KESYON POU MOUN KI VLE BATIZE
Dènye konvèsasyon ak kandida batèm yo
An jeneral, yo fè batèm nan asanble sikonskripsyon ak nan kongrè rejyonal Temwen Jewova yo. Nan fen diskou batèm nan, oratè a ap mande kandida batèm yo pou yo kanpe epi pou yo reponn de kesyon ki vin apre yo byen fò:
1. Èske w repanti pou peche w, èske w vwe tèt ou bay Jewova e èske w aksepte delivrans Jewova ofri pa mwayen Jezi Kris la?
2. Èske w konprann batèm ou an idantifye w kòm Temwen Jewova, e w fè pati òganizasyon Jewova a?
Repons pozitif kandida batèm yo bay la se yon “deklarasyon piblik” ki montre yo gen lafwa nan ranson an e yo vwe tèt yo san rezèv bay Jewova (Wom. 10:9, 10). Kandida batèm yo ta dwe byen reflechi alavans sou kesyon sa yo. Konsa, y ap kapab reponn yo sou baz pwòp konviksyon pa yo.
Èske w vwe tèt ou bay Jewova nan lapriyè, lè w pwomèt li se li menm sèl w ap adore epi fè volonte l se sa k ap pi enpòtan nan lavi w?
Kounye a, èske w kwè toutbon ou ta dwe batize nan premye okazyon jwenn nan?
Ki jan moun k ap batize yo dwe abiye (1 Tim. 2:9, 10; Jan 15:19; Flp. 1:10)?
Nou dwe abiye “yon fason ki montre respè e avèk bonsans” pou nou ka montre nou se moun ki “gen atachman pou Bondye”. Donk, moun k ap batize yo pa dwe mete kostim deben ki dekòlte oswa rad ki gen ekriti oswa slogan sou yo. Yo dwe gen rad ki pwòp, ki byen ranje, ki pa chokan e ki apwopriye pou okazyon an.
Ki jan yon moun dwe konpòte l lè l ap batize (Lik 3:21, 22)?
Batèm Jezi a se yon egzanp pou kretyen k ap batize jodi a. Li te konprann batèm nan se yon etap enpòtan, e sa te parèt nan atitid li ak nan aksyon l. Kidonk, kote batèm nan ap fèt la se pa ta dwe kote pou moun fè blag, pou jwe, pou naje oswa pou fè nenpòt lòt bagay ki pa kadre ak evènman enpòtan sa a. Mete sou sa, li pa nesesè pou moun ki fèk batize yo konpòte yo kòmsi se yon gwo viktwa yo ranpòte. Menmsi batèm nan se yon evènman ki bay kè kontan, yo ta dwe eksprime jwa sa a yon fason ki apwopriye.
Lè w reyini regilyèman ak kongregasyon an e w rete kole avè l, ki jan sa ap ede w respekte ve w te fè Jewova a?
Apre w fin batize, poukisa l ap enpòtan anpil pou w kontinye fè etid pèsonèl regilyèman e pou w preche regilyèman?
ENSTRIKSYON POU ANSYEN YO
Lè yon pwoklamatè ki poko batize fè konnen li ta renmen batize, yo dwe ankouraje l byen egzamine “Kesyon pou moun ki vle batize” nou jwenn nan paj 185-207 nan liv sa a. Atire atansyon l sou pati ki gen tit “Yon mesaj pou pwoklamatè ki poko batize” ki kòmanse nan paj 182 a. Nan mesaj sa a, yo esplike fason kandida batèm yo ka prepare konvèsasyon y ap genyen ak ansyen yo. Jan yo montre sa nan pati sa a, kandida batèm nan ka sèvi ak nòt pèsonèl li pran e li ka kite liv sa a ouvè pandan konvèsasyon an. Sepandan, li pa nesesè pou yon moun egzamine kesyon batèm yo avèk li anvan ansyen yo chita pou yo pale avè l.
Lè yon moun vle batize, li dwe fè kowòdonatè gwoup ansyen an konn sa. Apre moun ki vle batize a fin egzamine “Kesyon pou moun ki vle batize” yo, kowòdonatè a ap mande l si l te deja fè yon priyè kote l vwe lavi l bay Jewova pou l fè volonte l. Si moun nan te deja fè ve a, kowòdonatè a ap fè aranjman pou de ansyen egzamine “Kesyon pou moun ki vle batize” yo avè l. Yon ansyen ap fè premye pati e yon lòt ap fè dezyèm pati a. Li pa nesesè pou n tann yon asanble oswa kongrè prèske rive anvan nou egzamine kesyon yo.
Nou ka egzamine toule de pati yo nan de rankont ki ka dire anviwon inèdtan yo chak, byenke pa gen yon mal pou n ta pran plis tan si sa nesesè. Yo dwe priye ni nan kòmansman ni nan fen rankont yo. Ni kandida a, ni ansyen yo pa dwe prese lè y ap egzamine kesyon yo. Ansyen ki gen pou yo egzamine kesyon yo ak moun nan dwe bay rankont sa a priyorite. Depi sa posib, y ap deziyen yon ansyen pou chak pati. L ap bon pou ansyen an priye ni anvan li egzamine kesyon yo, ni apre.
An jeneral, li pi bon pou n egzamine kesyon yo ak chak kandida batèm apa olye pou n fè l an gwoup. Lè yon kandida gen posiblite pou l reponn chak kesyon, sa ede ansyen yo wè si l byen konprann. Konsa, ansyen yo ap wè si moun nan pare pou l batize. Mete sou sa, lè nou egzamine kesyon yo apa ak chak kandida, y ap santi yo pi alèz pou yo pale. Sepandan, nou ka rankontre yon mari ansanm ak madanm li si se toule de ki vle batize.
Lè moun ki vle batize a se yon sè, nou dwe veye pou nou chita yon kote moun ka wè nou, men se ta dwe yon kote yo pap ka tande konvèsasyon an. Si li nesesè pou n gen yon lòt moun avèk nou, se ta dwe yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl, selon pati n ap egzamine a, jan paragraf ki vin apre a montre sa.
Nan kongregasyon ki pa gen anpil ansyen, sèvitè ministeryèl ki kapab, ki demontre yo gen bon jijman ak bon konprann, ka egzamine premye pati a ki gen tit “1ye pati — Kwayans kretyen yo”. Se ansyen sèlman ki pou egzamine dezyèm pati a ki gen tit “2yèm pati — Lavi nou antanke kretyen”. Si pa gen ase frè nan kongregasyon an ki kalifye, ansyen yo ka kontakte siveyan sikonskripsyon an pou yo konnen si gen frè kalifye nan yon kongregasyon ki toupre a ki ta kapab ede yo.
Lè moun ki vle batize a poko majè, si l gen yon paran l kwayan, paran an dwe la pandan rankont yo. Si paran an pa ka la, lè sa a de ansyen (oswa yon ansyen ak yon sèvitè ministeryèl, selon pati y ap egzamine avè l la) dwe la nan chak rankont.
Ansyen yo dwe asire yo moun ki vle batize a konprann ansèyman de baz ki nan Bib la nan yon nivo ki rezonab. Anplis de sa, yo dwe chèche konnen si l gen anpil apresyasyon pou laverite e si l gen bonjan respè pou òganizasyon Jewova a. Si moun nan pa konprann ansèyman de baz ki nan Bib la, ansyen yo ap pran dispozisyon pou l resevwa èd pou l vin kalifye pou l batize nan yon lòt okazyon. Gen moun ki ka bezwen tan pou yo fè plis nan travay predikasyon an oswa pou yo soumèt yo devan dispozisyon ki pran nan òganizasyon an. Se ansyen k ap egzamine kesyon yo ak moun nan ki pou deside ki jan y ap repati tan yo genyen pou yo fè pati pa yo a, anviwon inèdtan, yon fason pou yo ka wè si moun nan pare pou l batize. Byenke gen kèk kesyon ansyen yo gendwa pase plis tan ladan yo, e gen lòt yo gendwa pase mwens tan ladan yo, yo dwe egzamine tout kesyon yo.
Ansyen yo te chwazi pou egzamine kesyon yo ak moun ki vle batize a dwe rankontre apre dezyèm pati a fin fèt pou yo deside si moun nan pare pou l batize. Ansyen sa yo dwe konsidere pase kandida batèm nan, kapasite l ak lòt bagay ankò ki gen rapò avè l. N ap chèche moun ki vle sèvi Jewova ak tout kè yo e ki konprann verite de baz ki nan Bib la. Grasa èd ki plen lanmou nou ba yo, moun ki pral batize yo ap pare pou yo fè travay enpòtan yo gen pou yo fè antanke moun k ap preche bon nouvèl la.
Apre sa, youn oswa toude ansyen yo te chwazi yo ap rankontre ak moun nan pou yo fè l konnen si l kalifye pou l batize. Si moun nan kalifye, ansyen yo ap egzamine “Dènye konvèsasyon ak kandida batèm yo” avè l ki nan paj 206-207. Si moun nan poko fin etidye liv Anseye nou an ak liv “Rete nan lanmou Bondye” a, ansyen yo dwe fè l konnen apre l fin batize se pou l fin etidye liv sa yo. Fè moun nan konnen y ap mete dat batèm li an nan fich Aktivite pwoklamatè pa l la. Fè l sonje ansyen yo kenbe enfòmasyon sa yo sou li yon fason pou òganizasyon an kapab konnen aktivite Temwen Jewova yo sou tout tè a e pou pwoklamatè a kapab patisipe nan aktivite espirityèl yo e pou l ka jwenn èd nan domèn espirityèl. Mete sou sa, ansyen yo kapab fè nouvo pwoklamatè yo sonje yo jere tout enfòmasyon pèsonèl yo selon Règ sou pwoteksyon enfòmasyon yo pou Temwen Jewova yo ki sou sit jw.org la. An jeneral, rankont y ap fè avè l la dwe dire 10 minit oswa mwens.
Ennan apre pwoklamatè a fin batize, de ansyen dwe rankontre avè l pou yo ankouraje l e pou yo ba l kèk konsèy ki kapab ede l. Siveyan gwoup li a ap youn nan ansyen sa yo. Si se yon moun ki poko majè, paran l dwe la si yo Temwen Jewova. Rankont lan dwe amikal anpil e li dwe ankourajan. Ansyen yo ap pale de pwogrè yo wè l fè e y ap ba li kèk konsèy pou yo ede l kontinye fè etid pèsonèl li, fè lekti Labib, fè adorasyon an fanmi chak semèn, asiste reyinyon yo epi patisipe ladan yo, epi kontinye preche chak semèn (Efe. 5:15, 16). Si l toujou poko fin etidye liv Anseye nou an ak liv “Rete nan lanmou Bondye” a, ansyen yo dwe fè aranjman pou yon moun ede l fè sa. Ansyen yo dwe ba l anpil felisitasyon avèk lanmou. Nòmalman, yo dwe ba l konsèy sou youn oswa de pwen sèlman.