BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ypq kesyon 5 p. 15-17
  • Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad nan lekòl?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad nan lekòl?
  • Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa m ka fè si pitit mwen ap sibi brimad?
    Èd pou fanmi
  • Konte sou Jewova lè n ap fè fas ak yon moun k ap ban nou brimad
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Ki jan m ka pwoteje tèt mwen nan lekòl la?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
Gade plis
Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
ypq kesyon 5 p. 15-17
Yon ti gason ap pran brimad nan men yon lòt devan lòt elèv yo.

KESYON 5

Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad nan lekòl?

POUKISA SIJÈ SA A ENPÒTAN?

Fason w reyaji ka amelyore sitiyasyon an oswa fè l vin pi mal.

KI SA OU MENM OU T AP FÈ?

Imajine sitiyasyon sa a: Thomas pa anvi al lekòl ni jodi a ni demen ni okenn lòt lè. Rezon an se paske sa gen twa mwa gen kèk elèv nan lekòl li ki te gaye yon seri vye rimè sou li. Apre sa, yo te kòmanse ba l non. Pafwa, youn nan yo fè espre li lage klasè ki nan men l lan atè, epi li pran pòz se pa fòt li. Gendelè tou youn ba l yon tabòk dèyè tèt e lè l vire li pa ka wè kiyès ki ba li l. Men, brimad yè a te pi grav, yo te fè l menas sou Entènèt...

Si se ou ki te Thomas, ki sa w t ap fè?

FÈ YON TI REFLECHI

Gen kèk bagay ou ka fè! Anfèt, ou ka fè moun k ap ba w brimad la ret trankil san w pa goumen avè l. Ki jan w ka fè sa?

  • PA REYAJI. Labib di: “Yon moun ki sòt fè konnen tout sa k nan kè l, men, moun ki gen sajès la pran san l pou l kontwole tèt li.” (Pwovèb 29:11). Si w rete kalm, menmsi se sèlman yon aparans, moun k ap ba w brimad yo ka kite sa.

  • PA TIRE REVANJ. Labib di: “Pa rann pèsonn mal pou mal.” (Women 12:17). Lè w chèche tire revanj, w ap fè sitiyasyon an vin pi mal.

  • EVITE MET TÈT OU NAN PWOBLÈM. Labib di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” (Pwovèb 22:3). Toutotan sa posib, evite rankontre ak moun ki ka ba w brimad, epi evite mete tèt ou nan sitiyasyon kote moun ka ba w brimad.

  • ESEYE BAY YON REPONS MOUN NAN PA T AP ATANN. Labib di: “Yon repons ki dous kalme kòlè.” (Pwovèb 15:1). Ou kapab menm eseye fè blag ak sa. Pa egzanp, si yon moun k ap ba w brimad di w ou twò gwo, ou ka monte zepòl ou epi w di: “Wi, m panse m ta dwe pèdi yon ti pwa!”

  • AL FÈ WOUT OU. Men sa Nora, yon jèn ki gen 19 an, di: “Lè w pa di anyen, sa montre ou gen matirite e ou pi djanm pase moun k ap ba w brimad la. Sa montre ou gen metriz, yon kalite moun k ap ba w brimad la pa genyen.” — 2 Timote 2:24.

  • CHÈCHE GEN PLIS KONFYANS NAN TÈT OU. Byen souvan, li fasil pou moun k ap bay moun brimad yo rive wè ki moun ki pa kwè nan tèt yo e ki petèt pap fè anyen pou defann yo. Men, anpil nan moun k ap bay brimad yo konn bay vag si yo wè ou pa okipe yo.

  • PALE DE SA AK YON MOUN. Gen yon ansyen pwofesè ki di: “M ap ankouraje kèlkeswa moun y ap bay brimad la pou l pale sa ak yon lòt moun. Se pi bon bagay ou ka fè e sa ka evite yon lòt moun sibi brimad.”

Yon jèn gason ki gen konfyans nan tèt li kanpe tennfas devan moun k ap ba l brimad la.

Si w gen konfyans nan tèt ou, w ap gen yon fòs moun k ap bay brimad la pa genyen.

ÈSKE W TE KONNEN?

Apa de atak fizik, brimad ka gen ladan yo:

  • Pawòl ki sot nan bouch yon moun k ap bay brimad tankou dife.

    Pawòl blesan. “M pap janm bliye non yo te ban m yo ak pawòl yo te konn di m yo. Yo te fè m santi mwen pa gen okenn valè, moun pa bezwen m e mwen pa itil anyen. Pito yo te ban m kou.” — Celine, 20 an.

  • Yon jèn gason chita poukont li paske lòt jèn yo ap evite l.

    Yo pa fè zanmi avè w. “Elèv yo nan lekòl la te kòmanse evite m. Lè nou nan rekreyasyon, yo te konn fè kòmsi pa gen plas kote yo a ankò pou m te ka pa chita avè yo. Mwen te fè tout ane a ap kriye e m te konn ret poukont mwen nan rekreyasyon.” — Haley, 18 an.

  • Yon jèn gason rale yon bak devan ekran yon òdinatè apre l te fin viktim brimad sou Entènèt

    Brimad sou Entènèt. “Ak kèk klik sèlman, ou ka detwi repitasyon yon moun, oswa lavi l. Sa ka sanble egzajere, men sa kapab rive!” — Daniel, 14 an.

YON TI TÈS SOU BRIMAD

WI OU NON

REPONS

1 Brimad egziste depi plizyè milye ane.

1 Wi. Pa egzanp, Bib la pale de Nefilim yo kòm yon gwoup moun non yo vle di: “Moun k ap lage moun atè.” — Jenèz 6:4.

2 Brimad se jis yon ti fawouch, se pa anyen ki mal.

2 Non. Brimad se youn nan bagay ki lakòz anpil jèn touye tèt yo.

3 Pi bon fason pou w fè yo sispann ba w brimad se goumen.

3 Non. Byen souvan, moun k ap bay moun brimad yo gen plis fòs pase moun k ap sibi brimad yo. Donk, sa pa itil anyen pou w goumen.

4 Si w wè y ap bay yon moun brimad, li pi bon pou w fè kòmsi ou pa wè anyen.

4 Non. Nan ka sa a, pa gen anyen ki pi mal pase yon moun ki jis kanpe la ap gade san l pa fè anyen. Si w wè y ap bay yon moun brimad e ou pa di anyen, ou ka fè bagay yo vin pi mal olye se ranje ou ranje yo.

5 Malgre aparans, moun k ap bay brimad yo byen souvan se moun ki manke konfyans nan tèt yo.

5 Wi. Byenke gen kèk nan moun k ap bay moun brimad yo ki kwè nan tèt yo, anpil ladan yo manke konfyans nan tèt yo e yo renmen kraze lòt moun pou yo ka santi yo byen.

6 Moun k ap bay moun brimad yo kapab chanje.

6 Wi. Moun k ap bay moun brimad yo kapab chanje fason yo panse ak fason yo aji si yo jwenn èd.

SA M KONTE FÈ

  • Si m ap fè fas ak moun k ap ban m brimad, ki sa m ap di oswa ki sa m ap fè?

JWENN PLIS ENFÒMASYON

Reziste kont yon moun k ap ba w brimad san w pa fè vyolans sou li

Gade videyo Venk yon moun k ap ba w brimad san batay! W ap jwenn li sou www.jw.org/ht. (Gade anba SA BIB LA ANSEYE > JÈN YO)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje