BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/13 p. 7
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Dènye konvèsasyon ak kandida batèm yo
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Sèvitè Bondye k ap preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Apendis
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Batèm ak relasyon w avèk Bondye
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2013
km 7/13 p. 7

Repons kesyon w yo

◼ Anvan yo apwouve yon pwoklamatè pou l batize, nan ki degre li dwe asiste reyinyon kongregasyon an e li dwe patisipe nan ministè a?

Lè yon moun batize se desizyon ki pi enpòtan li pran nan lavi l. Se sa k fè, anvan yo apwouve yon moun pou l batize, li dwe gen yon konpreyansyon rezonab sou sa Bondye mande pou l fè. Mete sou sa, li dwe deja montre li gen detèminasyon pou l viv ann amoni ak egzijans Bondye yo.

Yo egzòte kretyen yo pou yo pa abandone reyinyon yo, kidonk, yon pwoklamatè ki poko batize dwe deja asiste tout reyinyon kongregasyon an avèk dilijans (Ebre 10:24, 25). E an jeneral, li patisipe nan reyinyon yo lè l fè kòmantè. San dout, li enskri nan Lekòl ministè teyokratik la, menmsi se pa yon obligasyon pou tout moun.

Anplis de sa, etandone yo bay kretyen yo misyon pou yo preche bon nouvèl la e pou yo fè disip, yon pwoklamatè ki poko batize dwe patisipe nan ministè a regilyèman anvan li batize (Mat. 24:14; 28:19, 20). Konbyen mwa li dwe fè ap preche anvan l batize? Li dwe gen ase tan pou l montre li gen bonjan detèminasyon pou l patisipe nan ministè a regilyèman e pou l zele nan predikasyon mwa apre mwa (Sòm 78:37). Sepandan, apre li fin kòmanse preche, li pa nesesè pou l kite yon pakèt tan pase anvan li kalifye pou l batize, petèt li ka batize apre kèk mwa sèlman. Ki kantite tan li dwe bay nan rapò l? Pa gen okenn règ fiks sou sa. Ansyen yo dwe konsidere sitiyasyon chak moun, yo bezwen rezonab e yo dwe ekilibre. — Lik 21:1-4.

Ansyen (oubyen asistan ministeryèl, nan kongregasyon ki pa gen anpil ansyen) k ap egzamine kesyon ak kandida batèm yo dwe sonje tout moun pa menm. Yo dwe gen bon jijman lè y ap detèmine si wi ou non yon moun kalifye pou l batize. Yo dwe wè se yon moun ki anvi vin Temwen Jewova e li demontre li apresye privilèj li genyen pou l fè pati òganizasyon Jewova a e pou l patisipe nan ministè a. Ansyen yo konnen moun nan poko gen matirite nan domèn espirityèl ni li poko gen menm kapasite ak yon pwoklamatè batize ki gen eksperyans. Si ansyen yo remake yon kandida pa kalifye pou l batize, avèk jantiyès, yo dwe di l rezon biblik ki fè l poko kalifye e yo dwe ba l èd espirityèl li bezwen pou l pwogrese.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje