BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 22 p. 56-p. 57 par. 4
  • Mirak ki te fèt nan Lanmè Wouj la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mirak ki te fèt nan Lanmè Wouj la
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Yo travèse lanmè Wouj la
    Liv istwa biblik mwen an
  • “ Kenbe fèm e n ap wè delivrans Jewova ap bay la ”
    Atik n ap etidye ki soti nan Toudegad anglè desanm 2007
  • Èske w wè “Sila a ki envizib la”?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Moyiz chwazi adore Jewova
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 22 p. 56-p. 57 par. 4
Farawon ak lame l la.

LESON 22

Mirak ki te fèt nan Lanmè Wouj la

Kou Farawon tande Izrayelit yo kite peyi Ejip, li regrèt li te voye yo ale. Li bay sòlda l yo lòd, li di yo: ‘Prepare tout charyo nou konn al nan lagè yo, epi ann al dèyè yo! Nou pa t dwe kite yo ale.’ Li menm ak mesye l yo te kòmanse kouri dèyè Izrayelit yo.

Jewova te sèvi ak yon nyaj lajounen e ak yon dife nan lannuit pou l gide pèp li a. Li te mennen yo bò Lanmè Wouj, e li te di yo pou yo monte tant yo la.

Epi, Izrayelit yo te wè Farawon ak lame l la k ap kouri dèyè yo. Yo te vin twouve yo ant lanmè a ak lame ejipsyen an. Yo te rele byen fò, yo t ap di Moyiz: ‘Nou pral mouri! Ou te dwe kite nou nan peyi Ejip.’ Men, Moyiz di yo: ‘Nou pa bezwen pè. Ret tann pou n wè jan Jewova pral sove nou.’ Èske w wè jan Moyiz te fè Jewova konfyans?

Jewova te mande Izrayelit yo pou yo deplase. Jou swa sa a, Jewova te deplase nyaj la e l te mete l ant Ejipsyen yo ak Izrayelit yo. Te gen fènwa nan bò Ejipsyen yo. Men, bò Izrayelit yo te byen klere.

Jewova te di Moyiz pou l lonje men l sou lanmè a. Epi, Jewova te fè yon gwo van soufle pandan tout nuit lan. Lanmè a te fann de bò, e te vin gen yon wout nan mitan lanmè a. Te gen plizyè milyon Izrayelit. Yo te mache sou tè sèk nan mitan de miray dlo yo pou y al sou lòt bò lanmè a.

Izrayelit yo k ap mache nan mitan lanmè a sou tè sèk ak dlo ki tankou miray sou chak bò yo.

Lame Farawon an te kouri dèyè Izrayelit yo rive jis nan mitan lanmè a sou tè sèk. Se konsa, Jewova te fè sòlda yo nan lame a pa konn sa pou yo fè. Wou charyo yo te kòmanse rache. Sòlda yo te pran rele: ‘Ann soti la a! Jewova ap goumen pou yo.’

Jewova di Moyiz: ‘Lonje men w sou lanmè a.’ Menm kote a, miray dlo yo kouvri lame ejipsyen an. Farawon te mouri ansanm ak tout mesye l yo. Pa gen youn ladan yo ki te chape.

Sou lòt bò lanmè a, te gen yon gwo foul moun ki t ap chante louwanj pou Bondye, yo t ap di: “Chante pou Jewova, paske li ranpòte yon kokennchenn viktwa. Li lage cheval la ak moun ki te sou li a nan lanmè.” Pandan moun yo t ap chante, medam yo t ap danse e yo t ap jwe tanbouren. Kounye a, tout moun yo te kontan anpil paske yo te lib toutbon.

“Konsa, n ap kapab gen anpil kouraj e n ap kapab di: ‘Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?’” — Ebre 13:6.

Kesyon: Ki sa k te rive nan Lanmè Wouj? Ki jan Jewova te sove Izrayelit yo?

Egzòd 13:21–15:21; Neyemi 9:9-11; Sòm 106:9-12; 136:11-15; Ebre 11:29.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje