BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/03 p. 3-5
  • Annou kenbe kote n al adore a nan bon kondisyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou kenbe kote n al adore a nan bon kondisyon
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Lokal kote nou adore Bondye
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Se kay kote nou adore
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Ki sa n ka fè pou n ede yo fè antretyen nan Sal Wayòm nan?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 1999
Ministè Wayòm nan — 2003
km 8/03 p. 3-5

Annou kenbe kote n al adore a nan bon kondisyon

1. Nan ki objektif Sal Wayòm yo la ?

1 Nan lemonnantye, gen plis pase 94 000 kongregasyon Temwen Jewova. Pifò kongregasyon sa yo reyini pou etidye Labib e pou pèmèt kretyen yo rasanble ansanm nan yon Sal Wayòm, ki sèvi kòm yon sant pou vrè adorasyon an.

2. Poukisa li enpòtan pou nou kenbe Sal Wayòm nan pwòp e prezantab ?

2 Yon pwogram netwayaj regilye : Travay nou fè pou nou antretni Sal Wayòm nan se yon pati trèzenpòtan nan sèvis sakre nou. Men sa liv Notre ministère la deklare nan paj 61 : “ Frè yo ta dwe konsidere se yon privilèj yo genyen non sèlman pou yo soutni Sal Wayòm nan ak lajan yo, men tou pou yo ofri sèvis yo san grate tèt pou kenbe l pwòp, prezantab e nan bon kondisyon. Sal Wayòm nan ta dwe byen reprezante òganizasyon Jewova a, anndan kou deyò. ” Piske yo itilize Sal Wayòm nan plizyè fwa chak semèn, yo bezwen netwaye l epi antretni l regilyèman. Nòmalman, volontè ki nan kongregasyon ki reyini nan Sal Wayòm nan okipe yo de bagay sa yo. Tankou sa te konn fèt nan tan biblik yo, sèvitè Jewova yo jodi a ta dwe chofe pou yo “ amenaje e pou yo repare ” kote n al adore a. — 2 Kwo. 34:10.

3. Ki jan netwayaj Sal Wayòm nan òganize, e kiyès ki ka patisipe nan privilèj sa a ?

3 Yo ta dwe mete yon pwogram sou tablo afichaj la pou netwayaj Sal Wayòm nan ki dwe fèt chak semèn. Yo ta dwe fè yon woulman chak semèn yon fason pou tout gwoup etid liv yo patisipe nan netwayaj la. Pou fè sa, y ap suiv yon lis bagay ki dwe fèt pandan netwayaj la. Tout moun ki kapab ta dwe patisipe diran semèn pa yo a nan privilèj yo genyen pou yo kenbe Sal Wayòm nan pwòp e prezantab. Timoun tou kapab patisipe sou kontwòl paran yo, konsa, y ap aprann kòman pou yo montre apresyasyon pou privilèj sa a. Bonjan kolaborasyon endispansab, sitou lè plis pase yon kongregasyon reyini nan menm Sal Wayòm, yon fason pou aspè enpòtan sa a nan adorasyon nou an pa tonbe sou do yon ti gwoup moun sèlman.

4. Ki sa ki dwe fèt pou kongregasyon an konnen sa k pou fèt lè y ap netwaye Sal Wayòm nan ?

4 Yo ka afiche yon lis tout bagay ki dwe fèt lè y ap fè netwayaj. Si posib, afiche l kote yo estoke pwodui pou netwayaj yo. Lis sa a ta dwe presize travay ki dwe fèt chak semèn, tankou pase bale, netwaye fenèt, siye kontwa, jete fatra, pase mòp oswa twal mouye ak netwaye glas. Gen travay ki pap bezwen fèt chak semèn, tankou poli mèb an bwa yo, fè gran netwayaj nan chèz yo, rido yo oswa anpoul elektrik yo. Yo ta dwe mete tout pwodui chimik ki sèvi pou fè netwayaj yo yon kote timoun pap ka rive e yo ta dwe make sa byen klè sou yo. Yo ta dwe bay yon ti esplikasyon sou fason pou sèvi ak chak pwodui chimik sa yo.

5. Ki enpòtans sekirite genyen, e ki bagay yo ta dwe tcheke regilyèman ? (Sèvi ak kare ki nan paj 4 la.)

5 Sekirite nan Sal Wayòm nan gen pi plis enpòtans toujou (Det. 22:8). Nan sans sa a, kare ki nan paj 4 la bay kèk bagay y ap bezwen tcheke tanzantan yon fason pou evite aksidan.

6. Ki jan yo dwe dirije travay antretyen Sal Wayòm nan ?

6 Annou fè antretyen Sal Wayòm nan : Kolèj ansyen yo gen responsablite pou yo sipèvize antretyen Sal Wayòm nan. An jeneral, yo nome yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl pou kowòdone travay la. Li òganize travay ki toujou ap fèt nan Sal Wayòm nan, yon fason pou li asire l Sal Wayòm nan rete pwòp e nan bon kondisyon, e pou toujou gen ase pwodui netwayaj ki disponib. Li enpòtan pou nou pa kite okenn bagay ki ka reprezante yon danje ap trennen nan koulwa yo oswa sou lakou a. Lè gen de kongregasyon oswa plis ki itilize menm Sal Wayòm nan, kolèj ansyen yo dwe mete yon komite antretyen sou pye pou òganize aranjman ki pou fèt pou pran swen lokal la ak tout lakou a. Komite sa a ap travay anba direksyon kolèj ansyen yo.

7. a) Ki sa ki fèt chak ane pou asire Sal Wayòm nan rete nan bon kondisyon ? b) Ki bagay ki merite atansyon detanzantan ? (Sèvi ak kare ki nan paj 5 lan.)

7 Chak ane, yo fè yon enspeksyon detaye Sal Wayòm nan. Ansyen yo responsab pou yo fè aranjman pou ranje kòrèkteman nenpòt bagay enspeksyon an revele ki merite ranje. Yo ka envite pwoklamatè yo pou yo bay kout men nan reparasyon ak antretyen k ap bezwen fèt yo. Tout moun ta dwe pran konsyans li nesesè pou yo pran swen menm bagay ki pi piti yo e yo ta dwe okipe bagay ki merite atansyon yo san pèdi tan.

8. Ki lè ansyen yo ka kontakte Biwo konstriksyon Sal Wayòm nan pou zafè antretyen ?

8 Si ansyen yo santi yo bezwen konsèy oswa èd pou antretyen Sal Wayòm nan, yo ka kontakte Biwo konstriksyon Sal Wayòm nan. Se kapab petèt pou bagay tankou sèvis nan sistèm èkondisyone, rezoud pwoblèm mwezi, tòl oswa dal k ap koule, oswa lòt bagay k ap deteryore nan lokal la.

9. Ki metòd nou dwe suiv si nou oblije angaje yon konpayi ?

9 Annou byen itilize fon kongregasyon an : Pifò travay nan Sal Wayòm nan ak nan lakou Sal la, se volontè ki akonpli yo. Sakrifis volontè sa yo se yon bèl ekspresyon lanmou e sa ede anpil pou redui depans yo. Si li vin nesesè pou angaje yon konpayi pou okipe de kèk travay, tankou elimine bèt nuizib, netwaye latrin oswa fòs septik, ansyen yo ap chèche kote ki bay plis avantaj la pou fè travay sa yo. Y ap fè sa lè dabò yo prepare yon dokiman ki dekri an detay tout travay ki dwe fèt ak nenpòt materyo ki nesesè. Yo dwe bay plizyè konpayi diferan yon kopi dokiman an yon fason pou konpayi sa yo bay yon estimasyon sou baz menm konpreyansyon yo genyen sou travay ki egzije a. Apre ansyen yo fin resevwa devi nan men konpayi yo, yo ka chwazi sa k ofri pi bon sèvis la. Yo dwe suiv menm metòd sa a menm si yon frè te ofri pou l fè travay la oubyen founi materyo y ap bezwen yo pou tan kòb.

10. Ki sa ki fèt pou yo sèten yo itilize fon kongregasyon an kòmsadwa ?

10 Lè gen plis pase yon kongregasyon ki itilize Sal Wayòm nan, komite antretyen an ap kenbe yon kont chèk apa, e chak mwa y ap bay chak kolèj ansyen yon rapò kontab ekri k ap kenbe ansyen yo okouran sou fason yo itilize fon yo. Se ansyen yo ki responsab pou tout depans k ap fèt nan fon kongregasyon yo.

11. Ki sa ki dwe fèt si gen gwo antretyen ak renovasyon ki nesesè ?

11 Lè gen gwo travay antretyen ak renovasyon : Lè komite antretyen an santi gen yon gwo travay ki dwe fèt anrapò ak aktivite oswa antretyen Sal Wayòm nan, komite a ap mete sa devan kolèj ansyen yo pou jwenn direksyon. Si yo wè gen yon gwo travay antretyen oswa renovasyon ki nesesè, oswa y ap bezwen yon èd yo pap jwenn nan men kongregasyon ki reyini nan Sal Wayòm nan, ansyen yo ap kontakte Biwo konstriksyon Sal Wayòm nan. Frè kalifye ki nan biwo sa a gen eksperyans, y ap bay sijesyon k ap itil e y ap sipèvize dewoulman travay yo. Si sa egzije yon gwo depans, l ap nesesè pou nou konnen kantite kòb egzak sa ap koute e pou nou prepare yon rezolisyon pou kongregasyon an apwouve. — Gade Repons kesyon w yo nan Ministè Wayòm fevriye 1994 (fransè).

12. Ki jan nou ka demontre rekonesans nou pou privilèj nou genyen pou nou asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan ?

12 Se pa ti apresye nou apresye privilèj nou genyen pou nou reyini ansanm nan Sal Wayòm nan ! Nou pa vle janm neglije reyinyon nou yo oswa minimize yo. Tout moun ka kontribye pou dispozisyon sa a reyisi pou nou jwenn ankourajman, grasa patisipasyon nou bay san rezèv nan pran swen Sal Wayòm nou. Sa ap glorifye adorasyon ki pwòp la e sa ap onore non Jewova. Annou detèmine pou nou kenbe kote n al adore a nan bon kondisyon.

[Foto nan paj 4]

Lis bagay ki nesesè pou sekirite

◻ Estenktè yo ta dwe sou lamen e yo ta dwe fè sèvis ladan yo chak ane.

◻ Kote pou soti deyò ak kote ki gen eskalye dwe make pou tout moun ka wè yo, yo dwe byen klere, fasil pou jwenn, e balistrad yo dwe solid.

◻ Depo yo ak twalèt yo dwe pwòp, yo dwe byen ranje e yo pa ta dwe gen anyen ki ka pran dife fasil, pa ta dwe gen ni afè pèsonèl moun ni fatra ladan yo.

◻ Yo dwe enspekte e yo dwe pwòpte twati a ansanm ak kanal pou dlo lapli koule yo regilyèman.

◻ Twotwa ak zòn pakin nan dwe byen klere e yo pa dwe gen anyen ki ka lakòz moun glise oswa tonbe.

◻ Yo dwe tcheke e fè bonjan antretyen nan sistèm elektrik ak sistèm vantilasyon an.

◻ Yo dwe repare nenpòt kote dlo ap koule, san pèdi tan, yon fason pou evite pwoblèm mwezi.

◻ Lokal la dwe fèmen akle lè pa gen pèsòn moun ladan l.

[Kare nan paj 5]

Pran swen lokal la ak tout lakou a

◻ Deyò : Èske twati a, pati an bwa ki sou deyò yo, kouch penti yo, fenèt yo ansanm ak ansèy Sal Wayòm nan nan bon kondisyon ?

◻ Lakou : Èske lakou a byen antretni ? Èske twotwa a, baryè yo ansanm ak pakin nan nan bon kondisyon ?

◻ Anndan : Èske seramik yo, mozayik yo, rido yo, chèz yo, anpoul elektrik yo, kouch penti yo ak kontwa piblikasyon yo prezantab ?

◻ Ekipman : Èske ekleraj la, sistèm sonorizasyon an, vantilasyon an ak èkondisyone yo ap fonksyone trè byen ?

◻ Twalèt : Èske yo pwòp, èske y ap fonksyone nòmalman ?

◻ Dokiman kongregasyon yo : Èske dokiman nou genyen sou konpayi yo ak lòt enstitisyon yo ajou, byen klase e egzak ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje