CHAPIT 11
Lokal kote nou adore Bondye
VRÈ adoratè Jewova yo jwenn lòd pou yo reyini ansanm pou yo ka jwenn enstriksyon e pou youn ankouraje lòt (Ebre 10:23-25). Premye kote pèp Bondye te chwazi a, anpalan de Izrayelit yo, te konn adore Bondye se te “tabènak la oswa tant reyinyon an”. (Egz. 39:32, 40.) Annapre, Salomon, pitit gason David, te bati yon kay pou glwa Bondye, sa vle di yon tanp (1 Wa 9:3). Apre yo te fin kraze tanp lan nan ane 607 anvan epòk nou an, Juif yo te vin ap reyini nan yon seri lokal pou yo adore Bondye ki te rele sinagòg. Rive yon lè, yo te rebati tanp lan, e yo te rekòmanse ap pratike vrè adorasyon an la. Jezi te konn anseye moun yo ni nan sinagòg, ni nan tanp lan (Lik 4:16; Jan 18:20). Jezi te menm fè yon reyinyon sou yon mòn. — Mat. 5:1–7:29.
2 Apre lanmò Jezi, kretyen yo te konn reyini nan lokal kote nenpòt moun te kapab antre ak nan mezon prive pou yo anseye sa ki nan Ekriti yo e pou yo pase tan ansanm ak kwayan parèy yo (Tra. 19:8, 9; Wom. 16:3, 5; Kol. 4:15; Flm. 2). Pafwa, premye kretyen yo te oblije reyini ansanm nan zòn ki izole, yon fason pou moun ki t ap pèsekite yo pa t jwenn yo. Vrèmanvre, sèvitè Bondye nan tan lontan ki te fidèl yo te renmen reyini ansanm pou ‘Jewova te ka anseye’ yo. — Eza. 54:13.
3 Jodi a tou, reyinyon kretyen yo òganize yo fèt nan lokal kote nenpòt moun kapab antre ak nan mezon prive. Souvan, se nan mezon prive yo fè reyinyon pou predikasyon yo. Frè ak sè ki aksepte pou reyinyon sa yo fèt lakay yo konsidere sa kòm yon privilèj. Anpil nan yo santi sa ede yo nan relasyon yo ak Bondye.
SAL WAYÒM
4 Sal Wayòm yo se prensipal kote Temwen Jewova yo reyini. An jeneral, yo achte yon teren epi yo bati yon nouvo Sal Wayòm sou li oubyen, si teren an tou gen yon kay sou li, yo renove kay la. Lè sa posib, plizyè kongregasyon kapab itilize menm Sal Wayòm nan pou yo fè reyinyon nan objektif pou yo redui depans yo e pou plis moun posib kapab sèvi ak lokal la. Nan kèk zòn, se yon lokal yo oblije lwe pou yo fè reyinyon yo. Lè yo bati yon nouvo Sal Wayòm oubyen yo fè yon gwo renovasyon nan yon Sal Wayòm, li nòmal pou yo inogire sal la. Men, si travay renovasyon ki fèt nan yon Sal Wayòm pa anpil, li pa nesesè pou yo inogire sal la.
5 Sal Wayòm yo pa dwe yon bilding ki sofistike, ki fèt pou enpresyone moun. Byenke yo gendwa pa fèt menm jan tout kote, yo dwe toujou fèt yon fason ki fè li fasil pou reyinyon fèt ladan yo (Tra. 17:24). Mete sou sa, yo dwe adapte ak zòn kote yo ye a e yo dwe konfòtab.
6 Tout kongregasyon ki nan yon Sal Wayòm bay ofrann pou depans k ap fèt pou yo ka itilize Sal Wayòm nan, pou tout bagay byen fonksyone ladan l e pou antretyen fèt ladan l. Yo pa fè lakòlèt ni yo pa mande pèsonn pou yo bay lajan. Gen yon bwat ofrann nan Sal Wayòm nan e moun ki vin asiste reyinyon kapab mete ofrann nan bwat la pou depans ki gen pou fèt pou sal la. Yo fè sa ak tout kè yo, san pèsonn pa fòse yo. — 2 Kor. 9:7.
7 Tout moun nan kongregasyon yo konsidere se yon privilèj sa ye pou yo fè ofrann pou kouvri depans ki gen pou fèt pou Sal Wayòm nan, pou yo pote yo volontè pou yo netwaye l e pou yo kenbe l an bon eta. Nòmalman, se yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl yo chwazi pou pwograme travay sa yo. An jeneral, se gwoup pou predikasyon yo ki fè netwayaj, e se siveyan gwoup yo oswa adjwen siveyan gwoup yo ki pran latèt lè gen netwayaj k ap fèt nan sal la. Sal Wayòm nan dwe byen reprezante Jewova ak òganizasyon l lan, ni anndan, ni deyò.
Tout moun nan kongregasyon yo konsidere sa kòm yon privilèj pou yo fè ofrann pou yo soutni Sal Wayòm nan, pou yo pote yo volontè pou yo netwaye l e pou yo fè antretyen ladan l pou yo ka kenbe l an bon eta.
8 Lè gen plis pase yon kongregasyon ki reyini nan yon Sal Wayòm, gwoup ansyen yo fòme yon komite jesyon pou Sal Wayòm nan k ap gen pou l kowòdone tout travay ki gen pou fèt nan sal la oswa sou teren kote sal la ye a. Gwoup ansyen yo ap chwazi yon ansyen pou sèvi kòm kowòdonatè komite sa a. Komite sa a travay anba sipèvizyon gwoup ansyen yo, li veye pou netwayaj sal la fèt, pou sal la rete an bon eta e pou l gen tout sa ki nesesè pou frè ak sè yo pran swen l. Sa mande pou tout kongregasyon yo byen kolabore ansanm.
9 Lè gen plizyè kongregasyon ki itilize menm Sal Wayòm nan pou yo fè reyinyon, gen posiblite pou gen woulman ki fèt nan orè reyinyon yo. Lè ansyen yo ap etabli yon pwogram pou orè reyinyon yo, yo dwe demontre yo gen sousi youn pou lòt e yo gen lanmou youn pou lòt (Flp. 2:2-4; 1 Pyè 3:8). Okenn kongregasyon pa dwe pran desizyon pou lòt kongregasyon yo. Lè siveyan sikonskripsyon an ap vizite youn nan kongregasyon ki reyini nan Sal la, lòt kongregasyon yo ap fè chanjman nan orè reyinyon yo pou semèn vizit la, depi sa nesesè.
10 Maryaj ak antèman kapab fèt nan Sal Wayòm nan, men se komite sèvis kongregasyon an ki dwe bay pèmisyon pou sa. Ansyen sa yo ap byen reflechi sou demann ki fèt la e y ap pran yon desizyon sou baz enstriksyon biwo filyal la bay sou sa.
11 Frè ak sè ki jwenn pèmisyon pou yo itilize sal la pou okazyon sa yo dwe konpòte yo yon fason ki montre se vrè kretyen yo ye. Yo pa dwe fè anyen nan sal la k ap choke kongregasyon an, k ap sal non Jewova oswa k ap sal repitasyon kongregasyon an (Flp. 2:14, 15). Anba direksyon biwo filyal la, yo kapab itilize Sal Wayòm nan pou lòt aktivite ankò, tankou Lekòl ministè Wayòm oswa Lekòl pyonye.
12 Frè ak sè yo nan kongregasyon an dwe toujou montre yo gen respè pou lokal kote reyinyon yo fèt yo. Fason nou abiye, aparans nou ak fason nou konpòte nou dwe toujou montre nou gen respè pou adorasyon n ap bay Jewova a (Ekl. 5:1; 1 Tim. 2:9, 10). Lè nou suiv enstriksyon nou resevwa nan domèn sa yo, nou montre reyinyon nou yo gen anpil valè pou nou.
13 Li enpòtan pou gen lòd pandan reyinyon yo. Li pi bon pou timoun yo chita bò kote paran yo. Yo kapab mande paran ki gen timoun yo chita yon kote pou yo pa deranje lòt moun si l ta vin nesesè pou yo soti ak timoun yo pou yo disipline yo oswa pou yo fè yon lòt bagay.
14 Gen yon seri frè kalifye ki gen asiyasyon pou yo sèvi kòm plasè nan reyinyon k ap fèt nan Sal Wayòm nan. Yo dwe moun ki veyatif, ki amikal e ki gen bon jijman. Frè sa yo gen responsablite pou yo byen akeyi nouvo moun ki vin nan sal la epi fè yo santi yo alèz, pou yo ede moun ki vin anreta yo jwenn yon plas, pou yo konte epi make kantite moun ki nan reyinyon yo, pou yo veye sou kesyon chofaj e pou yo asire yo sal la byen ayere. Lè sa nesesè, plasè yo ap fè paran yo sonje pou yo veye sou pitit yo yon fason pou yo pa kouri nan Sal la ni anvan ni apre reyinyon yo, oswa pou yo pa jwe sou estrad la. Avèk jantiyès e avèk tak, yon plasè kapab mande paran yon timoun k ap fè dezòd pou l soti ak timoun nan yon fason pou l pa deranje moun ki nan reyinyon yo twòp. Travay plasè yo fè pèmèt moun ki nan reyinyon yo byen suiv reyinyon yo. Li pi bon pou se ansyen ak sèvitè ministeryèl yo ki sèvi kòm plasè.
KONSTRIKSYON SAL WAYÒM
15 Nan premye syèk la, te gen kèk kretyen afè yo te pi bon pase lòt kretyen yo. Se sa k fè Pòl te ekri: “Mwen ta renmen pou bagay yo vin egal, pou sa nou gen anplis la ka kouvri pou sa yo manke kounye a, dekwa pou sa yo gen anplis la ka vin kouvri tou pou sa nou manke a. Konsa, bagay yo ap ka vin egal.” (2 Kor. 8:14). Jodi a, bagay yo “egal” menm jan an. Gen ofrann kongregasyon sou tout tè a fè ki pèmèt òganizasyon an jwenn kòb pou l konstwi Sal Wayòm oswa pou l renove Sal Wayòm. Òganizasyon an ak kongregasyon ki benefisye ofrann sa yo apresye anpil fason frè ak sè yo sou tout tè a montre yo donan.
16 Sou baz yon plan ki fèt pou tèritwa ki sou kont yon filyal, biwo filyal la asiyen chak kongregasyon nan yon Sal Wayòm. Se biwo filyal la tou ki pran desizyon konsènan ki lè ak ki kote pou yo bati nouvo Sal Wayòm, e konsènan ki Sal Wayòm nan tèritwa ki sou kont filyal la ki bezwen pou yo renove yo. Lè gen katastwòf ki frape yon zòn, gen aranjman ki fèt pou yo repare Sal Wayòm ki andomaje yo. Pafwa tou, yo konn repare kay frè ak sè yo.
17 Se biwo filyal la ki kowòdone aktivite volontè k ap bay èd nan achte teren, prepare plan Sal Wayòm, jwenn pèmi konstriksyon, konstwi lokal, epi fè antretyen ladan yo. Lefètke nan pifò peyi gen anpil Sal Wayòm pou yo konstwi, òganizasyon an bezwen anpil volontè. Tout pwoklamatè batize ki kalifye e ki vle bay èd yo nan konstriksyon jwenn ankourajman pou yo ranpli yon fòmilè epi bay komite sèvis kongregasyon an fòmilè a. Menm pwoklamatè ki poko batize ka patisipe nan konstwi Sal Wayòm kote yo pral asiste reyinyon oswa yo ka patisipe nan renove sal kote yo deja ap asiste reyinyon.
SAL ASANBLE
18 An jeneral, premye kretyen yo te konn reyini an ti gwoup. Men, pafwa yo te konn fè reyinyon kote “anpil moun” rasanble (Tra. 11:26). Jodi a tou, pèp Jewova a òganize gwo rasanbleman, anpalan de asanble sikonskripsyon ak kongrè rejyonal. Souvan, òganizasyon an konn lwe lokal pou sa. Men, lè pa gen lokal ki apwopriye oubyen ki disponib pou gwo rasanbleman sa yo, yo kapab achte yon lokal pou sa. Yo rele lokal sa yo Sal asanble.
19 Pafwa, yo gendwa achte yon lokal, yo renove l, e yo itilize l kòm Sal asanble. Men, sa yo plis fè, se achte yon teren epi bati yon nouvo lokal sou li. Sal asanble yo pa menm gwosè, paske gwosè yo depann de kantite moun k ap vin nan gwo rasanbleman k ap fèt nan sal sa yo. Anvan pou filyal la pran desizyon pou l achte yon lokal oswa pou l konstwi youn, li byen kalkile konbyen sa pral koute e ki kantite moun ki pral itilize lokal la.
20 Biwo filyal la nome frè pou pran swen Sal Asanble a e pou fè antretyen ladan l. Gen aranjman ki fèt pou sikonskripsyon yo netwaye Sal asanble yo regilyèman, pou yo fè yon gwo netwayaj ladan yo chak simwa e pou yo fè antretyen ladan yo pou yo ka rete an bon eta. Li bon pou frè ak sè yo pote yo volontè pou yo fè travay sa yo. Se sa k fè yo ankouraje kongregasyon yo pou yo soutni aranjman sa yo ak tout kè yo. — Sòm 110:3; Mal. 1:10.
21 Pafwa, yo kapab itilize Sal asanble yo pou lòt aktivite ankò, tankou lekòl òganizasyon an genyen yo oswa reyinyon espesyal yo fè pou siveyan sikonskripsyon yo. Menm jan ak Sal Wayòm yo, Sal asanble yo se lokal kote nou adore Bondye. Lè nou rasanble nan yon Sal asanble, nou dwe gen yon konduit ki kòrèk, nou dwe abiye yon fason ki kòrèk e aparans nou dwe kòrèk menm jan ak lè nou reyini nan yon Sal Wayòm pou n adore Bondye.
22 Nan ti rès tan ki rete nan dènye jou yo, gen anpil moun k ap vin fè pati òganizasyon Bondye a, e y ap vini byen rapid. Sa se yon prèv ki montre Jewova beni nou (Eza. 60:8, 10, 11, 22). Se sa k fè nou dwe soutni dispozisyon ki pran pou nou gen lokal ki konfòtab pou nou adore Bondye e pou nou kenbe lokal sa yo pwòp. Lè nou fè sa, nou montre nou rekonèt enpòtans lokal sa yo genyen nan ede nou ankouraje youn lòt, vin jwenn nou wè se pwoche jou Jewova a ap pwoche.