Repons kesyon w yo
◼ Kilès ki reskonsab antretyen Sal Wayòm nan ?
Yon Sal Wayòm pwòp e atiran gen bèl reflè sou mesaj n ap preche a. (Konpare ak 1 Pyè 2:12.) Li trèzenpòtan pou n kenbe Sal la pwòp e anneta. Tout moun kapab patisipe nan frè pou antretyen Sal la. Nou pa ta dwe atann pou se yon ti ponyen moun ki pote tout chaj la nèt. Abityèlman pou netwayaj la, yo fè aranjman an selon gwoup etid liv kongregasyon an avèk kondiktè etid liv ki alatèt la, oswa asistan kondiktè etid liv la. Nan Sal kote gen plis pase yon kongregasyon, ansyen yo ap òganize bagay yo pou tout kongregasyon yo patisipe nan frè pou antretyen an.
Ki jan nou kapab okipe yon reskonsablite konsa pi byen ? Sal Wayòm nan ta dwe netwaye selon yon orè regilye. Pwodwi antretyen ak ekipman pou netwayaj la ta dwe sou lamen. Yon lis bagay ki nesesè pou fèt ta dwe afiche kote pou moun ki vin travay yo kapab egzamine l pou gide yo. Petèt nou bezwen de lis diferan, youn pou yon netwayaj lejè apre chak reyinyon e yon lòt pou yon pi gwo netwayaj afon chak semèn. Kondiktè etid liv la ta dwe pwograme netwayaj afon an nan yon jou ak nan yon lè ki apwopriye pou tout patisipan yo. Yo ta dwe pran swen gazon ansanm ak flè avèk ti pyebwa yo tou. Yo pa ta dwe kite okenn salte sou twotwa ak nan pakin nan. Chak ane, yon gwo netwayaj prentan ta dwe fèt, petèt anvan yo fè Memoryal la. Petèt sa ka gen ladan lave fenèt, lave mi, fwote tapi ak chanpou, e netwayaj tout sa ki fèt an twal.
Natirèlman, nou tout kapab fè chaj la lejè lè nou pa jete gonm chiklèt oswa papye ni anndan ni deyò Sal la. Nou kapab kenbe chanm twalèt ak lavabo yo pwòp chak fwa nou fin sèvi avèk yo. Kite yo pwòp pou moun k ap vin apre a. Fètatansyon pou n pa kraze ekipman oswa pou n pa andomaje mèb yo. Pran nòt sou tapi ki gen tach, sou chèz ki andomaje, sou pwoblèm plonbri, sou anpoul limyè ki boule, eksetera. Epi touswit rapòte bagay sa yo bay frè ki anchaj antretyen Sal Wayòm nan.
Annou tout patisipe de bongre. Sa fè kay kote nou vin adore a agreyab epi sa distenge nou kòm yon pèp pwòp k ap onore Jewova Dye. — 1 Pyè 1:16.