BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ypq kesyon 10 p. 30-31
  • Ki jan Bib la kapab ede m?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan Bib la kapab ede m?
  • Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
  • Sou menm sijè a
  • Byen ak mal: Yon kesyon ki konsène nou tout
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
  • Ki jan w konsidere Bib la?
    Ki jan w konsidere Bib la?
  • Plis èd pou fanmi
    Reveye n! — 2018
  • Plis èd pou paran yo
    Reveye n! — 2019
Gade plis
Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
ypq kesyon 10 p. 30-31
Yon jèn gason chita anba yon pyebwa e l ap li Labib.

KESYON 10

Ki jan Bib la kapab ede m?

POUKISA SIJÈ SA A ENPÒTAN?

Labib di “tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo”. (2 Timote 3:16.) Si se vre, Labib ka ban nou direksyon nou bezwen.

KI SA OU MENM OU T AP FÈ?

Imajine sitiyasyon sa a: David ap kondui nan yon zòn li pa konnen menm. Lè l ap gade pano sikilasyon yo, li pa ka wè ki kote l ye. Li rann li kont li pèdi. Sanble wout li fè a se pa li l te dwe fè.

Si se ou ki te David, ki sa w t ap fè?

FÈ YON TI REFLECHI

Ou gen plizyè opsyon:

  1. Mande yon moun ki wout pou w fè.

  2. Sèvi ak yon kat osinon yon GPS.

  3. W ap kontinye kondui toutpandan w espere w ap jwenn yon wout ou konnen.

Li klè, se opsyon C a ki mwens pratik.

Opsyon B a gen yon avantaj sou premye a paske si w gen yon kat osinon yon GPS, ou ka toujou gade ladan l pou w jwenn direksyon pandan vwayaj la.

Nan menm sans lan, Bib la, liv yo plis vann nan, kapab ede w!

Li kapab

  • ede w lè w gen pwoblèm

  • ede w pi byen konn tèt ou epi vin yon pi bon moun

  • montre w pi bon fason pou w viv la

REPONS KÈK KESYON ENPÒTAN MOUN KONN POZE SOU LAVI A

Depi lè nou toupiti n ap poze kesyon.

  • Sa k fè syèl la ble?

  • Ak ki sa yo fè zetwal yo?

Lè nou vin gran, nou poze kesyon sou lavi a.

  • Poukisa malè rive?

  • Poukisa moun mouri?

E si repons kesyon sa yo te toujou la nan Bib la?

Gen anpil moun ki di Bib la gen anpil manti ak blòf ladan l. Genyen ki di li pa pou jenerasyon nou an oswa li twò difisil pou moun konprann. Men, èske se Bib la vre ki gen yon pwoblèm? Èske se pa sa moun yo te tande sou Bib la ki pwoblèm nan? Èske se pa move enfòmasyon yo genyen sou li?

Pa egzanp, gen moun ki panse Bib la anseye monn nan anba pouvwa Bondye. Men, kòman pou sa ta posib? Monn tèt anba sa a. Yon monn ki plen ak moun ki nan lapenn e k ap soufri. Yon monn kote moun ap malad e y ap mouri. Kote mizè ak katastwòf fè kenken. Kòman yon Bondye lanmou ta ka responsab tout bagay sa yo?

Ou pa ta renmen jwenn repons kesyon sa a? Ou ka sezi wè kiyès Bib la di k ap dirije monn nan!

Siman w remake enfòmasyon ki nan bwochi sa a baze sou Bib la. Temwen Jewova yo gen konviksyon Bib la se yon gid nou ka fè konfyans. Rezon an se paske tout sa ki nan Bib la se “Bondye ki enspire yo, e yo itil pou anseye, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat”. (2 Timote 3:16, 17.) L ap bon pou w analize liv sa a ki la lontan e ki toujou itil jodi a!

JWENN PLIS ENFÒMASYON

Poukisa nou dwe etidye Labib?

Gade videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? W ap jwenn li sou www.jw.org/ht.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje