete nan rapò sa a. Sepandan, enfòmasyon ki vin apre yo kapab ede w.
24 Nan liy ki gen tit “Plasman (fòma enprime ak elektwonik)” lan, mete kantite piblikasyon, kit se sou fòma enprime, kit se sou fòma elektwonik, ou te bay moun ki pa Temwen Jewova batize. Nan liy ki gen tit “Videyo ou montre” a, mete kantite fwa ou te rive montre moun youn nan videyo nou yo.
25 Lè w ap rapòte “Vizit” ou te fè, konte kantite moun ki pa Temwen Jewova batize ou t al vizite nan entansyon pou w ede yo konn plis bagay sou Labib. Ou kapab konte yon vizit nonsèlman lè w retounen al vizite yon moun lakay li, men tou lè w ekri l yon lèt e ou fè l jwenn lèt la, lè w rele l nan telefòn, lè w voye yon mesaj tèks ba li oswa yon kourye elektwonik, oswa lè w pote yon piblikasyon pou li. Chak fwa w kondui yon etid biblik ak yon moun, ou ka konte yon vizit. Yon paran ki fè adorasyon an fanmi chak semèn kapab konte yon vizit chak semèn si li gen pitit li ki pa batize ki asiste adorasyon an fanmi an.
26 An jeneral, etid biblik yo fèt chak semèn, men, se yon sèl etid ou dwe konte pou mwa a. Ou dwe ekri kantite etid biblik diferan ou fè pandan mwa a. Ou kapab rapòte yon etid biblik lè w ap etidye Labib ak yon moun ki poko batize. Epitou, si yon ansyen nan komite sèvis la mande w pou etidye Labib ak yon frè oswa yon sè ki inaktif, ou kapab rapòte etid biblik sa a. Ou kapab rapòte yon etid biblik tou si w ap etidye Labib ak yon moun ki fèk batize, men ki poko fin etidye liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an oswa liv “Fason nou ka rete nan lanmou Bondye” a.
27 Li enpòtan anpil pou “Lè” ou rapòte a egzak. Nòmalman, ou dwe rapòte kantite lè ou pase ap preche moun ki pa Temwen Jewova batize. Ou dwe rapòte kantite lè ou pase ap preche kay an kay, kantite lè ou pase ap fè vizit, kantite lè ou pase ap kondui etid biblik, kantite lè ou pase nan predikasyon fòmèl oswa enfòmèl. Si de pwoklamatè ap preche ansanm, yo toule de kapab konte kantite lè yo pase ap preche a, men si youn mennen lòt nan yon vizit oubyen nan yon etid biblik, se pwoklamatè ki mennen lòt la k ap konte vizit la oswa etid la. Lè toule de paran yo patisipe nan fòme pitit yo pandan adorasyon an fanmi an, yo toule de kapab konte inèdtan omaksimòm pou chak semèn etid la fèt. Frè yo kapab konte kantite lè yo pase ap bay diskou piblik. Yon moun ki sèvi kòm entèprèt pou yon frè k ap bay yon diskou piblik kapab konte kantite lè a tou. Men, gen aktivite enpòtan nou fè nou pa dwe konte kantite lè nou pase ladan yo. Pa egzanp, kantite lè nou pase ap prepare nou pou n al preche, kantite lè nou pase nan reyinyon predikasyon yo ak kantite lè nou pase ap fè nenpòt aktivite pèsonèl.
28 Chak pwoklamatè dwe suiv konsyans li ki fòme grasa Labib lè l ap reflechi sou kantite lè li te pase ap preche. Gen kèk pwoklamatè ki preche nan zòn ki gen anpil moun, alòske gen lòt ki preche nan tèritwa ki pa gen anpil moun e yo oblije vwayaje anpil. Tèritwa yo pa menm, e chak pwoklamatè kapab wè kesyon konte lè yo pase nan travay predikasyon an fason pa l. Kolèj santral la pa fè yon règ strik pou tout kongregasyon ki sou tè a sou fason pou frè ak sè yo konte kantite lè yo pase nan travay predikasyon an, ni yo pa bay okenn lòt moun asiyasyon pou yo fè sa. — Mat. 6:1; 7:1; 1 Tim. 1:5.
29 Lè w ap rapòte kantite lè ou pase nan travay predikasyon an, se kantite èdtan ou pase ap preche yo pou w rapòte. Kapab gen eksepsyon pou pwoklamatè ki limite anpil poutèt yo fin granmoun, poutèt yo gen lontan depi yo malad e yo oblije rete nan kabann oswa lakay yo, poutèt yo nan mezon retrèt oswa poutèt kèk lòt rezon ankò. Pwoklamatè ki nan sitiyasyon sa yo kapab rapòte kantite lè yo pase nan travay predikasyon an pa 15 minit. Menm lè yo ta preche pou sèlman 15 minit nan mwa a, yo dwe rapòte kantite lè sa a. Y ap konsidere pwoklamatè sa yo kòm moun ki preche regilyèman. Yo dwe gen menm konsiderasyon an pou yon pwoklamatè ki limite anpil pou yon ti tan, petèt li pa kapab deplase pandan yon mwa oubyen pandan plizyè mwa akoz li malad grav oswa akoz li blese grav. Dispozisyon sa a se sèlman pou moun ki limite anpil nan sa yo ka fè. Se komite sèvis la k ap deside si yon pwoklamatè merite benefisye dispozisyon sa a.
AKTIVITE PWOKLAMATÈ A (DOSYE KONGREGASYON AN)
30 Lè yon pwoklamatè remèt rapò sèvis li pou mwa a, yo anrejistre rapò a nan yon fichye ki rele Aktivite pwoklamatè a (Dosye kongregasyon an). Fichye sa a se pou kongregasyon an li ye. Si w planifye pou w al nan yon lòt kongregasyon, asire w ou fè ansyen ki nan kongregasyon w lan konn sa. Sekretè a ap asire l yo voye fichye Aktivite pwoklamatè w la (Dosye kongregasyon an) bay kongregasyon kote w prale a. Konsa, ansyen ki nan kongregasyon kote w prale a ap anmezi pou yo akeyi w e pou yo ede w kontinye gen bon relasyon ak Jewova. Si w kite kongregasyon kote w ye a pou yon kantite tan ki pi kout pase twa mwa, tanpri, kontinye voye rapò sèvis ou bay kongregasyon sa a.
REZON KI FÈ NOU REMÈT YON RAPÒ SÈVIS
31 Èske pafwa ou konn bliye remèt rapò sèvis ou? Se sèten nou tout konn bezwen pou yo fè nou sonje fè sa. Si nou byen wè kesyon remèt rapò sèvis la e nou byen konprann rezon ki fè li enpòtan anpil pou nou fè sa, petèt l ap pi fasil pou n sonje remèt rapò sèvis nou.
32 Gen moun ki konn ap mande tèt yo: “Piske Jewova konnen sa m ap fè nan sèvis li, pou ki rezon m oblije remèt yon rapò?” Se vre Jewova konnen sa n ap fè nan sèvis li, e li konnen si n ap sèvi l ak tout kè nou, oubyen si sa n ap fè nan sèvis li a se yon minimòm nan sa nou ta kapab fè. Sepandan, nou bezwen sonje Jewova te fè yo rapòte kantite jou Noye te pase nan lach la ak kantite ane Izrayelit yo te pase nan dezè a. Bondye te fè rapòte kantite moun ki te fidèl ak kantite moun ki te dezobeyi. Li te fè rapòte non diferan zòn Izrayelit yo te pran pandan yo t ap antre nan peyi Kanaran ak sa jij yo te fè nan peyi Izrayèl, yon seri jij ki te fidèl. Wi, li te fè rapòte anpil detay konsènan aktivite sèvitè l yo. Se Bondye ki te enspire sa ki te rapòte yo, e konsa li ede nou konprann fason li wè kesyon bay rapò ki egzak la.
33 Evènman istorik ki rapòte nan Bib la demontre jan pèp Bondye a te konn prepare rapò ki egzak. Nan anpil ka, si pa t gen rapò egzak ki te prepare, nou pa t ap rive byen konprann sa yo rakonte nan kèk istwa. Ann pran kèk egzanp: Jenèz 46:27; Egzòd 12:37; Jij 7:7; 2 Wa 19:35; 2 Kwonik 14:9-13; Jan 6:10; 21:11; Travay 2:41; 19:19.
34 Menmsi rapò nou remèt yo pa montre tout sa nou fè nan adorasyon n ap bay Jewova a, yo itil òganizasyon Jewova a. Nan premye syèk la, lè apot yo te retounen sot nan yon kanpay predikasyon, yo te fè Jezi konnen “tout sa yo te fè e tout sa yo te anseye”. (Mak 6:30.) Pafwa, rapò yo kapab montre gen kèk aspè nan travay predikasyon n ap fè a ki merite plis atansyon. Chif yo kapab montre gen pwogrè k ap fèt nan kèk domèn, alòske nan kèk lòt domèn, pa egzanp anrapò ak kantite pwoklamatè ki genyen, bagay yo gendwa ap ralanti. Petèt se ankourajman ki bezwen bay oswa se kèk pwoblèm yo bezwen rezoud. Siveyan yo note sa rapò yo montre e yo fè sa yo kapab pou yo ranje kèlkeswa sitiyasyon ki ta ka fè kèk moun pa ka pwogrese oswa ki ta ka fè tout kongregasyon an pa ka pwogrese.
35 Rapò yo pèmèt òganizasyon an konnen ki kote ki bezwen plis pwoklamatè. Èske gen kèk zòn ki bay pi bon rezilta? Èske gen kèk zòn kote pa gen anpil pwogrè k ap fèt? Ki piblikasyon k ap kapab ede moun yo aprann laverite? Rapò yo pèmèt òganizasyon an konnen ki kantite piblikasyon pwoklamatè yo ap bezwen pou travay predikasyon an nan diferan zòn ki gen sou tè a, e yo pèmèt òganizasyon an fè sa k nesesè pou gen ase piblikasyon ki disponib.
36 Pifò nan nou jwenn ankourajman grasa rapò yo. Èske nou pa kontan lè nou aprann ki travay frè ak sè n yo ap fè nan preche bon nouvèl la sou tout tè a? Rapò ki montre akwasman ki genyen yo ede nou wè fason òganizasyon Jewova a ap grandi. Lè nou wè bèl eksperyans lòt frè ak sè fè, sa fè nou kontan e sa fè nou pi chofe pou n fè plis nan travay predikasyon an (Tra. 15:3). Sa enpòtan anpil pou n remèt rapò sèvis nou. Lè nou fè sa, nou montre nou gen sousi pou frè n ak sè n yo ki sou tout tè a e nou montre nou soumèt devan dispozisyon òganizasyon Jewova a pran. — Lik 16:10; Ebre 13:17.
FIKSE OBJEKTIF POU TÈT OU
37 Li pa nesesè pou w konpare rapò sèvis pa w ak rapò sèvis yon lòt moun (Gal. 5:26; 6:4). Tout moun pa nan menm sitiyasyon. Men, ou kapab fikse pou tèt ou objektif w ap kapab atenn, paske sa ap ede w wè nan ki pwen ou pwogrese nan travay predikasyon an. Lè w atenn objektif ou fikse pou tèt ou, sa ap ba w anpil satisfaksyon.
38 Li klè Jewova ap akselere travay k ap fèt pou rasanble moun li pral pwoteje anba “gwo tribilasyon an”. N ap viv nan epòk kote pwofesi Ezayi a ap akonpli. Men sa Bib la di: “Sa ki pa anpil la ap tounen 1 000 e sa ki toupiti a ap tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Jewova, m ap akselere travay sa a nan lè l gen pou l fèt la.” (Rev. 7:9, 14; Eza. 60:22). Èske se pa yon gwo privilèj sa ye pou nou, antanke sèvitè Bondye, pou nou preche bon nouvèl la nan dènye jou sa yo ki difisil anpil? — Mat. 24:14.