BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 21 p. 54-p. 55 par. 1
  • Dizyèm flewo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Dizyèm flewo a
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Moyiz ak Arawon wè ak Farawon
    Liv istwa biblik mwen an
  • Twa premye flewo yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yon move wa ap gouvène Ejip
    Liv istwa biblik mwen an
  • Moyiz chwazi adore Jewova
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 21 p. 54-p. 55 par. 1
Yon Izrayelit k ap mete san sou chanbrann ak lento pòt kay li.

LESON 21

Dizyèm flewo a

Moyiz te pwomèt Farawon li pap chèche wè l ankò. Men, anvan Moyiz kite Farawon, li te di l: ‘A minui, tout premye pitit gason ki fèt nan peyi Ejip yo ap mouri, kit se pitit gason Farawon, kit se pitit gason yon esklav.’

Jewova te mande Izrayelit yo fè yon manje espesyal. Li te di: ‘Touye yon mal mouton oswa yon bouk kabrit ki gen ennan, epi, met yon pati nan san l pa anlè pòt kay nou ak sou kote pòt la. Boukannen vyann nan e manje l ak pen san ledven. Ret tou abiye, ak sandal nan pye nou, tou pare pou n ale. Aswè a, m ap libere nou.’ Èske w ka imajine jan Izrayelit yo te kontan?

Kou l fè minui, zanj Jewova a t al nan tout kay nan peyi Ejip. Si yon moun pa t met san bèt pa anlè pòt kay li ak sou kote pòt la, premye pitit gason ki anndan kay sa a t ap mouri. Men, se sèl kay ki te gen san sou pòt yo zanj lan te kite. Chak fanmi Ejipsyen, rich kou pòv, te pèdi yon pitit. Men, pa t gen okenn timoun Izrayelit ki te mouri.

Menm pitit gason Farawon te mouri. Sa te vin twòp pou Farawon. Menm kote a, li di Moyiz ak Arawon: ‘Leve. Soti la a. Ale, al adore Bondye nou an. Pran bèt nou yo, epi ale!’

Jou sa a, lalin nan te plenn, Izrayelit yo te soti nan peyi Ejip, yo te fè plizyè gwoup selon fanmi yo ak tribi yo. Te gen 600 000 gason izrayelit, yon pakèt fi ak anpil timoun avèk yo. Epitou, te gen yon pakèt lòt moun ki t al avèk yo pou y al adore Jewova tou. Izrayelit yo te resi delivre!

Pou yo te ka sonje ki jan Jewova te sove yo, yo t ap gen pou yo fè menm manje espesyal yo te fè jou swa sa a chak ane. Yo te rele fèt sa a fèt Pak.

Izrayelit yo k ap soti nan peyi Ejip.

“Men pou ki rezon mwen kite w la toujou: pou m sèvi avè w kòm egzanp pou m montre pisans mwen e pou yo ka fè konnen non m sou tout tè a.” — Women 9:17.

Kesyon: Ki sa dizyèm flewo a te ye? Ki sa Izrayelit yo te dwe fè pou malè sa a pa t tonbe sou yo?

Egzòd 11:1–12:42; 13:3-10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje