BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 12
  • Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa brimad ye?
  • Poukisa yo bay lòt moun brimad?
  • Ki kalite moun ki ka sibi brimad pi fasil?
  • Ki sa w ka fè si w ap sibi brimad?
  • Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad nan lekòl?
    Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa m ka fè si pitit mwen ap sibi brimad?
    Èd pou fanmi
  • Konte sou Jewova lè n ap fè fas ak yon moun k ap ban nou brimad
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Ki jan m ka pwoteje tèt mwen nan lekòl la?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 12

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad?

  • Ki sa brimad ye?

  • Poukisa yo bay lòt moun brimad?

  • Ki kalite moun ki ka sibi brimad pi fasil?

  • Ki sa w ka fè si w ap sibi brimad?

Li konsèy kèk jèn bay ak sa yon pwofesè di sou brimad, epi, fè yon ti tès sou brimad.

Brimad se yon bagay ki grav. Selon yon etid yo fè nan Grann Bretay, plis pase 40 pousan nan jèn medya nasyonal yo rapòte ki te touye tèt yo se jèn ki te sibi brimad.

Ki sa brimad ye?

Brimad gen ladan l plis pase atak fizik. Li ka gen bagay ki vin apre yo ladan l tou:

  • Pawòl blesan. Men sa Celine, ki gen 20 an, fè konnen: “Pafwa, medam yo ka matirize w ak pawòl ki sot nan bouch yo. M pap janm bliye non yo te konn ban m ak pawòl yo te konn di m yo. Yo te fè m santi m pa gen okenn valè, moun pa bezwen m e m pa itil anyen. Pito yo te ban m kou.”

  • Yo pa fè zanmi avè w. Haley, yon jèn ki gen 18 an, fè konnen: “Elèv nan lekòl la te kòmanse evite m. Nan rekreyasyon, yo te konn fè kòmsi pa gen plas kote yo a ankò pou m ka pa chita ak yo. M te fè tout ane a ap kriye e m te konn ret poukont mwen.”

  • Brimad sou Entènèt. Men sa Daniel, ki gen 14 an, di: “Ak kèk klik sèlman, ou ka detwi repitasyon oswa lavi yon moun. Sa parèt egzajere, men, sa kapab rive!” Brimad sou entènèt gen ladan l sèvi ak telefòn pou voye foto oswa mesaj tèks pou fè lòt moun wont.

Poukisa yo bay lòt moun brimad?

Men kèk nan rezon ki fè sa.

  • Yo menm tou yo te sibi brimad. Gen yon jèn gason ki rele Antonio ki di: “M te tèlman santi m fatige dèske lòt jèn parèy mwen te konn maltrete m opwen m te kòmanse bay kèk jèn brimad jis pou yo te ka aksepte m. Annapre, m te vin rann mwen kont jan sa m t ap fè yo pa t bon.”

  • Yo pa gen bon modèl. Men sa Jay McGraw te ekri nan yon liv: “Souvan, jèn k ap brimad yo ap imite lòt moun. [...] Yo imite fason paran yo, gran frè ak gran sè yo oswa lòt moun nan fanmi yo ap trete lòt moun.” — Strateji pou fè fas ak moun k ap bay brimad (anglè).

  • Yo aji kòmsi yo pi fò alòske yo fèb. Men sa Barbara Coloroso fè konnen nan yon liv li ekri: “Timoun k ap bay brimad yo vle montre yo pi fò, men, byen souvan se kache y ap kache jan y ap soufri pa anndan.” — Moun k ap bay brimad, moun k ap pran ak moun k ap gade (anglè).

Ki kalite moun ki ka sibi brimad pi fasil?

  • Jèn ki izole tèt yo. Gen kèk jèn, akoz li difisil pou yo fè zanmi, ki konn izole tèt yo, e konsa, yo vin tounen bon sib pou moun k ap bay brimad yo.

  • Jèn ki parèt diferan. Gen kèk jèn ki viktim brimad akoz aparans yo, ras yo, relijyon yo oswa menm paske yo gen yon andikap. Moun k ap bay brimad yo ka sèvi ak nenpòt nan rezon sa yo.

  • Jèn ki manke konfyans nan tèt yo. Li fasil pou moun k ap bay brimad yo rive wè kiyès ki pa gen konfyans nan tèt li. Byen souvan, yo se sib fasil piske yo pap fè anyen pou defann yo.

Ki sa w ka fè si w ap sibi brimad?

  • Pa reyaji. Gen yon jèn fi, ki rele Kylie, ki di: “Moun k ap bay brimad yo vle konnen y ap fè w soufri. Si w rete kalm, y ap kite sa.” Bib la di: “Moun ki gen sajès la pran san l pou l kontwole tèt li.” — Pwovèb 29:11.

  • Pa tire revanj. Lè w tire revanj, sa pap rezoud pwoblèm nan, okontrè, l ap fè l vin pi mal. Bib la di: “Pa rann pèsonn mal pou mal.” — Women 12:17; Pwovèb 24:19.

  • Evite met tèt ou nan pwoblèm. Toutotan sa posib, evite moun ki ka ba w brimad ak sitiyasyon ki ka fè yo ba w brimad. — Pwovèb 22:3.

  • Eseye bay yon repons moun nan pa t ap atann. Bib la di: “Yon repons ki dous kalme kòlè.” — Pwovèb 15:1.

  • Fè blag ak sa. Pa egzanp, si yon moun k ap ba w brimad di w twò gwo, ou ka monte zepòl ou epi w di: “Wi, m panse m ta dwe pèdi yon ti pwa!”

  • Al fè wout ou. Men sa Nora, ki gen 19 an, di: “Lè w pa di anyen, ou montre w gen matirite e w pi djanm pase moun k ap ba w brimad la. Konsa, ou montre w gen metriz, yon kalite moun k ap ba w brimad la pa genyen.”

  • Chèche gen plis konfyans nan tèt ou. Men sa yon jèn fi ki rele Rita fè konnen: “Moun k ap bay brimad yo remake lè w strese e yo ka sèvi ak sa pou fè w pèdi konfyans nan tèt ou.”

  • Pale de sa ak yon moun. Selon yon ankèt, gen plis pase mwatye nan moun ki jwenn brimad sou Entènèt yo ki pa pale de sa ak lòt moun, petèt paske yo wont (sitou gason yo) oswa yo pè pou sa k ka rive yo. Men, pa bliye, moun k ap bay brimad yo vle w fè silans pou yo ka kontinye. Lè w pale de sa, se kapab premye etap pou yo sispann ba w brimad.

Konsèy kèk jèn bay

“Evite tout kote oswa nenpòt sitiyasyon ki ka fè l fasil pou yo ba w brimad. Anplis de sa, pa bliye moun k ap bay brimad yo gen pwòp pwoblèm pa yo. Lè w konn sa, sa yo di yo pap tèlman fè w mal.” — Antonio.

“Gen konfyans nan tèt ou. Pa pè defann sa w kwè. Anpil nan moun k ap bay brimad yo konn sispann lè yo wè w pa kite yo pran pye sou ou ni w pa pè yo.” — Jessica.

Sa yon pwofesè di

“Brimad se yon pwoblèm serye. Nan lekòl m te konn anseye yo, goumen te konn eklate nan sal la menm pami elèv ki nan klas elemantè yo! Gen kèk timoun ki vle bay brimad paske sa fè yo santi yo popilè e yo gen kontwòl tout bagay.

“Souvan, moun ki sibi brimad yo konn pè pale paske yo pè pou moun k ap bay brimad yo pa vin koresponn ak yo oswa pou kamarad lekòl yo pa pran yo pou jouda. Anplis de sa, yo ka ap mande tèt yo si y ap fè moun k ap bay brimad la yon bagay vre. Aktout sa, m ap ankouraje nenpòt moun k ap sibi brimad pou l pale de sa. Se pi bon bagay ou ka fè e sa ka evite yon lòt moun pran brimad.” — Jenilee, yon ansyen pwofesè Ozetazini.

Yon ti tès sou brimad

Wi ou Non

  1. Brimad egziste depi plizyè milye ane.

  2. Brimad se jis yon ti fawouch, se pa anyen ki mal.

  3. Pi bon fason pou w fè yo sispann ba w brimad se goumen.

  4. Se fòt ou si w ap sibi brimad.

  5. Gen kèk moun ki tonbe nan bay brimad paske yo te konn pran brimad.

  6. Si w wè y ap bay yon moun brimad, li pi bon pou w fè kòmsi w pa wè.

  7. Malgre aparans, byen souvan, moun k ap bay brimad yo manke konfyans nan tèt yo.

  8. Moun k ap bay brimad yo ka chanje.

REPONS

  1. Wi. Pa egzanp, Bib la pale de Nefilim yo e l fè konnen non yo vle di: “Moun k ap lage moun atè.” — Jenèz 6:4.

  2. Non. Brimad ka met lavi yon moun an danje. Malerezman, gen kèk jèn ki touye tèt yo akoz yo te konn sibi twòp brimad.

  3. Non. Byen souvan, moun k ap bay brimad yo gen plis fòs pase viktim yo. Donk, goumen pap itil anyen.

  4. Non. Pa gen pèsonn ki merite pou yo ba l brimad. Se moun k ap bay brimad la sèlman ki responsab.

  5. Wi. Malerezman, gen kèk moun k al pase strès yo sou lòt moun lè yo fè yo menm sa yo te konn sibi yo.

  6. Non. Pa gen anyen ki pi mal pase lè yon moun jis kanpe l ap gade san l pa fè anyen. Si w wè y ap bay yon moun brimad e w pa di anyen, ou ka fè bagay yo vin pi mal olye w ranje yo.

  7. Wi. Byenke kèk nan moun k ap bay brimad yo panse yo djanm, anpil nan yo manke konfyans nan tèt yo e yo renmen kraze lòt moun pou yo ka santi yo byen.

  8. Wi. Moun k ap bay brimad yo ka chanje fason yo panse ak fason yo aji si yo jwenn èd. — Efezyen 4:23, 24.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje