CHAPIT 16
Yon fanmi ki ini
PANDAN anviwon 1 500 ane, Jewova te gen yon relasyon espesyal ak pèp Izrayèl la ki te pote non l. Apre sa, Jewova te “dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo”. (Tra. 15:14.) Pèp Jewova t ap chwazi pou non l lan se Temwen l yo. Yo wè bagay yo menm jan e yo gen menm konduit kèlkeswa kote y ap viv sou tè a. Se travay Jezi te bay disip li yo fè a ki t ap pèmèt Bondye rasanble yon pèp pou non l ki ini. Men sa Jezi te di disip li yo: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” — Mat. 28:19, 20.
Ou fè pati yon fanmi kretyen ki sou tout tè a ki ini, e menmsi moun ki fè pati fanmi sa a pa gen menm nasyonalite, yo pa sot nan menm tribi e yo pa nan menm nivo ekonomik, yo pa kite sa divize yo.
2 Lefètke w te vwe lavi w bay Jewova e w te batize, ou vin yon disip Jezi Kris. Ou fè pati yon fanmi kretyen ki sou tout tè a ki ini, e menmsi moun ki fè pati fanmi sa a pa gen menm nasyonalite, yo pa sot nan menm tribi e yo pa nan menm nivo ekonomik, yo pa kite sa divize yo (Sòm 133:1). Se sa k fè ou renmen frè ak sè yo nan kongregasyon an e w respekte yo. Gen nan yo ki pa sot nan menm ras avè w, ki pa gen menm nasyonalite avè w, ki pa resevwa menm fòmasyon avè w e w pa t ap janm pran pa avèk yo poutèt diferans sa yo. Men, kounye a, ou gen yon relasyon fratènèl avèk yo ki baze sou lanmou e ki pi sere pase kèlkeswa relasyon moun ka genyen, kit se amitye de moun genyen, kit se relasyon moun nan menm relijyon genyen youn ak lòt, kit se relasyon moun nan menm fanmi genyen youn ak lòt. — Mak 10:29, 30; Kol. 3:14; 1 Pyè 1:22.
NOU KA BEZWEN CHANJE FASON NOU PANSE
3 Si gen kèk moun ki gen pwoblèm youn ak lòt poutèt yo pa sot nan menm ras, yo pa t nan menm kan nan zafè politik, yo pa sot nan menm ran sosyal, oswa poutèt yo gen lòt prejije ankò ki byen anrasinen nan yo, e yo twouve li difisil pou yo konbat prejije sa yo, yo kapab reflechi ak premye kretyen ki te Juif yo, ki te oblije abandone prejije yo te genyen kont moun lòt nasyon yo poutèt moun sa yo pa t nan menm relijyon ak yo. Lè Pyè te resevwa lòd pou l al lakay Kònèy, yon ofisye nan lame women an, Jewova te byen prepare Pyè pou asiyasyon sa a. — Tra., chap. 10.
4 Nan yon vizyon, Bondye te di Pyè pou l touye kèk bèt Juif yo pa t gendwa manje poutèt bèt sa yo pa t pwòp. Lè Pyè te refize, gen yon vwa ki sot nan syèl la ki te di l: “Sispann di bagay Bondye pirifye se bagay ki kontamine.” (Tra. 10:15). Se vizyon sa a ki te ede Pyè prepare lespri l pou asiyasyon li t apral resevwa pou l al vizite yon moun lòt nasyon. Pandan Pyè te lakay ofisye a, men sa li te di moun ki te la yo: “Nou konnen trè byen yon Juif pa gen dwa mele ak yon moun lòt nasyon, ni l pa gen dwa pale avè l. Epoutan, Bondye montre m mwen pa dwe konsidere pèsonn kòm moun ki kontamine, oubyen kòm moun ki pa pwòp. Konsa, lè Bondye voye m la a, mwen vini san ezite.” (Tra. 10:28, 29). Annapre, Pyè te wè prèv ki montre Kònèy ak moun lakay li yo te gen favè Bondye.
5 Sòl, moun Tas, ki te yon Farizyen ki te fè gwo etid, te oblije imilye tèt li pou l gen rapò ak yon seri moun ki te twò ba pou li lè l potko kretyen. Li te konn menm resevwa enstriksyon nan men yo (Tra. 4:13; Gal. 1:13-20; Flp. 3:4-11). Nou ka sèlman imajine ki chanjman kèk moun tankou Sèjiyis Polis, Dyoniziyis, Damaris, Filemon, Onezim ak lòt moun ankò te oblije fè nan fason yo panse, apre yo te fin aksepte bon nouvèl la epi yo te vin disip Jezi Kris. — Tra. 13:6-12; 17:22, 33, 34; Flm. 8-20.
SA K AP PÈMÈT NOU RETE INI SOU TOUT TÈ A
6 Se sèten lanmou frè ak sè yo genyen te rale w vin pi pre Jewova ak òganizasyon l lan. Ou te remake lanmou vrè disip Jezi yo genyen youn pou lòt la ki parèt aklè, sa ki mache ak pawòl Jezi te di nou jwenn nan Bib la: “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:34, 35). Konsa, ou te vin renmen Jewova ak òganizasyon l lan plis toujou lè w te vin rann ou kont lanmou ki gen nan kongregasyon pa w la egziste pami frè ak sè yo sou tout tè a ki fòme yon sèl fanmi. W ap viv yon pwofesi nan Bib la ki fè konnen Bondye t ap gen pou l rasanble moun sou tout tè a nan dènye jou yo pou yo vin adore l nan lapè ak nan tèt ansanm. — Miche 4:1-5.
7 Lè n sonje kantite bagay ki kapab met divizyon nan mitan moun jodi a, kiyès ki t ap janm panse li t ap posib pou moun “ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang” ta vin fòme yon pèp ki ini (Rev. 7:9)? Reflechi sou diferans ki genyen ant moun k ap viv nan peyi kote teknoloji a avanse ak moun k ap viv nan peyi kote moun yo kenbe ansyen koutim ki genyen nan tribi yo. Gade ki jan anpil moun ki sot nan menm ras e ki gen menm nasyonalite divize akoz relijyon. Jodi a, kòm kesyon nasyonalis la ap vale teren, moun yo vin plis divize nan domèn politik pase anvan. Lè nou wè diferans ki genyen nan nivo ekonomik moun yo ak divès lòt bagay ki kapab divize moun, se sèl Bondye Toupisan an ki te ka fè yon mirak konsa, pou l rasanble moun ki soti nan tout nasyon, nan tout lang, nan diferan tribi ak klas sosyal pou l fè yo vin ini nan lanmou ak lapè. — Zak. 4:6.
8 Inite sa a se yon reyalite. Lè w te vwe lavi w bay Jewova e w te batize kòm Temwen Jewova, ou te vin fè pati pèp sa a ki ini. Lefètke inite sa a fè w jwenn byenfè, ou gen responsablite pou w travay pou pèp Jewova a rete ini. W ap kapab fè sa lè w suiv sa apot Pòl te ekri nan Galat 6:10. Men sa l te di: “Toutotan nou gen okazyon pou sa, annou fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki fanmi nou nan lafwa.” Mete sou sa, l ap bon pou w suiv konsèy ki vin apre a tou: “Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou.” (Flp. 2:3, 4.) Depi nou fòme tèt nou pou nou wè frè ak sè n yo jan Jewova wè yo olye nou jije yo selon aparans yo, n ap kontinye viv avèk yo nan lapè paske n ap kontinye gen bon relasyon avèk yo. — Efe. 4:23, 24.
NOU GEN SOUSI YOUN POU LÒT
9 Jan apot Pòl te montre sa byen klè, kongregasyon an pa divize e tout moun ki ladan l yo gen sousi youn pou lòt (1 Kor. 12:14-26). Se vre gen gwo distans ki separe nou ak kèk nan frè ak sè n yo ki sou tout tè a, men, sa pa anpeche nou gen sousi pou yo. Lè gen kèk nan frè ak sè n yo k ap sibi pèsekisyon, sa kontrarye nou anpil. Si gen nan yo ki nan bezwen oswa ki viktim anba katastwòf, lagè oswa akoz vyolans ki genyen nan peyi kote y ap viv la, lòt frè ak sè yo fè sa yo kapab pou yo ede yo kontinye gen bon relasyon ak Bondye e pou yo ba yo èd materyèl yo bezwen. — 2 Kor. 1:8-11.
10 Nou tout dwe priye pou frè ak sè n yo chak jou. Gen nan yo ki jwenn tantasyon pou yo fè sa ki mal. Gen lòt k ap soufri e anpil moun konn sa. Gen lòt toujou ki gen moun nan travay yo ki opoze ak yo e ki jwenn pwoblèm nan fanmi yo paske tout moun nan fanmi an pap sèvi Jewova, alòske pa gen anpil moun ki konn sa (Mat. 10:35, 36; 1 Tes. 2:14). Nou dwe santi sa konsène nou paske nou fòme yon sèl fanmi sou tout tè a (1 Pyè 5:9). Pami nou, gen moun k ap travay di nan sèvis Jewova a e ki pran latèt nan travay predikasyon an ak nan kongregasyon yo. Mete sou sa, gen frè ki gen responsablite pou yo voye je sou travay k ap fèt sou tout tè a. Tout moun sa yo bezwen pou nou priye pou yo. Lè nou fè sa, nou demontre nou renmen yo e nou gen sousi pou yo toutbon, menm lè nou pa ka fè okenn lòt bagay pou n ede yo. — Efe. 1:16; 1 Tes. 1:2, 3; 5:25.
11 Lè nou konsidere tout pwoblèm ki gen sou tè a nan dènye jou sa yo, moun ki fè pati pèp Jewova a bezwen pare pou youn ede lòt. Pafwa, dezas tankou tranblemanntè ak inondasyon ka fè li nesesè pou òganizasyon an fè aranjman pou frè ak sè yo jwenn anpil èd materyèl. Nan sans sa a, kretyen ki t ap viv nan premye syèk la kite yon bèl egzanp pou nou. Lefètke disip ki t ap viv Antyòch yo te sonje yon konsèy Jezi te bay, yo te byen kontan voye kèk bagay materyèl pou frè ak sè ki t ap viv nan Jide yo (Tra. 11:27-30; 20:35). Annapre, apot Pòl te ankouraje frè ak sè nan vil Korent yo pou yo soutni travay pote sekou a, yon travay ki t ap fèt nan lòd (2 Kor. 9:1-15). Nan epòk pa nou an, lè gen kèk sitiyasyon ki fè frè ak sè n yo vin nan bezwen, òganizasyon an reyaji byen vit pou yo ka jwenn sa yo bezwen, e gen kèk kretyen ki konn reyaji konsa tou.
JEWOVA METE NOU APA POU NOU FÈ VOLONTE L
12 Nou fòme yon fanmi ki ini sou tout tè a e nou òganize pou nou fè volonte Jewova. Nan epòk n ap viv la, volonte l se pou sèvitè l yo preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan sou tout tè a kòm yon temwayaj pou tout nasyon (Mat. 24:14). Pandan n ap fè travay sa a, Jewova vle pou nou toujou gen yon konduit ki pa depaman ak prensip moral li yo ki wo nivo (1 Pyè 1:14-16). Nou dwe dispoze soumèt youn devan lòt epi travay ansanm pou nou ka kontinye gaye bon nouvèl la (Efe. 5:21). Epòk n ap viv la, se pa yon epòk pou n ap konsantre sèlman sou aktivite pèsonèl nou, men se yon epòk pou n bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou (Mat. 6:33). Si nou kenbe sa nan tèt nou, pandan n ap travay nan tèt ansanm pou nou gaye bon nouvèl la, sa ap pèmèt nou jwenn satisfaksyon depi kounye a e sa ap fè nou jwenn benediksyon pou toutan.
13 Antanke Temwen Jewova, nou se yon pèp Bondye mete apa ki pwòp e ki chofe nan sèvis li. Pa gen okenn lòt pèp ki tankou nou (Tit 2:14). Adorasyon n ap bay Jewova a fè nou diferan. Nonsèlman nou travay kòtakòt ak frè ak sè n yo ki sou tout tè a, men tou, nou pale yon sèl lang, lang verite a, e nou aplike sa n ap anseye yo nan lavi nou. Pa mwayen pwofèt Sofoni, Jewova te fè konnen t ap gen yon pèp konsa. Men sa l te di: “M ap fè pèp yo pale yon lang ki pwòp, pou yo tout ka louwe non m, ki se Jewova, e pou yo sèvi m kòtakòt.” — Sof. 3:9.
14 Apre sa, Jewova te enspire pwofèt Sofoni pou l pale de yon fanmi entènasyonal ki vin yon reyalite jodi a. Men sa pwofèt la te di: “Rès moun ki nan pèp Izrayèl la pap fè sa ki pa bon, yo pap bay manti, ni yo pap twonpe moun ak lang nan bouch yo. Yo pral manje e yo pral kouche, e pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè.” (Sof. 3:13). Lefètke nou vin konprann Pawòl verite a, ki se Pawòl Jewova, nou chanje fason nou panse e nou konfòme vi nou ak prensip Jewova yo, nou vin kapab travay nan tèt ansanm. Sa nou akonpli a se yon bagay pifò moun panse ki enposib. Wi, vrèmanvre, nou se pèp Bondye, yon pèp li mete apa pou li e ki fè l jwenn glwa sou tout tè a. — Miche 2:12.