“ Kenbe fèm e n ap wè delivrans Jewova ap bay la ”
“ Jewova bò kote m. Mwen pap pè. Ki sa lòm ki soti nan pousyè ka fè m ? ” — SÒM 118:6.
1. Ki evènman terib lèzòm pral viv talè konsa ?
TALÈ konsa, lèzòm pral viv yon seri evènman yo pa t janm wè anvan. Nan pwofesi Jezi te bay konsènan epòk nou an, men avètisman li te bay disip li yo : “ Pral gen yon gwo tribilasyon, pa t janm gen youn konsa depi nan kòmansman lemonn jiska prezan, non, e pap janm gen youn konsa ankò. Si yo pa t rakousi jou sa yo, okenn chè pa t ap sove. Men akoz moun yo chwazi yo, yo va rakousi jou sa yo. ” — Matye 24:21, 22.
2. Ki sa k anpeche gwo tribilasyon an deklanche ?
2 Byenke moun pa wè sa, gen zanj nan syèl la ki anpeche gwo tribilasyon an deklanche kounye a. Grasa yon revelasyon Jezi te bay Jan, apot la te gen privilèj konprann pou ki rezon zanj sa yo anpeche evènman sa a fèt. Men deskripsyon apot Jan, ki te nan yon laj avanse, te fè : ‘ Mwen wè kat zanj ki kanpe nan kat kwen tè a, yo kenbe kat van tè a [...]. E mwen te wè yon lòt zanj ki soti nan direksyon solèy leve a, li te gen yon so vrè Dye a, e ak yon vwa fò li pale ak kat zanj yo, li di yo : “ Pa fè ni latè ni lanmè a ni pyebwa yo ditò, jiskaske nou fin sele esklav Bondye yo nan fwon yo. ” ’— Revelasyon 7:1-3.
3. Ki sa k ap rive an premye lè gwo tribilasyon an deklanche ?
3 Lè a prèske rive pou yo met so final la sou “ esklav Bondye ” ki wen yo. Kat zanj yo pare pou yo lage kat van ki pral lakòz destriksyon an. Ki sa k ap rive lè sa a ? Gen yon zanj ki reponn kesyon sa a : “ Yon sèl kou y ap voye Babilòn, gwo vil la, jete, e yo pap janm jwenn li ankò. ” (Revelasyon 18:21). Ala yon bèl rejwisans ki pral gen nan syèl la lè sa fèt, lè anpi mondyal fo relijyon an detwi ! — Revelasyon 19:1, 2.
4. Ki evènman ki gen pou rive talè konsa ?
4 Tout nasyon ki sou tè a pral met tèt yo ansanm kont pèp Jewova a. Èske nasyon sa yo ap rive detwi vrè kretyen yo ? Aparamman, se kòmsi yo ta ka fè sa. Men gade ! Gen plizyè lame zanj ki sot nan syèl la k ap suiv Jezi Kris, yo pral aji yon fason pou yo detwi lame lèzòm ap dirije yo (Revelasyon 19:19-21). Finalman, y ap lage Satan ak zanj li yo nan yon abim kote yo pap aktif. Yo pap ka egare lèzòm ankò paske y ap mare yo pou mil an. Ala yon kokenn soulajman sa pral ye pou gwo kantite moun k ap chape anba gwo tribilasyon an ! — Revelasyon 7:9, 10, 14 ; 20:1-3.
5. Ki jwa k ap tann moun ki rete fidèl anvè Jewova yo ?
5 Talè konsa, nou pral viv evènman sa yo k ap estrawòdinè e k ap enpresyonan. Yo tout gen rapò ak jistifikasyon souvrènte inivèsèl Jewova. Reflechi sou asirans sa a nou genyen : Si nou rete fidèl anvè Jewova e si nou soutni souvrènte l, n ap gen okazyon patisipe nan sangtifikasyon non Jewova ak nan reyalizasyon objektif li. Se pa ti kontan nou pral kontan lè sa a !
6. Pou nou ka prepare nou pou evènman ki gen pou vini byento yo, ki sa nou pral egzamine ?
6 Èske nou pare pou evènman estrawòdinè sa yo ? Èske nou gen lafwa nan pouvwa Jewova genyen pou l delivre sèvitè l yo ? Èske nou gen konfyans Bondye ap la pou l ede nou nan moman n ap plis bezwen èd li, e se pi bon fason an l ap fè sa ? Pandan nou chak ap reponn kesyon sa yo, sonje pawòl sa yo apot Pòl te di kretyen ki te nan vil Wòm yo : “ Tout bagay ki te ekri nan tan lontan yo te ekri pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo. ” (Women 15:4). Pami bagay ki te ekri pou enstriksyon nou, bagay ki ban nou rekonfò ak esperans, nou gen istwa ki rakonte sa k te pase nan epòk Jewova te delivre Izrayelit yo anba jouk terib Ejipsyen yo ki t ap oprime yo. Si nou byen egzamine evènman estrawòdinè sa yo pou nou wè fason Jewova te delivre Izrayelit yo, n ap jwenn anpil ankourajman pandan n ap tann gwo tribilasyon an k ap apwoche rapidman.
Jewova delivre pèp li a
7. Nan ane 1513 anvan epòk nou an, ki sitiyasyon ki te bay anpil tansyon ki te gen ann Ejip ?
7 Nan ane 1513 anvan epòk nou an, Jewova te deja lage nèf plè sou Ejipsyen yo. Apre nevyèm plè a, Farawon te pran Moyiz agrap, e pou l chase l li te di l pawòl sa yo : “ Soti devan m ! Fè atansyon ! Pa chèche wè m ankò, paske lejou w vin devan m, w ap mouri ”. Moyiz reponn li : “ Se ap jan w di a. Mwen pap janm chèche wè w ankò. ” — Egzòd 10:28, 29.
8. Ki enstriksyon Bondye te bay Izrayelit yo pou yo te ka chape, e ki sa k te rive ?
8 Jewova te fè Moyiz konnen li t apral frape Farawon ansanm ak tout Ejipsyen yo ak yon lòt plè, se t ap dènye plè a. Nan 14èm jou nan mwa Abib (Nizan), tout premye pitit Ejipsyen yo t apral mouri ansanm ak tout premye pitit bèt Ejipsyen yo te genyen. Men tout moun ki te nan kay Izrayelit yo t ap chape si yo te byen suiv enstriksyon Bondye te ba yo. Yo te dwe pran enpe nan san yon mal mouton, yo te dwe pase l sou de montan pòt kay yo e yo te dwe rete anndan kay yo. Ki sa k te pase pandan nuit sa a ? Annou kite Moyiz li menm di sa k te pase : “ Lè l te minui, Jewova te frape tout premye pitit nan peyi Ejip. ” Farawon te reyaji rapidman. Li rele Moyiz ak Arawon, li di yo : “ Leve, soti nan mitan pèp mwen an, [...] epi al sèvi Jewova jan nou di l la. ” Izrayelit yo te ale imedyatman. Petèt te gen plis pase twa milyon Izrayelit, e te gen “ yon gwo kantite moun tout kalite ” ki pa t Izrayelit ki te ale avèk yo. — Egzòd 12:1-7, 29, 31, 37, 38.
9. Nan ki wout Jewova te fè Izrayelit yo pase lè yo t ap kite peyi Ejip, e poukisa ?
9 Wout ki te pi kout pou Izrayelit yo te pran se wout ki te pase bò Lanmè Meditèrane a e ki travèse peyi Filisten yo. Men tèritwa sa yo se te tèritwa peyi ki pa t zanmi Izrayelit yo. Donk, sanble Jewova te fè pèp li a pase nan chemen ki nan dezè a, chemen ki mennen nan Lanmè Wouj, pou l te evite yo antre an gè ak lòt nasyon. Byenke te gen plizyè milyon moun ki t ap mache, foul la pa t gaye. Men sa Labib rapòte : “ Lè pitit Izrayèl yo te kite peyi Ejip, yo te ranje an liy pou konba. ” — Egzòd 13:17, 18.
Gade “ delivrans Jewova ap bay la ”
10. Poukisa Jewova te di Izrayelit yo etabli kan yo devan Piyayiwòt ?
10 Apre sa, gen yon nouvo sitiyasyon ki te vin prezante. Jewova di Moyiz : “ Pale ak pitit Izrayèl yo, di yo se pou yo kase tèt tounen e se pou etabli kan yo devan Piyayiwòt, ant Migdòl ak lanmè a, anfas Baalsefòn. ” Pandan Izrayelit yo t ap suiv enstriksyon sa yo, yo vin twouve yo ant mòn yo ak yon pati nan lanmè Wouj. Sanble yo te bloke kote yo te ye a. Sepandan, Jewova te konnen sa l t ap fè. Li di Moyiz : “ Asireman, m ap kite kè Farawon vin di, wi m ap rapousuiv li e m ap sèvi ak Farawon ak tout lame l la pou m glorifye tèt mwen. Se sèten Ejipsyen yo ap konnen mwen se Jewova. ” — Egzòd 14:1-4.
11. a) Lè Izrayelit yo te kite peyi Ejip, ki sa Farawon te fè, e ki jan Izrayelit yo te reyaji ? b) Ki jan Moyiz te reponn Izrayelit yo ki t ap plenyen ?
11 Farawon te panse li fè yon erè lè l te pèmèt Izrayelit yo kite peyi Ejip. Li te chwazi 600 charyo degè pou l rapousuiv yo. Lè Izrayelit yo wè lame ejipsyen an, yo te vin pè anpil e yo te tonbe plenyen, yo te di Moyiz byen fò : “ Èske se paske pa gen kote pou antere moun ditou ann Ejip ki fè w mennen nou vin mouri isit la nan dezè a ? ” Moyiz te gen konfyans Jewova t apral delivre yo, li te reponn : “ Nou pa bezwen pè. Kenbe fèm e n ap wè delivrans Jewova ap bay la, delivrans li pral reyalize pou nou jodi a.[...] Jewova li menm ap konbat pou nou, nou menm rete an silans. ” — Egzòd 14:5-14.
12. Ki jan Jewova te delivre pèp li a ?
12 Ann amoni ak deklarasyon Moyiz te fè konsènan batay Jewova t apral mennen pou Izrayelit yo, Jewova te sèvi ak fòs sinatirèl pou l pran kontwòl sitiyasyon an. Yon fason estrawòdinè, zanj Jewova a te deplase kolòn nyaj ki t ap mache devan kan Izrayelit yo, e li te mete l pa dèyè yo. Kolòn nyaj la te lage Ejipsyen yo nan fènwa, tandiske menm kolòn nyaj sa a t ap klere Izrayelit yo (Egzòd 13:21, 22 ; 14:19, 20). Moyiz te obeyi lòd Bondye te ba li, li lonje men l sou lanmè a. Istwa a kontinye konsa : “ Jewova kòmanse fè lanmè a fè bak ak yon gwo van ki sot nan lès ki soufle pandan tout nuit lan. [...] Finalman, pitit Izrayèl yo te antre nan lanmè a, sou tè sèk. Dlo a te tankou yon miray pou yo ni sou bò dwat yo ni sou bò goch yo. ” Ejipsyen yo te toujou kontinye rapousuiv Izrayelit yo, men Jewova t ap mache bò kote pèp li a. Li te lage kan Ejipsyen yo nan konfizyon. Li di Moyiz : “ Lonje men w sou lanmè a, dekwa pou dlo a ka retounen sou Ejipsyen yo, sou charyo degè yo ak sou kavalye yo. ” Se konsa lame Farawon an te detwi nèt, pa t gen yon solda ki te ret vivan. — Egzòd 14:21-28 ; Sòm 136:15.
Leson nou ka tire nan delivrans Izrayelit yo
13. Ki jan Izrayelit yo te reyaji devan fason Jewova te delivre yo ?
13 Ki efè delivrans estrawòdinè sa a te gen sou moun ki te chape yo ? E byen, menm kote a Moyiz ak Izrayelit yo te pran chante, yo t ap louwe Jewova ! Yo t ap chante : “ M ap chante pou Jewova, paske li vin elve byen wo. [...] Jewova pral dirije kòm wa pou tan endefini, wi, pou toutan. ” (Egzòd 15:1, 18). Wi, premye bagay yo te panse fè se te egzalte Bondye. Nan sitiyasyon sa a, Jewova te demontre souvrènte l.
14. a) Ki sa nou aprann sou Jewova nan eksperyans Izrayelit yo te fè a ? b) Ki sa tèks pou ane 2008 la di ?
14 Ki leson nou tire nan evènman kaptivan sa yo ? Ki rekonfò e ki espwa yo ban nou ? Evidamman, nou kapab wè Jewova pare pou kèlkeswa eprèv pèp li a dwe afwonte. Li anmezi pou l rezoud kèlkeswa pwoblèm ki prezante. Lanmè Wouj la pa t ka bloke Izrayelit yo lè Jewova te fè yon gwo van ki sot nan lès soufle sou lanmè a. Jewova te fè menm lanmè sa a tounen tonb pou lame Farawon an. Pandan n ap reflechi sou bagay sa yo, nou kapab repete pawòl salmis lan te di a : “ Jewova bò kote m. Mwen pap pè. Ki sa lòm ki sot nan pousyè kapab fè m ? ” (Sòm 118:6). Anplis de sa, nou ka jwenn rekonfò nan pawòl sa a Pòl di nan Women 8:31 an : “ Si Bondye pou nou, kiyès k ap kont nou ? ” Se pa ti konfyans pawòl enspire sa yo ban nou ! Yo kalme kèlkeswa krent, kèlkeswa dout nou ta ka genyen e yo ranpli nou ak espwa. Nan sans sa a, se pa ti apwopriye tèks pou ane 2008 la apwopriye ! Men sa l di : “ Kenbe fèm e n ap wè delivrans Jewova ap bay la ” ! — Egzòd 14:13.
15. Poukisa li te enpòtan pou Izrayèlit yo te montre yo obeyisan lè Jewova t ap delivre yo nan peyi Ejip, e ki enpòtans sa genyen jodi a ?
15 Ki lòt bagay nou ka aprann nan Egzòd pèp Izrayèl la lè l t ap kite peyi Ejip ? Lòt leson nou tire sèke nou dwe obeyi Jewova nan kèlkeswa sa l mande nou fè. Izrayelit yo te obeyi Jewova lè yo te fè tout sa l te di yo fè pou yo prepare Pak la. Yo te obeyi lè yo te rete anndan kay yo nan lannuit 14 Nizan an. Finalman, lè yo t ap kite peyi Ejip, yo te dwe “ ranje an liy pou konba ”. (Egzòd 13:18.) Jodi a, li vrèman enpòtan pou nou suiv direksyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ap bay (Matye 24:45) ! Nou dwe koute pawòl Bondye di pa dèyè nou an avèk atansyon, pawòl ki di : “ ‘ Men chemen an. Mache ladan l ’, sizoka nou pral adwat sizoka nou pral agoch. ” (Izayi 30:21). Pandan n ap avanse pi pre deklanchman gwo tribilasyon an, nou kapab resevwa kèk enstriksyon detaye. Nan epòk difisil k ap vini an, n ap rete an sekirite si nou kontinye mache kòtakòt ak lòt sèvitè Jewova ki fidèl yo.
16. Ki sa nou aprann nan fason Bondye te dirije evènman yo lè li t ap delivre Izrayelit yo ?
16 Anplis de sa, li bon pou nou sonje Jewova te mennen Izrayelit yo nan yon zòn kote yo te santi yo pran nan pyèj ant mòn yo yon bò ak lanmè Wouj la yon lòt bò. Aparamman, yo pa t ale nan bon direksyon an. Men, Jewova te gen kontwòl tout sitiyasyon an, e tout bagay te reyisi pou glwa li e pou delivrans pèp li a. Jodi a, nou ka pa fin byen konprann poukisa se tèl fason yo regle yon kesyon ki gen rapò ak fonksyonman òganizasyon an, men nou gen tout rezon pou nou suiv direksyon Jewova ban nou pa mwayen esklav fidèl li a ki se mwayen li itilize pou l kominike ak nou. Pafwa, nou kapab gen enpresyon ènmi nou yo reyisi nan aksyon y ap mennen kont nou. Etandone nou gen yon vizyon limite, li ka rive nou pa wè tout detay ki gen nan yon sitiyasyon. Sepandan, Jewova kapab pran kontwòl sitiyasyon an nan moman ki apwopriye, menm jan li te fè sa nan tan lontan pou Izrayelit yo. — Pwovèb 3:5.
Se pou nou mete konfyans nou nan Jewova
17. Poukisa nou ka fè Bondye konfyans total lè li ban nou direksyon ?
17 Èske nou ka imajine jan Izrayelit yo te dwe santi yo an konfyans lè yo t ap reflechi sou kolòn nyaj sa a ki t ap gide yo lajounen ak sou kolòn dife a ki t ap klere yo lannuit ? Kolòn nyaj la te montre aklè “ anj vrè Dye a ” t ap gide yo nan vwayaj yo t ap fè a (Egzòd 13:21, 22 ; 14:19). Jodi a, nou kapab gen konfyans Jewova ap gide pèp li a, l ap pwoteje l e l ap delivre l. Nou ka pran pwomès sa a trèzoserye : “ Jewova [...] pap abandone fidèl li yo. San mank, l ap pwoteje yo pou tan endefini. ” (Sòm 37:28). Nou pa dwe janm bliye zanj pisan sa yo ap ede sèvitè Bondye yo jodi a. Grasa sipò yo, n ap kapab “ kenbe fèm e n ap wè delivrans Jewova ap bay la ”. — Egzòd 14:13.
18. Poukisa nou bezwen “ abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la ” ?
18 Ki sa k ap ede nou “ kenbe fèm ” nan chemen laverite ? Nou bezwen abiye nou ak ekipman espirityèl Bondye bay la. Pòl bay yon deskripsyon sou ekipman sa a nan lèt li te ekri kretyen Efèz yo. Remake apot la egzòte nou pou nou “ abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la ”. Èske nou abiye nou ak tout ekipman espirityèl sa a ? Nan ane k ap vini an, li ta bon pou nou egzamine tèt nou pou nou asire nou nou abiye nou ak tout ekipman sa a nèt e pou nou sèten li byen chita sou nou. Ènmi nou an, Satan Ledyab, konnen feblès nou, e l ap chèche atake nou pa sipriz oswa l ap chèche atake nou kote nou pi fèb la. Nou gen “ yon lit ” n ap mennen kont fòs espirityèl mechan yo. Men, grasa fòs Jewova ban nou, n ap rive ranpòte laviktwa ! — Efezyen 6:11-18 ; Pwovèb 27:11.
19. Si nou andire, ki privilèj n ap genyen ?
19 Jezi te di disip li yo : “ Grasa andirans nou, n ap rive genyen nanm nou. ” (Lik 21:19). Nou swete pou nou pami moun ki andire tout kalite eprèv fidèlman, e konsa, grasa bonte Bondye moun pa merite a, n ap gen privilèj “ kenbe fèm e n ap wè delivrans Jewova ap bay la ” !
Ki repons nou ta bay ?
• Ki evènman kaptivan ki pral genyen byento ?
• Ki jan Jewova te demontre li gen pouvwa pou l delivre sèvitè l yo nan ane 1513 anvan epòk nou an ?
• Ki sa w detèmine pou w fè alavni ?
[Antrefilè nan paj 22]
Men tèks pou ane 2008 la : “ Kenbe fèm e n ap wè delivrans Jewova ap bay la. ” — Egzòd 14:13.
[Foto nan paj 19]
“ Tout bagay ki te ekri nan tan lontan yo te ekri pou enstriksyon nou. ”
[Foto nan paj 20]
Lefètke Farawon te gen tèt di, sa te mennen peyi Ejip nan katastwòf.
[Foto nan paj 21]
Izrayèlit yo te delivre paske yo te fè tout sa Jewova te ba yo lòd pou yo fè.