BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 48 p. 116-p. 117 par. 1
  • Pitit gason yon vèv resisite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pitit gason yon vèv resisite
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Jewova te rekonpanse vèv Safat la pou lafwa l
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la
    Annou imite lafwa yo
  • Èske w konn santi w poukont ou epi w pè?
    Anseye pitit ou
  • Jewova te bay Eli fòs
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 48 p. 116-p. 117 par. 1
Eli k ap rele yon vèv k ap ranmase bwa pou l fè dife.

LESON 48

Pitit gason yon vèv resisite

Yon krich farin ak yon krich luil.

Pandan sechrès la, Jewova te di Eli: ‘Ale Safat. Gen yon vèv lòtbò a ki pral ba w manje.’ Pandan Eli nan pòtay vil la, li wè yon vèv malerèz k ap ranmase bwa. Li mande vèv la yon ti dlo pou l bwè. Pandan l pral chèche dlo a, Eli rele l, li di l: ‘Tanpri, ban m yon ti pen tou.’ Men, vèv la di l: ‘Mwen pa gen pen pou m ba ou non. Ti farin ak luil mwen gen lakay mwen an se pou m fè yon ti manje pou mwen ak pitit gason m nan.’ Pwofèt Eli di l: ‘Jewova fè yon pwomès, li di si w fè yon ti pen pou mwen, farin ak luil ou genyen an pap janm fini pou jis lapli tonbe ankò.’

Se konsa, vèv la t al lakay li e l te fè pen pou pwofèt Jewova a. Jan Jewova te pwomèt la, vèv la ak pitit gason l lan te toujou gen manje pou yo manje pandan sechrès la. Krich farin li an ak krich luil li a te toujou plen.

Annapre, gen yon malè ki te rive l. Ti pitit gason vèv la te vin tèlman malad, li mouri. Vèv la sipliye Eli pou l ede l. Eli pran tigason an nan bra l, li pote l al nan yon chanm ki anlè kay vèv la. Li mete l kouche sou yon kabann, epi l priye, li di: ‘Jewova, tanpri, fè tipitit sa a retounen viv ankò.’ Èske w konn pou ki rezon se t ap yon gwo bagay si Jewova ta fè timoun nan rejwenn lavi ankò? Paske, selon sa n konnen, pa t gen okenn moun mouri ki te leve anvan sa. Mete sou sa, vèv sa a ak pitit gason l lan pa t menm Izrayelit.

Men, tigason an te rejwenn lavi ankò e l te kòmanse respire! Pwofèt Eli di vèv la: ‘Gade! Pitit gason w lan vivan.’ Se pa ti kontan vèv la te kontan! Li di Eli: ‘Se moun pa Bondye w ye toutbon. Mwen konn sa paske se sa Jewova di w ou di moun.’

Eli k ap bay vèv la pitit gason l lan ki resisite.

“Gade kaw yo byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, e yo pa gen depo manje. Men, Bondye ba yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase zwazo?” — Lik 12:24.

Kesyon: Ki jan vèv nan vil Safat la te demontre li fè Jewova konfyans? Ki jan n fè konnen Eli te yon pwofèt Bondye toutbon?

1 Wa 17:8-24; Lik 4:25, 26.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje